Mond lan pran peche kòm gnou blag. Peche pou yo konn sèlman gnou ti distraksion, gnou plezi. Min pou Bondieu peche se gnou ofans. Ofans lan, si li kontinue san padon nan Kris ki te soufri, mouri pou peche, ap anpeche gnou moun antre nan sièl lan paske gnou pechè ki pa padone paka rantre nan sièl lan. Plas pechè sa-a se nan lanfè kote peche li yo gin pou yo juje. Jou sa jodi a Bondieu ba ou an se gnou opòtunite Li ba ou pou ou ka chape jujman Li nan lanfè. Se gnou jou Li ba ou pou ou ka a-l jouinn Pitit Li an ki te soufri sou la koua akoz peche ou yo pou lè ou mete konfians ou nan Li pou ou ka sove, pou ou ka soti anba kondanasion etènèl lan nan lanfè. Oui, peche konn dous. Peche konn gnou distraksion, gnou plezi agreab. Min pou Bondieu se gnou ofans li ye. Pou Bondieu se gnou travay li ye. Travay sa, tankou tout lòt travay, gingnin gnou salè:
“Salè peche, se lanmò...” (Romin 6:23)