Li antre, petèt, paske li rinmin son tit lan, pou-l tande moun ap plede rele-l ‘papa, mari, bòs, direktè, chèf oubyin prezidan.’ Anpil refleksion fèt avan-l aji. Li pran gnou desizion. Jèn gason an mande madmouazèl lan mariaj. Jenès lan aplike pou pòs travay lan. Sitouayin an fè kanpay pou pòs leta. Li bon epi l-antre.
Plas lan e tit lan bèl vre min se pa tout moun ki kalifie pou yo. Gnou moun san lanmou, san pasians, san sansiblite, san pitie e san padon pakab ni gnou bon mari, ni gnou bon papa. Gnou moun san vizion, san objektif, san integrite e san karaktè ki okupe gnou pòs antre pou fè dega. Li ka gin bon intansion, min vètu sa yo-l manke an ap akoz li kite antrepriz lan oubyin peyi an pi mal ke jan-l te jouinn li an.
Gnou lòt rezon vètu sa yo nesesè pou lidè an se akoz moun l-ap dirije yo. Ap toujou gin moun ki kanpe avè li pou travay lan avanse, min, dèske plas lan souvan vini avèk anpil bèl privilèj, gnou kantite mouayin, pouvoua, otorite e gloua, ap toujou gin moun ki kont li, moun ki vle pou li echoue paske yo jalou. Lidè an, tou, konn okouran inpe infòmasion moun l-ap dirije yo pa gingnin. Moun yo, pou rezon sa, souvan mal-konprann li, pale li mal, akuze-l. Yo konn minm supòte gnou lòt moun k-ap chache detri yo olie yo kanpe avè-l, moun k-ap konbat pou yo an. Nan fènoua sa-a, vètu yo klere chemin lidè an, ba-l kouraj pou-l kontinue batay lan, pou-l kontinue sèvi gnou pèp ki devalorize-l e travay li. Lidè nan tout nivo rankontre opozision, kòmanse avèk manman k-ap dirije kay lan, anbrase polisie ki nan laru an, rive sou prezidan anndan palè an.
Kris pa-t fòse antre. Li te fèt gnou Lidè. Maj yo te mande Eròd pou moun lan ki te fèt roua Jouif yo. Anj Gabrièl te avètize Mari, manman Li, ke Bebe-l lan t-ap fèt Pitit Bondieu. Li te Kreatè an avan-L te pran nesans. Min majorite moun pa-t pran-L pou plus ke gnou lòm. Pou yo, Li te gnou sinp chapant. Gin lòt ki te pran Li sèlman pou gnou profèt oubyin gnou profesè. Gnou kantite moun te minm gade Li kòm gnou fo profèt. Yo te di Li te gin gnou demon. Jalouzi farizyin yo te pouse yo fè pèp lan trayi Li, mande Pilat krusifikasion Li. Disip Li yo te abandone Li. Sou la koua, nan moman Li t-ap travay pou jouinn salu pou yo, moun yo t-ap meprize Li. Yo t-ap chache dekouraje Li. Min Kris te kontinue travay lan paske Li te gin vizion. Li te gin objektif. Vètu Li yo te fè Li rete fèm an fas tout sa ki te vini pou eseye fè-L echoue. Nou p-ap janm jouinn gnou lòt Lidè tankou Li:
“Fils de-lòm nan vini, pa pou yo sèvi li, min pou li sèvi, epi pou bay la vi li kòm pri delivrans anpil moun”
(Mak 10:45)