Lòm, depi nan nesans li, se gnou mò espirituèl. Pitit pastè an fèt mouri tankou pitit ougan. Kris, Lavi Etènèl lan, te vini kòm gnou Lòm avèk lavi etènèl pou nou (1 Jan 1:1-2, 3:15).
Nostik (anti-Kris) yo ki nie Jezu kòm Kris lan kont temouagnaj apòt yo e yo kont temouagnaj Bondieu ki konfime ke Jezu se Kris lan, Pitit Bondieu an (1 Jan 1:1-4; 5:6, 11-12). Inpe nan anti-Kris yo te di espri Kris lan te desann sou Jezu nan batèm Jan Batis lan, ki te akoz li tanporèman devni gnou Kris pandan touazan ministè Li an. Espri Kris lan, yo kouè, te kite Jezu avan Li te mouri. Nonm ki te mouri sou la koua, pou yo, se te gnou sinp òm. Li te viv, soufri, mouri, antere epi Li te tounin pousiè tankou tout moun, ki vledi, pa-t gin rezureksion e pa-p gin gnou retou, paske espri Kris lan te gintan abandone Li.
Paròl Bondieu konfime ke Li te Kris nan dlo batèm Jan paske Li te Kris nan san, ki vledi, depi nan vant Mari, manman Li, Jezu te gintan Kris lan (1 Jan 5:6). Temouagnaj Sintespri, temouagnaj dlo an (kounye-a, dlo an reprezante la Paròl Bondieu), e temouagnaj san an, se ke, Jezu se Kris lan (1 Jan 5:7-8). Li te Kris nan vi, soufrans, lanmò e rezureksion Li. Kris lan k-ap retounin pou pitit Bondieu yo nan la gloua se Jezu (1 Jan 3:2).
Nan tribunal umèn, temouagnaj de oubyin toua temouin-fidèl aksepte—min temouagnaj Bondieu infiniman pi fidèl ke temouagnaj lòm. Moun lan ki rejte mansonj anti-Kris yo, ki rive aksepte Jezu kòm Kris lan, resevoua temouagnaj Bondieu an konsène Pitit Li an. Gnou moun, o kontrè, ki rejte Jezu kòm Kris lan pran Bondieu pou gnou mantè paske li rejte temouagnaj Bondieu de Jezu Kris, Pitit Li an (1 Jan 5:9-10). Dèske Bondieu sèvi kòm temouin pou Pitit Li e pou travay Li sou la koua, Jan prezante nou temouagnaj Li an.
Temouagnaj Bondieu, premieman, se ke, Jezu se Kris lan, Pitit Bondieu an. Bondieu, dezièmman, temouagne ke kouayan yo posede lavi etènèl. Kado lavi etènèl lan ke yo te bezouin an e ke yo te jouinn lan rezide nan Pitit Li an. Sa vledi, moun ki gin Pitit lan gin lavi e moun ki pa gin Pitit Bondieu an pa gin lavi (1 Jan 5:11-12).
Apòt lan te gintan devouale nou kòman gnou moun kapab gin Pitit lan e kisa ‘gin Pitit lan’ signifie. Jan te di nou ke Li te vini avèk san. Inpòtans san an, se ke, se san Li ki te vèse an ki kapab netouaye nou e ki kapab ban nou lavi etènèl (1 Jan 1:8; 5:6). Nou rive aplike san an lè nou mete konfians nou nan Li (1 Jan 5:1). Rezulta konfians nou nan Li, se ke, nou posede lavi etènèl (1 Jan 5:11-12). Moun ki resevoua Li an non sèlman gin lavi etènèl min li se gnou pitit Bondieu paske li te pran nesans nan Bondieu (1 Jan 3:1; 5:1).
Gnou moun ki anbrase ansegnman anti-Kris (nostik) yo, ki nie Jezu kòm Kris lan, pèdu aksè a tout benediksion sa yo.