Lavi etènèl Kris lan ouete kouayan nan fènoua Satan e-l mete-l nan lumiè Bondieu. Gnou moun Kris sove se gnou moun ki pa pran peche kòm gnou plezantri min gnou pouvoua tenèb ki t-ap toufe e toumante li. Moun lan pa-p anvi retounin anba opresion tenèb sa-a ankò. Ninpòt moun ki pran plas gnou kouayan k-ap mache nan fenoua peche se gnou mantè (1 Jan 1:6).
Min kouayan pako parfèt. Moun lan ki di-l nan Kris ki di li pa gin natu peche e li pa konmèt peche, verite Bondieu an pa nan li. Moun sa-a se gnou mantè e Paròl Bondieu pa demere nan li (1 Jan 1:8, 10).
Min Jan deklare nou ke lavi etènèl, pou vrè kouayan an, se pa gnou libète pou-l fè peche (1 Jan 1: 1-4). Verite an ke nou tout se pechè, pou kouayan, se pa gnou pretèks pou-l retounin nan inikite (1 Jan 1:8-10). Jan ede nou konprann ke verite sa-a ap plus ede vrè pitit Bondieu an evite fè peche (1 Jan 2:1). La Paròl Bondieu realis e-l rekonèt, byin ke nou pa ta vle fè peche, min nou kapab tonbe kan-minm.
Kris nan rezureksion-L se solusion Bondieu pou nou ak problèm sa-a paske se avoka nou Li ye, ki la pou soutni nou pou nou pa tonbe e pou ede nou leve ankò si nou ta rive tonbe (1 Jan 2:1). Epi, nan soufrans e lanmò Li, Kris te retire peche nou pou nou kakap rive nan sièl lan. Sakrifis Li an, an minm tan, se satisfaksion Bondieu etènèlman an regad peche nou pandan nou vivan e pou lè nou rive nan etènite. Travay Kris lan garanti gnou vrè kouayan ke Bondieu paka janm abandone-l. Li gin pou-L korije (disipline) min Li p-ap jete paske Li satisfè nan Kris.
Nou-minm, kouayan yo, n-ap viv bonè sa yo min Kris pa la pou nou sèlman. Kris e sakrifis Li an la pou mond lan. Sinpleman, mond lan nan inkredulite e rebelion li chouazi rejte Li etan kouayan, li-minm, li resevoua Li e l-ap viv bonè Li yo (1 Jan 2:2).
Min gnou kesion ki ta doue fòme nan panse nou se kòman gnou kouayan kapab idantifie gnou lòt kouayan? Nou idantifie lin-e-lòt nan atitud nou anvè kòmandman Kris yo. Se pa anvè kòmandman Moiz yo, non, min se anvè kòmandman Kris yo (1 Jan 2:3; 5:21). Gnou moun ki resevoua Kris, par mouayin le Sintespri, resevoua gnou lanmou pou Bondieu e gnou lanmou pou lòt pitit Bondieu yo. Kris kòmande lanmou antre kouayan-L yo. Min gingnin pluziè diferans antre Moiz e antre Kris kòm moun ki te bay kòmandman: Jan ba nou gnoun nan diferans yo. Lavi etènèl Kris lan bay kouayan Li yo fòs pou yo obei Li. Moiz, o kontrè, pa-t ka bay pèp Israel lan fòs sa-a pou yo te obei kòmandman li yo (Jan 13:34-35; 1 Jan 5:21). Se pou sa Jan di nou, moun ki di li konnin Kris min ki pa rinmin lòt Kretyin se gnou mantè e la verite pa nan li (1 Jan 2:4). Min moun lan ki gin paròl la foua e ki gin obeisans, non sèlman li gin lanmou Bondieu an nan li, min lanmou an parfèt nan li, ki vledi, moun lan ap grandi nan lanmou (1 Jan 2:5).
Finalman, moun lan ki resevoua lavi etènèl nan Kris demere nan Kris e, paske li demere nan Kris, li paka pa chache imite mach-pie Kris (1 Jan 2:6).