“Antre nan pòt etouat la. Paske pòt ki laj la, ak chemin ki laj la kondui nan pèdusion, e gin anpil moun ki pase ladan yo. Min pòt ki etouat la ak chemin ki etouat la kondui nan la vi, e pa gin moun ki jouinn yo...” (Matie 7:13-14)
Ninpòt kote nou prale, gin gnou rout nou doue pran pou nou rive. Ou paka gin plan pou ou kite Port-au-Prince ale Jacmèl pou ou pran Rout National 3, pou ou-ap monte nò. Rout pou ou ka rive Jacmèl se Rout 4 (Rout de L’amitié).
Konsa, tou, si ou gin plan pou ou rive nan sièl lan, ou paka nan rout laj lan. Epi, tou, si destinasion ou se lanfè, ou paka nan rout just (etouat) lan. Se rout ou pran k-ap deside destinasion ou.
Rout laj lan pa sèlman laj min li gingnin gnou gran pòtay, ki akoz li gin anpil moun k-ap desann ladann. Pòt lan e chemin an laj, ki vledi, li anbrase tout bagay (tout ideoloji, tout relijion, tout ansegnman), ki fè rout sa trè agreab nan zie lòm. Gnoun pa gin doua di lòt ke pa-l lan pi bon. Yo aprann viv ak diferans ki egziste antre yo. Sèlman, se fè efò pou gnoun respekte lòt paske tout sa yo anbrase, tout sa yo pote antre nan pòt laj lan, ke y-ap desann avè-l nan rout laj lan, se opinion lòm. Pòt sa-a e chemin sa-a reprezante mond lan ak tout relijion ki ladann. Tout moun yo fanatik gnou doktrín ki jouinn rasín li nan ide e panse lòm. Moun yo ki nan chemin sa-a kouè nan bagay sa yo pou minnin yo nan sièl oubyin minnin yo nan gnou paradi. Min rout sa-a pa de Dieu. Injeniè li se satan. Destinasion moun ki nan rout sa-a se pèdusion (destruksion) nan lanfè.
Rout laj lan fasil. Nou pa bezouin chache li paske se la nou tout fèt. Ideoloji ki ladann yo anpil paske lòm gin plus ke si-mil ane y-ap kontribue e y-ap ògmante sou doktrín e ideoloji Kayin ki te tue Abèl lan te ba yo. Ninpòt relijion, teori, ideoloji e panse ke ou-ap chache ou-ap jouinn ladann. Pou tan, yo gin gnou bagay ansanm. Yo tout kouè nan panse e zèv lòm pou gnou moun kapab antre nan paradi—min se pou sa yo ki kouè nan paradi. Paske gin sa ki kouè ke tout bagay fini nan lanmò oubyin, apre lanmò, n-ap retounin sou tè-a ankò kòm gnou lòt moun, oubyin gnou bèt, pie boua oubyin ròch.
Vrè rout lan (Kris), o-kontrè, Rout ki minnin moun nan sièl lan, just (li etouat). Rout lan pa sèlman just, non, min pòtay lan just, tou. Pa gin espas pou nou antre ak pil ideoloji e panse nou. Pa gin espas pou zèv nou.
Pou rezon sa-a, pasaj lan di pa gin moun ki jouinn li. Pòtay sa-a ak chemin sa-a pa atiran nan zie mond lan. Li trò jinnin. Kris se pòt la (Jan 10:9) e Kris se chemin an ki minnin nan sièl (Jan 14:6). Bondieu pa rekonèt okinn lòt chemin ankò. Ou ouè jan li jinnin?
Chemin e pòtay laj lan fasil paske se la lòm fèt. Li pa mande okinn chanjman. Sèlman, kontinue jan ou te rantre an, pran sa ou VLE nan rout lan e vag sa ou pa vle juska ou antre nan pèdusion.
Rout ki just lan, o-kontrè, pa gin moun ki fèt ladann. Tout moun bezouin deside kite rout ki laj lan, pou yo pase nan pòt just (etouat) lan, pou yo ka rantre nan rout just (etouat) lan. Dèske moun lan ANTRE se gnou choua pèsonèl. Moun lan ouè danje li nan gran rout lan. Li ouè delivrans ke rout just lan ofri. Li deside antre nan rout ki just lan par mouayin pòt just (etouat) lan.
Otomatikman, lè nou di se gnou choua, nou konprann ke fò moun lan gin ase maturite pou li fè choua sa-a selon li-minm. Paran paka fè-l pou pitit e pitit paka fè-l pou paran. Gnou moun paka egzije gnou lòt moun fè li. Pa gin pouse moun anndan pòt sa-a. Moun lan nan kè li deside fè sa devan Bondieu e li al jouinn Bondieu (Kris) dirèk.
E ou k-ap suiv nou an? Ki destinasion ou? Si ou nan chemin laj lan, ou ka panse (oubyin kouè) ou-ap antre nan sièl lan min se pa vre. Se chemin an ki deside destinasion an. Destinasion ou se lanfè.
Ou minm ki vle antre nan sièl lan, fè choua pou Kris jodi a. Mete konfians ou nan Li paske Li te soufri-mouri akoz peche ou. Kouè nan Li nan kè ou pou ou ka jouinn padon. Nan moman ou fè sa-a, ou-ap tou antre nan rout just (etouat) lan. Sièl lan tou garanti ou nan moman sa-a paske se chemin an ki deside destinasion an.