Mesaj levanjil lan rete minm tout kote gnou moun ale nan Bib lan, kit nou nan Levanjil yo (Matie, Mak, Luk e Jan) nan istoua (Travay), oubyin nan lèt yo (Romin juska Revelasion).
Gingnin moun ki di ke apòt Pòl preche gnou levanjil la foua, min Jak preche gnou levanjil zèv. Min pa gingnin gnou vrè diferans antre levanjil apòt Pòl e levanjil Jak preche e ansegne an.
Moun apòt Pòl t-ap travay avè yo te pi plus kouè ke zèv te nesesè pou salu an. E si zèv te ka sove, Kris pa t-ap bezouin vín mouri. Li te ka rete nan sièl lan epi etan-L te la, kòmande lòm fè zèv pou lòm te ka sove. Min, situasion lòm sitèlman ba, nou pa-t ka e nou pa ka kontribue angnin nan salu nou avan e apre nou resevoua Kris. La Bib pa di nou te fèb, non, paske sa ta-p di ke nou te gingnin gnou ti travay nou te ka fè, min li di “nou te ankò san fòs” (Romin 5:6). Salu nou kòmanse ak gras e li fini ak gras—e definision gras se gnou bagay nou pa merite:
“Paske se avèk la gras ke nou sove, gras-a la foua. Sa pa sòti nan nou-minm se kado Bondieu. Se pa gras-a zèv, pou pèsonn pa louanje tèt yo”
(Efezyin 2:8-9)
“Si se dapre la gras, se pa dapre zèv; sinon la gras pa gras ankò. Si se dapre zèv, se pa gnou gras ankò, sinon zèv la pa zèv ankò”
(Romin 11:6)
Rezon ki fè Jak mete aksan sou zèv se paske (li sanble) moun li t-ap travay avè yo an te panse ke nan salu an, Bondieu ba ou li e ou ka pran li pou ou antre nan sièl e apre ou sove ou ka ale binyin nan peche. Minm apòt Pòl te gin kèk moun konsa pami li:
“Min si manti mouin sèvi pou fè verite Bondieu parèt avèk plus la gloua ankò, pouki sa pou yo juje-m kòm pechè? E pouki sa nou pa ta fè mal pou byin kapab sòti ladan, jan kèk moun mal-palan pretann ke nou di? Min moun ki merite kondane”
(Romin 3:7-8)
Travay Jak se pou li montre ke lè gnou moun gin lafoua (nan Kris) se gnou vrè lavi ki manifeste tèt li nan aksion moun lan.
“Frè-m yo, sa sa sèvi gnou moun DI ke li gin la foua, si li pa gin zèv ki soti nan la foua? Eske la foua kapab sove li”
(Jak 2:14)
Jak pa di moun lan gin la foua, non, min ke moun lan di li gin la foua. Nou ka di nou bilionè min sa pa fè nou bilionè pou sa. Se pou sa Jak bay egzanp frè-a ki grangou an (Jak 2:16). Li vle di, annik di moun lan “ale...chofe kò nou, manje kont nou” (v.16) pa regle angnin. Prononsman paròl lan pa ba moun lan sa-l bezouin an. Se “ba yo sa ki nesesè pou kò yo” se sa ki gin valè. Annik di paròl pa kreye realite. Annik di ou gin la foua pa vle di ou gin la foua tout bon vre.
“Se konsa tou pou la foua: si li pa gin zèv, li mouri nan li-minm”
(Jak 2:17)
Jak prezante zèv kòm manifestasion la foua. La foua invizib, antre moun lan e Bondieu. Lòt moun paka ouè-l. Kòman nou ka ouè la foua? Nou ouè la foua nan zèv.
“Ou minm, ou gin la foua e mouin-minm m-gin zèv; ebyin, montre-m la foua ou san zèv, e M-A MONTRE OU LA FOUA-M NAN ZÈV MOUIN”
(Jak 2:18).
Jak bay de (2) egzanp moun ki sove ak zèv: Abraam e Raab. Min gade referans yo byin. Pou Abraam, li te sove nan Jenèz 15:6 selon sa apòt Pòl di nou nan Romin 4:3. Sa te rive plus ke kinz (15) an avan Izaak te fèt e li te obei Bondieu pou sakrifie Izaak nan Jenèz Chapit 22. Lè sa-a, Izaak te gnou gran ti gason paske se li ki te pòte boua yo pou sakrifis lan.
Minm bagay lan pou Raab. Li te di espion Jozue yo ke li te tande tout sa Bondieu te fè pou yo lè yo te kite Ejip e tout sa Bondieu te fè pou yo nan dezè a (Jozue 2:9-13). Lè espion yo te vini, Raab te gintan kouè.
Min poukisa Jak di nou se lè Abraam te ofri Izaak ke li te sove min apòt Pòt di nou salu Abraam te rive plus ke vin-konbyin-tan davans? Poukisa li di nou se ‘zèv resevoua espion yo’ ki te sove Raab lè-l te gintan gin la foua nan Dieu Izraèl lan e se la foua sa-a ki te fè li ede yo?
Repons lan, se ke, pou Jak, se zèv de (2) moun sa yo ki fè gnou moun ouè la foua yo? Devan Bondieu, Abraram te gintan sove nan Jenèz Chapit 15: 6, min se nan Chapit 22 nou ouè salu sa-a (la fou-a) parèt. Raab sanble li te gintan sove e devan Bondieu li te gintan gin (la foua) salu an. Min nou pa-t ka konnin-l te gin la foua si li pa-t resevoua espion yo. E nou ka minm di—Abraam te gin pou li ofri Izaak paske li te gin la foua. San la foua Jenèz 15:6 lan, li pa t-ap ka ofri Izaak. Ou ka di, tou, fò Raab te resevoua espion yo paske la foua li te gintan gingnin an te fè sa nesesè.
Apòt Pòl preche salu an ki rive gnou moun moman li kouè an, gnou salu ki egziste antre moun lan e Bondieu. Min Jak ap pale sou salu an lè li fè tèt li parèt nan zèv gnou moun ki sove.
“Minm jan gnou kò ki san nanm mouri, konsa la foua ki san zèv mouri tou”
(Jak 2:26)
La foua ki san zèv lan se gnou moun ki annik di li gin lafoua avèk bouch li san realite—san Bondieu pa rekonèt li, san li pa resevoua Kris. Minm jan si nou ta di nou se bilionè san nou pa gin bilion dola sou kanè nou: paròl sa se paròl san realite.
Salu Bondieu an ki nan Kris byin fasil. Li koute Bondieu chè. Li te koute Bondieu Pitit Li an. Salu Bondieu an te koute le Segnè Jezu chè, li te koute Li lavi Li—e tout soufrans Li te bezouin subi sou la loua. Fòk san Li te koule. Li te koute Bondieu chè min li pa koute nou angnin. Te gin gnou nonm ki te mande apòt Pòl e Silas kòman li te ka sove. Apòt lan pa-t ba li gnou basin zèv pou-l te fè. Li pa-t voye li batize. Li pa-t pran gnou vouayaj avè-l Jeruzalèm pou legliz lan prie pou li. Apòt lan pa-t minm prie sou tèt li pou-l te sove-l. Kisa li te di li:
“Mesie, ki sa-m doue fè pou-m sove? Pòl ak Silas reponn: ‘KOUÈ NAN LE SEGNÈ JEZU E OU VA SOVE...’ “
(Travay 16:30)
Si ou ta resevoua le Segnè Jezu Kris kote ou ye-a kounye-a (lakay ou, nan travay), Bondieu fè ou konnin ke tout peche ou t-ap gintan padone nan moman ou kouè-an selon tròn jujman Li. Pa gin angnin ou t-ap bezouin fè pou ou te ka vín pi sove. Pa t-ap gin angnin ki te ka fè ou pèdu salu sa-a.
Min, selon Jak, si gingnin la foua, fò ou kite lavi ke Bondieu ba ou an nan Kris parèt tèt li nan zèv. Fòk ou lir Bib ou. Ou pa doue viv nan peche. Fòk ou batize kòm gnou temouagnaj pou fè moun konnin publikman ke lè ou te sove an, ou te mouri e ou te leve ak Kris. Batèm lan pa-p mete sou salu ou paske moman ou te kouè an ou te sove e ou te sove nèt, min l-ap sèvi kòm gnou temouagnaj ki di ke, publikman, ou vle pou tout moun ouè ke ou idantifie ak Sovè ou an, le Segnè Jezu Kris.