(Jan 4:1-30)
Nou toujou di gnou moun resevoua lavi etènèl, se pa par-mouayin gnou batèm, priè gnou moun fè pou li, oubyin gnou deklarasion li fè ak bouch li. Non, nou toujou ansegne ke gnou moun resevoua lavi etènèl nan kè li lè li rekonèt peche li e li mete konfians li nan Kris. Se nan moman sa moun lan jouinn salu an (Jan 1:12-13; 3:1-18, v.36).
Istoua dam Samaritèn lan (Jan 4:1-30) fè nou ouè gnou moun ki sove konsa.
Le Segnè Jezu t-ap kite Jude nan sud lan pou li te monte Galile nan nò a. Pasaj lan di nou ke “li te oblije pase nan Samari” (Jan 4:4). Oui, si memoua nou kòrèk nan jeografi an, pase anndan Samari an te pi fasil. Pou tan, paske Jouif yo te ènmi avèk Samaritèn yo (v.9), Jouif yo te fè espre, yo te pran rout ki pi long lan pou yo pa-t antre Samari.
Jezu ‘te oblije pase pa Samari’ se pa paske Samari te pi konvenab. Li te ouè gnou dam ki t-ap nouaye nan peche ki te souaf delivrans. (Li te ouè lòt moun yo, tou, ki te gin pou yo te sove par mouayin temouagnaj dam lan, vv.39-42). Se pou sa Kris te oblije pase Samari.
Segnè a te rive Samari a midi (sizièm è an, v.6). Moun ki etudie koutum zòn sa e tan sa di, medam yo te abitie ale nan pui an bonè-matin avan solèy lan vín trò cho. Min se lè sa-a dam Samaritèn lan te vín brote dlo (v.7). Yo di, dam sa-a te vini ta konsa pou li te ka evite lòt medam yo paske yo tout te konn dosie li, ki kalite vi sal li te konn minnin ak mesie yo.
Jezu te vini e li te kòmanse dialoge avèk li minmsi, li sanble, pou koutum tan sa yo, gnou gason pa-t pale avèk gnou fi gnou kote publik konsa (v.27).
Premie bagay Kris fè se mande fi an pou gnou ti dlo (v.10). Nou konnin, minm si Li se Dieu, kòm gnou lòm, Li te vrèman souaf. Min nou ankouraje ou chache ki kote dam lan te janm lonje dlo an ba Jezu. Ou pa-p jouinn li. Minm apre fi an resevoua lavi etènèl (v.26), Kris pa sonje fi an de dlo an ke li pa-t ba Li an. Sa di nou ke, nan levanjil lan, Bondieu pa antre nan vi nou paske li vle afè nou, kòb nou, manje nou, tan nou, kay nou e lòt bagay nou gingnin. Li pa antre pou Li pran min pou Li bay. Oui, apre Li sove nou, tout sa nou gingnin se pou Li, e pa gin pi gran onè pase privilèj sa-a ke nou ka sèvi Bondieu avèk byin nou. Min Li intèrese nan nou. Se pa sa nou gingnin ki intèrese Li. Relijion intèrese nan pòch ou, kapasite ou e sa ou ka kontribue. Sa se relijion. Min se pa Bondieu. Nou minm k-ap preche levanjil lan, ki reyèlman konn Kris e ki konn verite an, an nou mande Bondieu pou Li sonde kè nou pou nou ka ouè kisa ki objektif nou: sa moun lan posede ki ka benefisie nou oubyin salu nanm moun lan?
Fanm lan etone; non sèlman gnou gason, min gnou Jouif, ap mande li dlo (v.9). Kris devouale ignorans fi an de idantite Li kòm Pitit Bondieu an (3:16) e gran don sa-a, ki se lavi etènèl, Li vini pou Li ba fi an, ke Kris rele dlo vivan (v.11). Fi an pa konnin kiyès Li ye e ki don Li vle ba li. Kris rele lavi etènèl ‘dlo vivan’ paske lè gnou moun resevoua lavi etènèl, li antre anndan moun lan, rete la ap jayi lavi etènèl san rete. Moun lan, dèske li sove e li sove etènèlman, pa-p janm souaf lavi Bondieu-a ankò (v.14).
Fanm lan te panse, o-kòmansman, Kris t-ap pale de gnou dlo naturèl (v.10), min Kris prezante dlo Li ofri fi an kòm gnou dlo ki diferan ak dlo pui an fi an te vín brote an. Li di li “tout moun ki bouè dlo sa-a” an palan de dlo pui an. Min Li kontinue e Li di “ninpòt moun ki va bouè dlo sa m-a ba li a...” (vv.13-14). Sa vledi, minm si gingnin gnou konparezon antre yo, dlo yo pa minm. L-ap ede fi an ouè ke Li pa-p pale de gnou bagay naturèl min gnou bagay espirituèl. Fi an sanble li resevoua gnou ti kras lumiè lè li di Kris “ban mouin dlo sa a” (4:15). Min ta sanble, nan panse li, dam lan te mele espirituèl lan ak naturèl lan. Min Kris te satisfè ak konpreansion fi an ase pou Li te avanse avèk li.
Kris te vle ba fi an lavi etènèl e fi an te vle lavi etènèl. Min avan Li te ka ba fi an lavi etènèl, li te nesesè pou Li te mete min sou peche fi an: “ale rele mari ou, e tounin isit” (Jan 4:16). Si pa gingnin gnou vrè repantans, paka gin lavi etènèl.
Nou ouè tout rout fi an pase pou li evite adrese problèm peche li an. Li di Kris li pa gin mari (v.17), ki se, gnou verite, min ak repons sa-a, li t-ap eseye sere peche ke li t-ap konmèt lan kounye-a. Li t-ap viv nan fònikasion paske Kris di li te pase sink mari e nonm li te gingnin an kounye-a, se plase li te plase avèk li (4:18). Se nan moman sa li kòmanse ouè Kris pa-t ninpòt moun. Fi an te gin pou li te dekouvri Li kòm Kris lan, Pitit Bondieu an (4:26), min, pou kounye-a, li pran Kris kòm gnou profèt (v.19). Nou konnin sa pa-p ase pou li ka sove min se gnou kòmansman kanminm.
Min an nou ouè jan dam lan te eseye justifie tèt li. Si Kris se gnou profèt l-ap pale avèk Kris de relijion zanzèt li yo (v.20) pou li petèt ka antre nan gnou diskusion antre relijion Samaritèn yo ak relijion jouif yo (v.20).
Kris montre li, Bondieu pou le moman pa intèrese nan adorasion nan mòn yo ni nan adorasion tanp lan ki Jeruzalèm (v.21). Oui, antre relijion Samaritèn yo ak relijion Jouif yo, sa Bondieu te rekonèt se te relijion Jouif yo paske se nan liv Li te ba Jouif yo an (Ansyin Testaman) ke nou jouinn promès salu an nan Kris, e se nan nasion sa-a Kris te sòti. Min, Papa-a pa intèrese nan seremoni Jouif yo ankò. Li vle pou adoratè Li yo adore Li ann-espri paske yo sove epi yo posede le Sintespri—e pou yo adore li an verite, nan sans ke, adorasion yo an konfòme ak lumiè ke Kris pòte an. Ansyin testaman se lonbraj lan. Kris se realite an. Ansyin testaman se toujou Paròl Bondieu. Nou doue lir li. Nou doue etudie li. L-ap ede nou pi konprann sa nou gingnin kounye-a—min, nan tan gras nou an, nou sòti anba lonbraj lan ki t-ap pale nou de venu Kris lan. Kounye-a, nou nan realite Kris lan ki gintan vini an (4:22-24).
Kris fín ba fi an lumiè sa yo, ke li nan fènoua moral paske li divòse e l-ap viv nan fònikasion. Non sèlman sa, min fi an nan fènoua doktrinal paske l-ap sèvi gnou Dieu li pa konnin (v.22). E, finalman, l-ap sèvi Dieu sa-a nan gnou fason ke Dieu an pa rekonèt (vv.23-24).
Kounye-a fi an rabese li e li pale Kris sa li VRÈMAN bezouin. L-ap tann Kris lan (Mesi an), Pitit Bondieu an. Lè li rankontre ak Kris, l-ap aksepte ansegnman Kris e l-ap aksepte Kris (4:25). Nan moman sa-a, Kris revele ke, tout tan sa-a, ansegnman li t-ap koute an se te ansegnman Kris lan paske Moun ki t-ap pale avèk li an, se te Kris lan (v.26). Fi an kite pòt dlo an ak kontantman nan kè li paske li jouinn dlo lavi etènèl Kris te promèt lan (v.28) e l-al pale lòt moun yo de Jezu ki akoz yo vini pou yo resevoua salu an li sot resevoua (v.42).
Nou ouè dam sa pa-t fè okinn zèv pou li te ka sove. Nou konnin li pa-p kontinue nan fònikasion ankò. Min Kris pa-t di li chanje vi li avan pou li te ka sove. Kris te sove li avan e, apre salu an, Kris chanje vi li. Dam sa pa-t batize pou li te ka sove. Pa gin moun ki te prie pou li. Li pa-t repete gnou priè.
Dam lan annik tande Paròl Bondieu an, li kouè e li tou sove. Inbin, nou pa sèlman ouè ke gnou moun sove par la foua nan ansegnman min nou sot ouè li sove konsa nan gnou ezanp, tou, nan la Bib, nan tan Kris lan.
E ou minm? Èske se salu sa-a ou gingnin?