"Paske Bondieu pat voye Pitit li nan le monn pou juje lemonn, min pou le monn te kapab sove gras-a li. Pa gin jujman pou sila a ki kouè nan li; sila ki pa kouè nan li fín juje deja, paske li pa kouè nan non sèl Pitit Bondieu a” (Jan 3:17-18)
“Sila ki kouè nan le Fils gin la vi etènèl; min sila a ki pa obeyi Le Fils p-ap ouè la vi, min kolè Bondieu rete sou li” (Jan 3:36)
“Papa a pa juje pèsonn, min li rinmèt le Fils tout jujman” (Jan 5:22)
“Min ki sa lamou a ye, se pa ke nou te rinmin Bondieu, min ke Bondieu te rinmin nou e Li te voye pitit li kòm sakrifis pou peye dèt peche nou yo” (1Jan 4:10).
Jujman Bondieu pou peche nou se gnou salè nou travay pou li. Min, diferans ki gingnin antre salè sa-a e gnou salè nou merite sou tè an, se ke, nou pa vle touche sa-a. Nou pa vle touche e Bondieu pa vle pou nou touche min fò nou touche si nou pa jouinn gnou lòt Moun touche pou nou.
Dezi nou nan mesaj sa-a, ak sekou Bondieu, se pou nou fè ou ouè ke Le Segnè Jezu Kris, kòm Moun lan ki te vín touche pou nou an, merite tout konfians ou.
Gnou jou, gnou legliz t-ap distribue ti boutèy dlo avèk ti ju ba moun nan zòn kote legliz lan te reuni an. Anpil moun te pran. Min gin gnou dam ki te di gnoun nan manb yo gnou bagay li pa t-ap janm blie:
“Mouin pa bezouin sa-a,” li te di mesie a. “Al bay lòt moun ki bezouin li.”
Anpil moun gade salu Bondieu ki nan Kris lan jan fi an te gade boutèy dlo an. Pou fi a, li te gin kòb nan pòch li e li te gin tout kalite bouason lakay li. Li pa-t bezouin ti sa moun yo t-ap ofri an.
Lè La Paròl Bondieu di nou ke
“Kris minm te mouri gnou foua pou tout a-kòz peche yo, jus la pou injus yo” (1 Pie 3:18)
Epi lè Paròl la di,
“San Jezu Pitit li netouaye nou, ouete TOUT peche” (1 Jan 1:7)
Gin anpil moun ki kont sa:
“Salu an gratis?” yo di. “Ou di-m Li ouete tout peche nèt? Pa gin zèv mouin bezouin fè? Non. Sa-a trò fasil. Fò ou kouè e fò ou travay pou salu an.”
Mande yo ki kote Kris oubyin apòt yo mande lòm pou yo travay pou yo merite gras li—merite gras ki se gnou kontradiksion—yo pa ka di ou. Min yo rete fèm ke travay Kris lan pa ase. Yo gin zèv pou yo mete sou li pou yo ka konplete gnou travay ki te gintan akonpli prèske de mil ane avan yo te fèt, gnou travay Kris di ki fini e gnou travay Bondieu jouinn repo ladann selon dezi Li pou-L sove lòm.
Gin toua gran rezon ki fè lòm panse konsa. Gin moun ki vrèman nan fènoua ki pa konn sa Bib lan di. Inpe lòt moun panse ke yo pa trò mal. Yo fè kèk bagay ki pa bon kèlke-foua min yo pa mal-mal tankou vrè pechè yo. Finalman, touazièm group lan pa vle kouè sa Bondieu di. Yo ouè ke La Bib di zèv yo paka sove yo min se lanmò e rezureksion Kris lan sèlman Bondieu rekonèt kòm sous salu an. Yo ouè-l fè sans. Min yo panse nan kè yo, “E si travay Kris lan pa ase?”—minmsi Bondieu deja di li ase. Me sa yo di nan kè yo: “Mouin pa vle pran chans depann sèlman sou travay Kris lan pou minnin-m nan sièl. Fò-m mete sou li pou si li pa ta konsa vre.”
Moun konsa fè Bondieu de gran zak derespektan:
1.) yo di lè-L di travay Pitit Li an ase, se pa vre. Yo rele Bondieu gnou mantè
2.) yo di san Pitit Li an manke valè—travay Li an manke puisans
Kris di Bondieu pa-t voye Pitit Li nan lemonn pou juje...min pou lemonn te ka sove (Jan 3:17-18)
Sila ki kouè nan Li gin lavi...min sila ki pa obeyi Li pa gin lavi min kolè Bondieu etann sou li (Jan 3:36)
Kris te vini sou tè an kòm sovè nou. Bondieu te voye Li kòm sakrifis lan pou peye dèt peche nou ak san Li. Min pa blie sa Kris di nou nan Jan 5:22—Papa-a pa juje pèsonn, min Li remèt Pitit lan tout jujman. Sa vle di, Moun lan ki chita sou tròn lan nan apokalipse 20:11-15 se Jezu Kris.
Ou gin de choua: ou ka repanti e resevoua Li kòm sovè an...oubyin kontinue jan ou ye an e resevoua li kòm Juj lan nan jou sa-a k-ap vini an.
Pa-p gin eskuz nan jou sa-a. Ou paka di ou pa-t konnin. Levanjil Kris lan ofri nou gnou gran sekurite. Ou konn kiyès juj lan ye. Ou konn ki sa Li bezouin pou ou chape jujman Li. Ou minm ki pa resevoua Li jan Li mande an, kisa ou-ap di Li nan jou sa-a?