Justis Bondieu pou lòm nan levanjil lan, ki konsène nesans, vi, soufrans, lanmò e rezureksion Kris lan, te prezante ba nou (1:2-5, 16-17).
Apòt lan te detaye ak anpil presizion problèm nou an, ki se jujman Bondieu akoz peche, ki fè nou bezouin levanjil lan (1:18-3:20).
Epi, finalman, apòt lan te antre andedan salu an e ouvri-l devan nou pou montre nou kòman Bondieu kapab retire peche lòm atravè levanjil lan pou deklare li just, byin ke aksion lòm prouve ke li koupab (3:21-31).
Chemin apòt lan te pase avèk nou an (1:1-3:31) te reponn anpil kesion de salu Bondieu-a. Rout sa-a, an minm tan, te kreye anpil lòt kesion ki mande repons.
Apòt lan te fè konnin ke se avèk travay Kris lan Bondieu sove lòm (3:26-25). Li fè konprann ke gnou moun (jouif osoua payin) jouinn salu an kòm gnou gras par la foua. Nan detay li yo, tou, apòt lan pran tan-l pou montre ke pa gin zèv anndan salu an. Non sèlman sa, li ansegne ke la foua se te toujou fason lòm te jouinn aksè a salu Bondieu an. Min pi gran problèm lan se ke, nan levanjil lan, payin an kapab sove san-l pa sikonsi, ki signifie, li pa anba la loua. Kesion jouif lan kounye-a se èske detay sa yo se invansion levanjil lan oubyin èske yo justifie nan Ekritu Sin an. Pou reponn kesion an, apòt lan rele de temouin rann temouagnaj.
II
(4:1-9)
Abraram parèt an premie pou temouagne ke lòm justifie par la gras atravè la foua.
Ekritu Sin an fè nou konprann ke Abraram te jouinn justis tankou nou, selon la foua, deyò zèv (4:1-5).
“Abraram te kouè nan Bondieu, e sa konte kòm justis pou li” (Jenèz 15:6)
‘Kouè’ se kontrè ‘fè’.
Abraram pa-t fè. Gras Bondieu te pouse Li promèt li Izaak. Abraram te tande promès lan, li te konprann li epi li te kouè. Se konsa li te resevoua justis lan par la foua. Epi nou konnin Izaak, sinbolikman, reprezante Kris, ki vledi, promès lan ke Abraram te resevoua e ke li te kouè-a, an realite, se Kris.
Pou ede nou distinge antre zèv e gras, apòt lan bay egzanp gnou travayè. Moun lan travay epi nou peye li. Se pa gnou gras nou fè li lè-n peye li. Sa nou ba li an se gnou salè nou doue li legalman. Okontrè, moun ki pa fè angnin an min Bondieu, nan pitie e gras Li, promèt li salu an nan Kris, moun sa-a, lè li kouè, resevoua gnou gras. Li te gintan prouve ke (kit li payin, kit li jouif) li te derespekte Bondieu (1:18-3:20). Min Bondieu pa-t ba li kolè li te merite-a (1:18). Bondieu te ofri li padon an nan Kris pito. Moun sa-a te koute, li te kouè e li te jouinn justis (4:4-5). Sa li jouinn lan se gnou gras.
Roua David parèt kòm dezièm temouin an. Etan Abraram te mete aksan sou la foua, David aksantie absans zèv.
David ap detaye bonè gnou moun Bondieu konte just san zèv la loua pa mele, ki vledi, l-ap pale de eta tout moun ki sove
“Byinn-ere moun ki gin inikite yo padonnin, ak peche yo kouvri! Byinn-ere lòm le Segnè pa regle peche li”
(Sòm 32:1-2)
Prèv ke pa gin zèv nan salu an parèt anndan vèsè yo. Moun lan konmèt peche e li merite jujman, min Bondieu padone inikite li yo. Peche-l parèt devan Bondieu min pito Li vide jujman, Bondieu kouvri peche li yo avèk travay Kris lan. Oui, moun lan gin peche min Bondieu pa regle peche li yo paske Li gin pou-L regle yo nan Kris. Pou David, aksion sa yo se gnou futu nan Kris. Pou nou se pase. Min eta kouayan, kit se nan tan David, kit se nan tan nou an, rete minm. Kouayan jouinn padon san zèv.
Epi, tou, verite an ke nan pasaj yo David gingnin nan panse Li peche adultè li an ak Batseba e zak asasina Uri an se prèv ke pa gin zèv nan justifikasion sa-a. Li te fè aksion yo e li te merite lanmò. Pa-t gin zèv David te ka fè pou-l te retire krim li yo devan la loua. Deyò jujman, la loua pa gin provizion pou koupab lan an fas gro krim sa yo. Bondieu te fè li gras apre li te repanti. Li pa-t ba-l lanmò min-L te padone li.
Atravè temouagnaj Abraram e David, apòt lan montre, deklaratifman, ke salu an, depi nan Ansyin Testaman, vini par gras, deyò zèv. Abraram e David se de nan pi gran sitouayin nan istoua yo. Jouif lan (e ninpòt moun) ki intelijan ap konklu ke, si moun sa yo te justifie avèk la foua san zèv, tout lòt kouayan yo nan Paròl lan, tankou Izaak, Jakòb, Jozèf, Moiz, elatrie, te jouinn justis minm jan, byin ke Ekritu Sin an ka pa kapte salu yo an minm jan ak de ero sa yo. Plus ke sa, nou doue konklu ke tout moun jouinn justifikasion konsa, tou, nan tout epòk.
III
(4:9-12)
Kesion k-ap reponn kounye-a se èske salu an se pa pou moun sikonsi yo sèlman paske Abraram e David te sikonsi.
Apòt lan rafime ke Abraram te jouinn salu an (Jenèz 15:6)—epi li te sikonsi plus ke douz-an apre (Jenèz 17:9-14). Abraram t-ap sikonsi avan (oubyin nan minm moman) li te jouinn salu an si sikonsizion te nesesè pou salu an (4:9-10).
Sikonsizion an te vini apre paske sikonsizion an se gnou so (gnou sign) ki reprezante salu li te gintan gingnin par la foua. Gnou moun ki resevoua Kris ki pa sikonsi trouve li nan minm eta avèk Abraram pandan douz-an yo li pa-t ko jouinn operasion sikonsizion an apre-l te justifie.
Dèske Ekritu Sin an te detaye justifasion an par la foua kòmanse avèk Abraram, nan sans sa-a, Abraram se papa la foua. Sa pa vledi li se premie moun ki te jouinn justifikasion par la foua. Sinpleman, li se premie moun Paròl Bondieu an te note (pran nòt) ke li te jouinn justis par la foua. Dèske li pa-t sikonsi nan moman salu an min se just apre douz-an li te vín sikonsi, li se papa moun ki kouè an ki sikonsi, e li se papa moun ki kouè an ki pa sikonsi. Sa-a vledi, gnou vrè pitit Abraram se gnou moun ki jouinn justifikasion. Gnou Izraelit ki sikonsi ki pa jouinn justifikasion se gnou vrè desandan Abraram nan la chè min li pa pitit li. Gnou Izraelit sikonsi ki jouinn justis lan nan Kris se gnou desandan Abraram nan la chè e li se gnou pitit Abraram par la foua. Payin an ki pa sikonsi min ki justifie nan Kris se gnou pitit Abraram espirituèlman, byin ke li pa desandan Abraram nan la chè (4:11-12).
IV
(4:13-15)
Pòl revele nou ke la foua se zanmi desandan Abraram yo.
Bondieu te promèt Abraram e desandan li yo ke yo t-ap eritie la tè. Promès sa-a pa-t fèt selon la loua min par gras atravè la foua.
Nan Ekritu Sin an, ‘desandan Abraram’ anbrase toua group. Plas pèp Izraèl kòm desandan Abraram pa mande justifikasion. Pòl gintan montre nou ke tout vrè kouayan fè pati desandan Abraram. Epi Kris, finalman, se pi gran e pi inpòtan nan desandan Abraram yo paske tout promès Bondieu yo anvè zanzèt lan (Abraram) chita sou zepòl Li.
Ekritu Sin an ranpli ak profesi kote Bondieu promèt ke Kris ap chita sou tròn mond lan kòm Roua (Sòm chapit 2; 1 Korintyin 15:25).
Rouayòm Kris lan ap santralize Jeruzalèm min l-ap anbrase Izraèl, Juda ak tout la tè. L-ap etabli apre tan tribulasion an e l-ap dure pou mil-an (Apokalips 20:3). Tout moun k-ap antre ladann se moun ki te jouinn justifikasion nan Kris, ki vledi, moun sa yo se desandan Abraram. Nan fason sa-a, desandan li yo ap eritie la tè. Akonplisman promès sa-a se gnou garanti paske li pa depann de la loua min li depann de gras.
Lè nou konsidere Izraèl kòm desandan naturèl Abraram, promès Kanaran anvè yo paka depann de la loua puiske promès lan te fèt plus ke kat-san-sinkant-an avan la loua. Bondieu te promèt li Kanaran nan Jenèz chapit douz epi la loua te antre nan Egzòd chapit vin.
Jouif yo e desandan espirituèl Abraram yo doue kontan ke promès lan pa depann de la loua paske la loua montre nou peche nou e li deklare jujman pou tout dezobeisans.
Desandan espirituèl Abraram yo e desandan naturèl li yo ki devni desandan espirituèl li par la foua pa t-ap janm jouinn eritaj lan si li te kondisione par la loua puiske jouif lan e payin an kondane selon la loua. Min eritaj lan rete pou desandan Abraram yo paske Bondieu te promèt yo-l deyò la loua.
Pou Jouif lan espesialman, ke Kanaran se pou li selon ‘promès’ se pi bon bagay paske eritaj lan rezève pou li par la gras Bondieu—e l-ap joui li konplètman, san rezistans, nan tan Bondieu fikse an.
Ninpòt sa-k rive Jouif lan, pa gin gnou pouvoua ki ka anpeche li jouinn Kanaran kòm eritaj li paske pa-t gin la loua nan promès lan. Depi pa gin la loua pa gin dezobeisans. Sa pa vledi Izraèl paka fè peche paske promès lan te fèt avan la loua. Istoua jouif lan montre kontrè-a. Apòt lan vledi pa gin la loua nan promès lan, ki signifie, peche paka anule promès lan paske li pa depann de la loua. Absans la loua se absans peche kòm gnou anpechman pou promès lan akonpli. Garanti sa-a se pou Jouif lan ki devni desandan Abraram espirituèlman e li pou payin an, tou, ki desandan Abraram espirituèlman paske li justifie nan Kris (4:13-15).
V
(4:16-25)
Apòt lan kite Izraèl e promès Kanaran. Li antre nan promès salu an nan Kris. Eritaj sa-a nan salu an disponib a jouif lan ki sikonsi e-l disponib a payin an ki pa sikonsi paske kondision an se la foua. Gnou jouif ki sikonsi ka egzèse la foua Abraram lan e gnou payin ki pa sikonsi kapab egzèse la foua sa-a, tou. Kondision sa-a rann li posib pou tout moun, nan tout nasion, jouinn justis paske, nòmalman, tout moun kapab egzèse la foua (4:16).
Bondieu te deklare Abraram papa anpil nasion (Jenèz 17:5). Etan Abraram te papa Izraèl e nasion yo ki te soti nan Izmaèl, premie gason li an ak Aga, pami nasion pluziè lòt pitit li yo, me sa Bondieu te gin nan panse Li: anpil moun, nan tout nasion, t-ap resevoua justis nan Kris par la foua e yo t-ap devni, espirituèlman, pitit e desandan Abraram, pou fè li papa anpil nasion.
Promès lan ke li t-ap papa anpil nasion an pa-t ase. Avan li te kapab joui promès sa-a, li te gin obligasion kouè Bondieu. Kouayans lan ta doue difisil paske Bondieu te promèt li dè choz ki te inposib naturèlman, min li te kouè nan gnou Dieu ki bay mò lavi e gnou Dieu ki rele bagay ki pa egziste fòdi yo egziste (4:17). Nan paròl sa yo, nou kouè apòt lan ap pale de la foua Abraram konsènan kò li e kò Sara ki te mouri okouran kreye timoun. La foua sa-a, tou, anbrase lè-l te dakò sakrifie Izaak, sur ke apre-l te boule-l tounin sann dufe, Bondieu te ka ba li lavi ankò (Jenèz 22). Epi, tou, Bondieu t-ap bay Abraram detay de desandan li yo avan li te minm gin gnou grinn pitit. Abraram, ak tout sa, te kouè fòdi li te gintan gingnin yo (Jenèz 15:13-21). Nan fason sa, Bondieu t-ap trete bagay ki pako egziste fòdi yo te gintan egziste.
Abraram te prèske nan san tan lè Izaak te fèt e Sara te gintan gin katre-vin-dizan, min la ‘foua li pa-t febli, li pa-t gade kò li ki t-ap desann…e Sara, madanm li [ki] te pase laj pou ta anfante. Li pa-t ezite gnou jan inkredul devan Bon-Dieu; min la foua li te fòtifie, li rann gloua-ra-Dieu, avèk fèm konviksion ke sa Bon-Dieu promèt, li gin puisans tou pou akonpli-l. Se pou sa la foua li te konte kòm justis pou li” (4:19-22).
Bondieu te pouse Moiz ekri ke la foua Abraram ‘te konte kòm justis pou li’ pou sèvi gnou egzanp ‘pou nou.’ Minm jan Bondieu te fè Abraram gnou promès ki te atache ak Pitit Li an ki te parèt inposib selon lojik lòm, konsa, tou, Li fè nou gnou promès ki parèt redikul selon lojik lòm. Promès Li fè nou an se ke lè jouif yo te livre Kris bay payin yo pou krusifie Li, Kris te ‘livre akoz ofans nou konmèt’ e, an minm tan, Li te ‘leve [pami mò yo] pou nou kapab resevoua justis’ (4:24-25). Depi gnou moun egzèse la foua sa-a papa Abraram te egzèse an, minm jan Abraram te jouinn justis lan, li garanti justis, tou, kit li se payin, kit li se jouif.