Me vrè diferans ki egziste antre la loua e gras (Lir Galat 3:1-14):
La loua se pa gnou egzòtasion.
Si la loua di ou ke ou doue rinmin Bondieu ak tout kè ou, tout nanm ou e tout fòs ou, si ou viv tout vi ou e ou pa fè li pou gnou segond, ou anba malediksion. Malediksion vledi, Bondieu mete ou apa pou jujman.
Ou konprann?
Laloua sevè. Se pratike li tout tan, parfètman epi ou bon, min, moman ou bute, li modi ou etènèlman. Se sa-k fè la loua pa zanmi lòm. La loua sin e li mande sintete chak segond, minut, è-d tan, jou, semèn, moua, ane, e tout lavi ou. Li pa-p fè ou gras. Li pa-p ba ou gnou chans. Se pou sa Kris te rinmin la loua e la loua te rinmin Kris, min nou minm, ak tout efò nou, nou dezobei li e li kondane nou tout anba malediksion (jujman Bondieu nan lanfè).
Si ou deside pran la loua, ou deside pran li pou ou pratike li parfètman tout tan, san erè. Se sa disip la loua yo pa konprann.
Gras Bondieu (ki vledi, gnou bagay ou pa merite e ou pa travay pou li), oui, gras Bondieu nan Kris ki te mouri sou la koua, padone tout peche lòm (pase, prezan, futu) moman li kouè nan Kris. Li retire moun lan ki kouè an anba jujman (malediksion an) etènèlman. An regad lanfè, pitit Bondieu-a pa gin jujman devan li pou okinn rezon (si li gnou pitit Bondieu vre). Bondieu gin pou li disipline li kòm gnou papa si li plede fè tèt du, min Bondieu pa aji avè li kòm gnou juj. E soufrans pou gnou pitit Bondieu akoz peche (oui, yo konn sevè,) se sou tè an sèlman.
E gras Bondieu an pa sèlman retire jujman min li ba li gnou nouvo apeti pou la justis e gras Bondieu an ba pitit Bondieu an gnou degoutans (repiyans) pou peche.
Si gnou moun di ou li sove, e li pa rinmin la justis, min li vle peche paske li pa anba la loua, moun sa-a, se tèt li l-ap tronpe. Li pa gnou vrè pitit Bondieu. Sa pa vledi li te gnou pitit Bondieu e li vín pa gnou pitit Bondieu ankò. Du-tou. Sa inposib. Non, sa vledi, li pa-t janm gnou pitit Bondieu.