Gnou moun ki sove par la foua nan Kris se gnou moun ki te chouazi Bondieu. Avan li te chouazi Bondieu nan Kris, li pa-t fè pati pèp Bondieu. Apre li chouazi Kris, Bondieu konte li pami pèp Li. Min gnou evenman ki inesplikab pou nou, se ke, choua Bondieu an te presede choua pa moun lan, ki vledi, Bondieu te chouazi nou avan nou te chouazi-L.
Gnou moun ki rejte levanjil lan ki pèdu nanm li paka janm di li pèdu paske Bondieu te vle-l pèdu paske
“Bon-Dieu Sovè nou… vle tout moun sove epi rive nan konesans la verite”
(Timote 2:3-4)
An minm tan, tou, chak moun ki sove doue konnin ke etan choua yo pou Kris inpòtan, min, avan yo te chouazi Li, Bondieu te chouazi yo an premie. Nou konesan ke nou paka rekonsilie ke nou chouazi Bondieu paske Li te chouazi nou avan min, an minm tan, pa gin gnou moun ki pèdu paske Bondieu pa-t chouazi li. Anpil gran intelektuèl eseye konprann e esplike mistè sa-a min pèsòn pako janm esplike li nan gnou fason ki ann-akò ak la Paròl Bondieu.
Gingnin lòt kote nou kapab trete eleksion (choua) fidèl yo nan tan pa nou an, ki se, epòk legliz lan. Min, nan kontèks chapit sa-a, byin ke eleksion nou an parèt tou-piti, sa apòt lan ap fè la-a, l-ap montre nou ke Izraèl se pèp elu Bondieu. Apòt lan p-ap trete Jouif lan kòm gnou individi. Non, l-ap gade pèp lan an gro. Sa di nou ke Jouif lan kòm gnou individi mouri tankou payin an e li minm pèdu nanm li nan lanfè tankou payin an, min Izraèl an gro se gnou nasion ki sove. Ènmi yo kapab tue yo juskaske se mil Jouif ki rete sou tè an sèlman, nasion an paka suspann egziste. Nasion an ka gaye tout kote nan mond lan min Bondieu gin pou Li rasanble yo ankò paske yo se nasion Bondieu te chouazi kòm pèp Li an.
Gnou moun ki t-ap suiv langaj apòt lan (Romin 9:6-13) rive nan gnou fo konkluzion. Li panse Lè Bondieu di Li rayi Ezau e Li rinmin Jakòb lan, Li t-ap pale de ti mesie yo kòm individi. Moun lan kouri pran sa pou di ke moun ki deyò Kris yo, se volonte Bondieu pou yo deyò Kris minm jan Li te rejte Ezau pou Jakòb. Pou rezon sa-a, li konklu ke gingnin injustis nan Bondieu (Romin 9:14).
Min akuzasion an pa kanpe paske akuzasion an fòme akoz gnou move inteprètasion de pasaj lan. Kote Bondieu di Li rayi Ezau an e Li rinmin Jakòb lan se nan Malachi, dènie liv nan Ansyin Testaman. Jakòb e Ezau te gin plus ke mil-an depi yo te mouri. Pou nou plus konprann, apòt lan site paròl Bondieu an de mesie sa yo avan yo te minm fèt, ke ‘pi gran va sèvi pi jinn nan’ (Romin 9:12) min, poutan, Ezau kòm gnou individi pa-t janm sèvi Jakòb. Ta sanble Ezau te toujou pi rich e pi puisan ke Jakòb. Min nasion Jakòb lan, Izraèl, te dirije nasion Ezau an, Edon, juskaske Edon te jouinn liberasion li anba Izraèl jan Izaak te di Ezau an (2 Roua 8:20; Jenèz 27:39-40). Nou doue konklu ke, etan Ezau te rejte Bondieu pou mond lan (Jenèz 25:31), Bondieu pa di Li rayi Ezau, pitit Jakòb lan, min Li rayi nasion Ezau an akoz Idolatri yo e rayisman yo te gingnin pou frè yo, Izraèl. Ankò, l-ap pale an gro oubyin, nou kapab di, jeneralman. Sa vledi, etan Li te rayi nasion an, te kapab toujou gingnin anpil grinn Edonit (moun Edon) ki te resevoua verite an ke Bondieu te aksepte. Apòt lan pral bay lòt rezon ke pa gin injustis nan Bondieu. Pou kounye-a, li reponn akuzasion an sinpleman avèk gnou ‘du-tou’ (Romin 9:14). Referans yo nan Jenèz e Malachi pa supòte konkluzion an ke Bondieu te rayi Ezau kòm gnou individi. Pa gin gnou grinn moun Bondieu rayi juskaske Li ta vle ouè moun lan pèdu nan lanfè.