JEZU SE LAVI ETÈNÈL LAN
JEZU SE LAVI ETÈNÈL LAN
Anpil fo Kretyin te antre nan Asanble yo. Prezans yo anndan legliz yo se pa rezulta neglijans lidè yo, min se anpil strateji ki te aplike pou yo te ka antre. Mision yo se pou yo te atake Jezu Kris. Yo t-ap ansegne ke Jezu se te gnou sinp òm ki te fè kèk gran choz oubyin Li te gnou sinp òm min espri ‘KRIS’ lan te monte sou Li nan batèm Jan Batis lan. Espri sa-a ki te monte sou Li an te kite Jezu avan Li te mouri sou la koua. Mesaj yo se ke Espri Kris lan (Mesi an) pa-t viv sou tè an kòm gnou òm.
Jan ekri 1 Jan pou li konfime ke Jezu se te Kris lan depi nan nesans Li juska lanmò e rezureksion Li. Jezu se Dieu. E, avèk lèt sa-a, Jan pral ede Kretyin yo idantifie anti-Kris sa yo k-ap chache pase kòm vrè Kretyin nan asanble yo.
Jan di nou ke Jezu te egziste o kòmansman (nan etènite), min yo te rive tande Li, ouè Li ak zie yo, touche Li paske Li te devni gnou òm. Moun sa-a ki rele Jezu an se Lavi Etènèl lan ki te avèk Papa-a ki te manifeste devan yo kòm gnou òm. Apòt lan prezante tèt li ak lòt onz apòt yo ki te avèk Jezu, depi ministè Li te kòmanse an juska rezureksion Li, kòm temouin veritab. Se pa di moun te di yo min yo te ouè avèk pròp zie yo ke Nonm sa-a yo rele Jezu an se te Pitit Bondieu an (1 Jan 1:1-2).
Jan esplike nou pou ki rezon Li te vini. Nou te mouri akoz peche nou. Nou pa-t gin komunion avèk Bondieu. Kòm Lavi Etènèl lan, Li te vini ak lavi pou nou. Moun ki koute e ki kouè temouagnaj apòt yo de Li antre nan komunion avèk apòt yo e avèk lòt kouayan yo paske moun lan antre nan komunion avèk Bondieu dèske moun sa-a posede lavi etènèl (1 Jan 1:3). Konesans lavi etènèl e komunion avèk Bondieu pa sèlman pote joua, min li pote gnou joua konplèt (1 Jan 1:4). Joua mond lan pa dure. Anpil foua, souri mond lan kache gran pèn. Min Kris ofri gnou joua ki la nan bon tan e nan move tan, nan sante e nan maladi, nan plezi e nan doulè, nan lavi e nan lanmò paske joua sa-a pa jouinn rasín li nan mond lan. Li soti nan etènite, nan sièl lan, nan kè Bondieu.