Jezu (Lavi Etènèl lan) te vini nan umanite avèk gnou mesaj pou lòm. Mesaj Li te pòte an “sè ke Bondieu se lumiè e pa gin tenèb nan li” (1 Jan 1:5).
Tenèb lan reprezante tout mal: mansonj, peche, erè. Lumiè an se tout sa ki bon: verite e sintete. Gnou òm avan li rankontre avèk Kris te atache avèk mal lan. Li pa-t gin komunion avèk Bondieu. Min Kris, Lavi Etènèl lan, te vini: Li te bay moun ki resevoua Li an lavi etènèl. Li te chase fènoua epi Li te mete moun lan nan lumiè. Li te fè moun lan antre nan komunion avèk Bondieu.
Jan vle pou Kretyin yo idantifie bann anti-Kris ki te antre nan asanble an pou fè dega. Yo di yo gin komunion avèk Bondieu min vi yo kontradi paròl yo. Ansegnman yo ke Jezu pa-t Kris lan, Pitit Bondieu an, montre ke yo nan fènoua doktrinal. Y-ap pratike mansonj paske, etan Kris pa Sovè yo, y-ap chache pase pou Kretyin (1 Jan 1: 6). Yo nan fènoua moral.
Moun lan ki gin gnou jou nan vi-l lè-l te rekonèt ke Nonm lan ki te pandie sou boua kalvè an se te Kreatè li ki te vín soufri akoz peche li pou li te kakap gingnin lavi etènèl, depi li kouè, moun sa-a posede lavi Bondieu nan kè-l. Min nou pa kapab ouè kè-l. Nou tande paròl li e nou suiv aksion-l. Li doue konnin kiyès Jezu ye e li doue prezante nou sa ak bouch li. Fènoua paka domine vi li paske si fènoua domine vi li etan li di li se gnou Kretyin, l-ap ‘fè manti’ e li ‘pa-p pratike verite’ an (1 Jan 1:6).
Min gnou moun ki gin lavi etènèl se gnou moun ki nan komunion avèk Bondieu. L-ap mache nan la lumiè. Minm si li ta bute, l-ap leve kanpe, konfese peche-l bay Bondieu. Nan sans sa-a, li aplike san Kris nan vi li. Se pa pou li kapab sove ankò li fè sa-a paske salu an etènèl e gnou moun sove gnou sèl foua. Min li konfese peche li bay Bondieu pou ‘san Kris kapab netouaye li, ouete tout peche’ paske se konsa li kapab joui komunion li avèk Bondieu (1 Jan 1:7).