Plan justifikasion Bondieu anvè kouayan sot prezante ba li (Romin 1:18-8:30): peche-l te kondane-l (Romin 1:18-3:20) min Kris te justifie li gratis, san zèv, par la foua (Romin 3:21-4:25). Justifikasion Kris lan te ba-l lapè (Romin 5:1-11) e relokalize li soti nan Adan pou mete li anba Kris etènèlman (Romin 5:12-21). Nan Kris, li te legalman separe avèk peche e-l te sanktifie pou sèvi Bondieu (Romin 6:1-23). Natu peche an, ki t-ap domine-l avan salu an, te pousib li nan salu an (Romin 7:1-25) min Kris te ba li le Sintespri pou libere li anba pouvoua peche (Romin 8:1-13), pou asure li ke li se gnou vrè pitit Bondieu (Romin 8:14-18), pou konvink li de adopsion-l lan k-ap manifeste nan rezureksion an lè Kris retounin (Romin 8:19-25) e, ann-atandan, pou pote li sekou nan la priè (Romin 8:26-27). Finalman, plan Bondieu pou li, ki te kòmanse nan etènite e k-ap konplete nan gnou tan futu nan etènite, sot prezante devan zie li (Romin 8:28-30).
Apòt lan mete dosie-a devan kouayan e-l mande li, “ki sa pou nou di sou bagay sa yo?” Oubyin, nou kapab di, nan ki konkluzion pou nou rive lojikman an fas yo?
Repons lan klè. Byin ke gingnin anpil pouvoua ki kont nou, devan lanmou, plan e pouvoua Bondieu anvè nou, “Si Bondieu pou nou, ki lès ki va kont nou” (Romin 8:31)?
Lè nou kontanple kalite lanmou ke Bondieu gingnin pou nou, ki te pouse Li ban nou pi gran kado Li te ka ban nou an, sèt-a-di, ‘Li-minm ki pa minnaje pròp Pitit li, min ki livre li pou nou tout, ki jan pou li pa ta ba nou tout bagay avèk” Li (Romin 8:32)? Bondieu gintan ba nou pi gro an. Ninpòt lòt bagay ke Li deside ke nou bezouin osoua Li vle nou gingnin paka trò gro osoua trò chè pou-L ba nou.
O kouran salu nou jouinn lan nan Kris, ki kote gnou akuzasion kapab soti pou nou dèske Bondieu gintan chouazi nou? Sèl moun ki te ka akuze nou se Bondieu min, nan Kris, se Li ki te akòde nou justis. Sa di nou ke, pa gin kondanasion pou nou ankò (Romin 8:33).
Kounye-a, ki juj ki kapab kondane nou an fas jujman Bondieu an pou peche nou nan lanfè? Gingnin gnou sèl Juj e Juj sa-a se Kris. Min Kris te gintan vín mouri pou peche nou yo ki te mande lanmò etènèl nan lanfè e nan letan dufe-a. Dèske Kris te mouri pou nou, e Li te leve pami mò yo, sa di nou ke travay salu nou an te konplete nan Kris. Li pa t-ap janm ka leve pami mò yo si travay salu an pa-t fini. Min Li leve e Li bò min douat Papa ap fè demand pou nou kòm moun pa Li. Kòman pou nou panse ke Li kapab rive kondane nou ankò (Romin 8:34)?
Inbin, nou an sekurite an palan de atitud Bondieu anvè nou. Kounye-a, ki bagay ki kapab separe nou avèk lanmou Kris? Èske afliksion kapab fè sa? Detrès? Pèsekusion (ki vledi, moun ap pale nou mal osoua maltrete nou akoz levanjil lan)? Oui, èske grangou ka mete separasion an? Tounu? Nepe (violans)? Non! Du-tou! Apòt lan site gnou pasaj (Sòm karann-kat, vèsè vinn-de) pou montre nou ke soufrans nan mond sa-a se te eksperians vrè pitit Bondieu yo nan tout epòk. Nan mitan tout opozision sa yo, fidèl Bondieu yo plus ke vinkè atravè Kris ki rinmin yo an, ki vledi, L-ap ba yo fòs lan pou yo supòte e Li ka minm di ‘ase’ si Li deside soufrans lan tròp pou yo (Romin 8:36-37).
Apòt lan afime nou asurans li ke salu gnou vrè pitit Bondieu etènèl. Angnin nan vi sa-a e angnin nan eksperians (e apre) lanmò kapab chanje sa-a. Byin ke yo pa t-ap janm eseye min pa gin gnou zanj nan prezans Bondieu ki ka defèt salu nou an e pa gin gnou demon ki ka separe nou avèk Kris. Angnin nan tan sa-a e angnin nan epòk k-ap vini yo ka janm akonpli mision sa-a. Pa gingnin gnou puisans (minm tèt pa nou) ki ka janm separe nou avèk salu Bondieu an. Lè apòt lan pale de rotè e profondè, li anbrase tout univè an, sèt-a-di, tout kreasion vizib Bondieu an. Pa gin gnou kreatu (gnou bagay ke Bondieu te kreye, ni nan tan, ni nan etènite) ki ‘kapab separe nou avèk amou ke Bondieu montre nou nan Jezu-Kri Segnè nou’ (Romin 8:38-39).