Promès Bondieu a pechè an ki repanti, ki vín jouinn Kris, se gnou justifikasion etènèl (Romin 1:16-5:21). Justis sa-a mande sanktifikasion nan vi kouayan (6:1-8:39). Moun lan ki justifie nan Kris par gras, atravè la foua, chouazi Bondieu min Bondieu te chouazi li an premie. Bondieu ap kinbe fidèl sa-a pou sièl lan minm jan Li kinbe Izraèl, pèp chouazi Li an, indepandan de zèv yo (Romin 9:1-29). Eta chouazi fidèl lan pa vledi li paka pèdu temouagnaj li paske rebelion Izraèl nan levanjil lan la koz Bondieu rejte yo kòm gnou temouin pou Li (Romin 10:1-21).
Gnou erè nou doue evite, se ke, Bondieu voye pèp chouazi Li an jete nèt. Apòt Pòl se gnou Jouif ki trase lign li nan trib Binjamin. Si Bondieu te jete Izraèl Pòl pa t-ap ka gnou fidèl. Gnou moun kapab gade eta deplorab Izraèl nan levanjil lan e pran yo kòm gnou ped ka. Nan tan profèt Eli, yo te parèt konsa, tou. Nasion an te abandone Bondieu pou idòl Zidonyin an yo rele Baal. Yo te tue anpil nan profèt Bondieu yo epi yo t-ap minm eseye tue Eli, ki te akoz profèt lan panse nasion an te pèdu nèt e li (profèt lan) se te sèl moun ki te rete fidèl avèk Bondieu (san konte sèvitè li an) min Bondieu te revele li ke Li te mete sèt mil òm apa pou Li, ki pa-t flechi jenou devan Baal (1 Roua 19:10-18). Minm jan, tou, tankou apòt lan, gingnin gnou restan, daprè gras Bondieu, ki nan kredulite. Byin-ke yo fè pati legliz lan, min, selon ras e nasionalite, yo se Jouif. Si-l te depann de zèv, sa t-ap inposib min se gras Bondieu, sèt-a-di, li pa gin angnin pou ouè ak zèv, ki rann li posib (Romin 11:1-6).
Izraèl t-ap chache justis min li pa-t jouinn justis lan paske li te chouazi rejte Kris ki rann moun just. ‘Moun chouazi yo’ (Jouif e payin) ki resevoua Kris jouinn justis, min rès nasion an, ki se la majorite, vín andusi, ki vledi, kè yo vín du. Andusman yo e eta prezan yo te profetize par Ezai e David. Se Bondieu minm ki te mete yo dòmi e ki te ba yo zie pou yo pa ouè (Ezai 6:9, 10, 14). Nou sonje Bondieu te fè Faraon minm bagay lan (Romin 9:17-18). Li pase gnou moun lòd epi moun lan chouazi vag li. Tout tan Li kontinue pale avèk moun lan etan moun lan chouazi demere nan dezobeisans, moun sa-a vín abitue avèk Paròl lan, ki akoz kè li vín du. Moun sa vín tankou gnou avèg osoua gnou moun k-ap dòmi. Li gin zie min li paka ouè; li gin zòrèy min li paka tande. Sa souvan rive moun ki tande mesaj levanjil lan. Okòmansman, mesaj lan kapab atire yo, ki vledi, yo anvi gin salu an, min tout tan y-ap kontinue tande mesaj lan san yo pa obei-l, kè yo ap vín pi du, ki rann li pi difisil pou yo resevoua Kris (Romin 11:7-8).
Pou Jouif yo, David ban nou gnou lòt dimansion nan inkredulite yo. Paròl Bondieu-a ki nan min yo an (Jenèz a Malachi), ki detaye mesaj levanjil sa-a ki konsène venu, soufrans, lanmò e rezureksion Kris lan, te tankou gnou tab ki te plin benediksion pou yo. Rejte yo rejte benediksion sa yo nan Kris, minm tab sa-a tounin gnou pièj, pèlin, gnou ‘okazion chut’ e gnou kondanasion pou yo. Paske yo rejte Kris e levanjil lan, rezulta se ‘ke je yo rete bouche, pou yo pa ouè’ e jujman Bondieu anvè yo se pou yo rete anba lòd e dominasion payin yo ‘pou tout tan’—juskaske, kòm gnou nasion, yo repanti e yo resevoua Kris pou yo pran plas yo kòm lidè mond lan (Sòm 69:22-23; Romin 11:9-10). Ankò, nou doue konprann ke, etan situasion Jouif yo kapab inpe espesial, prinsip sa-a se gnou prinsip jeneral. Tout tan Bondieu ap bay gnou moun lumiè, moun lan ap vín pi responsab. Lè moun lan resevoua lumiè an, li tounin gnou gran benediksion pou li. Dezobeisans anvè lumiè an, okontrè, pote jujman, ki vledi, tab benediksion Bondieu-a anvè moun sa-a, minm jan ak Jouif yo, tounin gnou pièj pou li (Romin 2:16).
Apòt lan vle nou apresie sajès Bondieu. Tan Jouif yo pase nan inkredulite se pa gnou tan pèdu pou Bondieu paske Li te gintan konnin ke yo t-ap rejte levanjil lan. Bondieu te planifie, pandan yo te chute an, pou Li te tou pase pran payin yo. Etan L-ap sèvi avèk legliz lan, ki konpoze ak payin an majorite, L-ap fè Jouif yo ouè valè travay L-ap fè pou mond lan atravè legliz lan pou eksite jalouzi yo pou yo anvi Li sèvi avèk yo, tou. Nou doue poze tèt nou kesion an: si kalite richès sa yo rive jouinn mond lan nan chut e pèd yo, kòman sa ap ye nan konvèzion yo, lè yo devni sa Bondieu te anvizione yo ye an (Romin 11:11-12)?
Bondieu te chouazi apòt Pòl kòm apòt payin yo. Etan apòt lan rinmin fidèl payin yo e li bay travay li pami yo anpil inpòtans, an minm tan, li bay travay li anpil gloua pou nouvèl travay Bondieu ap fè avèk payin yo atravè li rive jouinn Jouif yo. Apòt lan ta vle nouvèl lan eksite jalouzi yo pou yo osi anvi posede Kris pou Bondieu utilize yo minm jan. Konvèzion Jouif yo t-ap bon pou Jouif yo, li t-ap bon pou payin yo, epi li t-ap bon pou mond lan, paske ‘si chut yo te bay’ mond lan ‘rekonsiliasion, sa sa va ye lè yo repran plas yo, sinon la vi pou sa ki te mouri’ (Romin 11:13-15)? Kit apòt lan vledi, repran yo repran plas yo, fidèl Ansyin Testaman yo ap leve paske rouayòm Kris lan ap etabli osoua konvèzion Jouif yo sitèlman gran ke l-ap tankou mò ki leve, pa fè okinn diferans. Tou-lè-de vre. Nou konklu, konvèzion Jouif yo ap bon pou yo, pou nou e pou le mond antie.