“E de la minm fason ke li rezève pou lèz-òm mouri gnou sèl foua, e apre sa jujman vini, konsa tou, Kris te ofri tèt li gnou sèl foua pou li pote peche anpil moun, min li va parèt gnou dezièm foua, san peche, pou sa yo k-ap espere li pou salu yo” (Ebre 9:27-28)
Lanmò se gnou randevou tout moun ki kòrèk nan panse yo ta rinmin evite. Etan gin randevou nou ka vag, vire, oubyin anule, randevou fiks sa-a, nou tout ap kinbe li (sòf pitit Bondieu yo k-ap vivan nan anlèvman-fidèl-yo ki pa-p pase par lanmò).
Pi gran problèm nou gingnin avèk lanmò, se pa moman lanmò an, non, min se apre lanmò. Paske, apre lanmò se jujman (nan lanfè). Jou sa-a, fònikasion, adultè, gason-sèvi-avèk-gason, vòl, manti, move anvi, ògèy, asasinaj, e rebelion kont Paròl Bondieu pa-p gnou plezantri. Bagay sa yo nou te di ki pa-t angnin yo, e lòt foua yo konn sitèlman manje konsians nou ke nou fè espre nou blie yo an, bagay sa yo, Bondieu ap mande pou nou rann kont pou yo. Se pou rezon sa nou pè lanmò.
Kit nou soufri pou peche nou yo, kit gnou lòt moun soufri pou peche sa yo pou nou, Paròl Bondieu di fòk peche nou yo juje.
Levanjil lan ofri nou gnou gran mèvèy: Kris te ofri tèt Li pou Li te soufri jujman sa-a pou anpil moun. Oui, travay lan Li te fè an ase pou tout moun. Min tout moun pa-p resevoua Li. Se anpil moun k-ap resevoua li.
Pou anpil moun yo ki aksepte travay Kris lan e ki aksepte Kris nan kè yo kòm salu nanm yo, Kris pa-p retounin kòm gnou juj. Si yo mouri avan Li vini, L-ap tann yo nan sièl lan pou Li resevoua yo. Si yo vivan nan anlèvman, L-ap vín pran yo pou-L minnin yo nan sièl lan. Moun sa yo pa bezouin pè jujman nan lanfè akoz peche yo paske Kris te gintan soufri nan plas yo. Pa gin jujman pou yo ankò. Yo pa gin rezon pou yo pè lanmò.
E ou minm: si randevou ou an te jodi an, sèt-a-di, ou ta mouri jodi an, èske ou gin gnou vrè rezon pou ou pa pè lanmò?