Apòt lan sot detaye nou justifikasion Bondieu pou lòm e sanktifikasion ki doue suiv justifikasion an (Romin Ch.1-8). Min salu nou (moun ki kouè yo) se gnou espoua, ki vledi, nou gintan garanti li e nou deja goute li parapò le Sintespri ki abite andedan nou, min salu (justifikasion) konplèt nou an pako devouale. Nou gin pou-n joui li konplètman nan Anlèvman Fidèl yo
“Paske se ann esperans ke nou sove”
(Romin 8:24)
Esperans nan Bib lan se pa gnou bagay ki ka vini oubyin ki ka pa vini. Esperans vledi gnou bagay ou asure k-ap vini min ki pako parèt. Pou le moman, nou kanpe sinpleman sou promès Bondieu. Espoua nou se gnou promès ki pako manifeste.
An palan de promès Bondieu, apòt lan vle reponn kesion an k-ap travèse nan panse tout moun ki konn Ansyin Testaman, ki se, èske nou kapab fè Bondieu konfians. Sa pa vledi gin angnin nan ansyin tèks yo (Jenèz a Malachi) ki ta doue mete nou an dout de fidèlite Bondieu.
Sa nou vledi di la, sinpleman, se ke, gnou moun ki intelijan ap ouè depi Jenèz douz rive a Malachi, Bondieu te gin gnou pèp espesial. Li te fè pèp sa-a anpil promès. Anpil nan promès sa yo gintan akonpli min gnou majorite nan yo pako akonpli. Nan epòk apòt lan t-ap ekri lèt Romin an, Izraèl pa t-ap fanksione kòm pèp Bondieu ankò paske yo te rejte Jezu kòm Mesi (Kris) lan. Majorite moun ki te kinbe temouagnaj pou Bondieu nan tan sa yo se te payin yo. Byin ke te gin anpil Jouif ki te konvèti, yo te gnou minorite konpare avèk miltitud konpatriòt yo ki te rejte Kris. Nan tan nou an (de-mil-vinn-toua), etan gin Jouif ki resevoua Kris kòm Sovè e Segnè, pa gin pèsòn ki pran Izraèl kòm gnou lumiè pou Bondieu nan levanjil lan paske nasion an toujou nan inkredulite.
Pou moun intelijan k-ap lir e etudie Bib lan, kesion yo anpil. Poukisa Bondieu te chouazi Izraèl? Li ta doue gintan ouè ke nasion an t-ap echoue. Epi, tou, kisa ki akoz yo echoue? Èske se promès Bondieu yo ki pa-t bon? An plus, èske sa vledi Bondieu fini avèk Izraèl? Si Bondieu fini avèk Izraèl, e pil promès yo ki pako akonpli yo? Pou Li ta fini ak nasion an, sa t-ap di nou ke Bondieu infidèl. Dèske Li fè Izraèl promès ke Li paka akonpli, nou paka fè Li konfians nou-minm. Promès Li yo anvè nou antre nan gnou gran insètitud.
Kounye-a, apòt lan pral montre nou ke Bondieu rete fidèl a Izraèl (Romin Ch.9-11). Li fè nou konprann, byin ke nasion an nan inkredulite, yo toujou pèp Bondieu parapò promès Li (Romin Ch.9). Pòl revele nou ke sous echèk Izraèl se pa promès Bondieu yo min se dezobeisans yo (Romin Ch.10). Epi, finalman, etan Li mete Izraèl atè kòm pèp Li pou le moman an favè legliz lan (ki konpoze a tout moun ki gin Kris kòm Sovè yo, kit se Jouif, kit se payin), lè epòk legliz lan fini, Kris ap retounin, Izraèl ap resevoua Li epi y-ap repran plas yo kòm pèp Bondieu an pou tout rès promès yo kapab akonpli (Romin Ch.11).
Eta prezan Izraèl espirituèlman pote anpil tristès pou apòt lan. Le Sintespri rann li temouagnaj ke doulè li pou pèp lan sinsè. Se pa manti l-ap bay. Si sa te posib, apòt lan ta pito separe avèk Kris espirituèlman e etènèlman pou Izraèl te ka sove, moun sa yo ki frè li e paran li dapre la chè (Romin 9:1-3). Etan yo nan inkredulite, apòt lan rekonèt ke plas yo kòm ras Izraèl (Jakòb), pèp lan ke Bondieu te adopte kòm nasion Li, pa chanje. Gingnin gnou gloua ki toujou kache pou yo, pou nasion sa-a ke Bondieu te fè pluziè alians avèk yo an, ki posede la loua Bondieu an. Se te yo minm Bondieu te bay sèl relijion ke Li te rekonèt pami idolatri payin yo. Promès Li yo anvè nasion sa-a toujou kanpe paske yo trase lign yo nan zanzèt yo, sèt-a-di, Abraram, Izaak, Jakòb e douz pitit Jakòb yo ki fòme douz trib yo. Min plus ke sa, Kris nan umanite Li soti nan nasion sa-a, pi dirèk, nan trib Juda, katrièm pitit gason Jakòb lan. Se Kris sa-a ki ‘depase tout bagay, ki Bondieu beni pou letènite. Amèn” (Romin 9:4-5).