Gin moun ki panse ke lè nou di nou pa anba la loua ke n-ap di la loua pa egziste. Non. Sa pa vledi la loua pa egziste.
Me kisa n-ap di: Bondieu nan diferan epòk jere lòm nan diferan maniè.
Antre Egzòd 20 juska Kris te mouri e resusite, se ak la loua Bondieu te jere lòm.
Pou gnou moun te proche kote Bondieu se te par mouayin instruksion la loua e par mouayin sakrifis yo ke la loua te mande. Pou moun ki pa-t Jouif yo (payin yo tankou nou-minm Ayïsyin), yo te doue konvèti, sikonsi, devni Jouif epi vizite tanp lan nan Jeruzalèm nan fèt Jouif yo.
Se konsa Bondieu te jere lòm nan tan la loua (Egzòd 20 a Travay chapit 2).
Pou gnou moun ki konn Kris kòm Sovè li nan tan sa n-ap viv lan, Paròl Bondieu di ke la loua pa-t ba li salu an e apre li sove, Bondieu pa jere li avèk la loua (Romin 3:19-24).
Devan la loua, moun sa-a mouri. Moun lan resusite anba otorite e lòd Kris. Se pa anba la loua kòm jeran-l moun lan resusite.
“Par-egzanp la loua angaje gnou madanm marie avèk mari li, tout tan mari a vivan; min, si mari a mouri, madanm nan lib devan la loua ki te angaje-l avèk mari li. Si, etan mari li vivan, li vi-n fanm gnou lòt moun, yo rele-l adultè; min si mari li mouri, madanm nan lib devan la loua, e li pa adultè lè-l vi-n fanmi gnou lòt.
Se minm jan frè-m yo, nou minm tou, nou mouri devan la loua, gras a kò Kris ki te sakrifie, pou nou kapab pou gnou lòt,—sila ki te leve pami mò yo, pou nou kapab donnin foui pou Bondieu”
(Romin 7:2-4)
La loua egziste e Bondieu ap utilize la loua pou Li juje gnou moun ki rejte levanjil lan paske la loua fè moun lan konnin ke sa l-ap pratike yo se peche.
MIN la loua pa gnou jeran Bondieu utilize pou jere gnou moun ki sove (moman salu an e apre salu an).
Pitit Bondieu-a doue etudie la loua e tire bon prinsip ladann paske se Paròl Bondieu li toujou ye.
Fò nou di, tou, paske se sa nou jouinn nan Romin chapit 8:1-13: le Sintespri ap travay anndan gnou moun ki sove par mouayin la Paròl Bondieu pou Li bay demand moral laloua nan vi moun lan kòm frui. Se pou sa gnou moun ki sove ap evite fònikasion, adultè e tout lòt yo. Se pa akoz la loua min se akoz le Sintespri k-ap viv anndan li an.