Ki diferans ki gingnin antre lanmò (naturèl), lanmò espirituèl, e lanmò etènèl?
Ki diferans ki egziste antre lavi e lavi etènèl?
Nou paka konprann ni lanmò epirituèl ni lanmò etènèl si nou pa konprann lanmò.
Li difisil (petèt inposib) pou nou konprann lavi etènèl si nou pa klè kisa lavi ye.
Kisa lanmò ye? Lanmò, sinpleman, se gnou separasion antre nanm lan e kò an.
Kisa lavi ye? Lavi se lè kò an e nanm lan ansanm. Kò an gin souf akoz lespri nou ki kinbe kò a e nanm lan ansanm.
‘Lanmò espirituèl’ se eta gnou moun, gnou kreasion Bondieu, ki vivan fizikman, min ki separe avèk Bondieu. Li pran sant, li ouè, koute, mache, kinbe, touche, manje, bouè; oui, li fanksione nan mond naturèl lan (e mond relijie an, tou), min li dekonekte avèk Bondieu. Sonje, Bondieu te di Adan, jou li te manje frui an, li t-ap mouri (Jenèz 2:17). Adan te viv pou plus ke uit-san tan apre sa avan li te mouri fizikman. Min, nan minm jou an (moman) li te manje frui an, li te mouri espirituèlman. Li te dekonekte avèk Bondieu. Pou tout pitit Adan yo (minm moun k-ap ekri tèks sa-a), depi nan vant manman nou, epirituèlman, nou te gintan mouri.
Lanmò etènèl se gnou separasion (etènèlman) antre lòm e Bondieu. Se toujou gnou separasion minm jan a-k lòt tip de lanmò yo. Nou te gintan ouè, nan sans lanmò espirituèl lan, lòm fèt tou mouri paske, akoz peche (Efezyin 2:1), nou fèt tou separe avèk Bondieu. Min lè nou vivan, ki vledi, nou pako mouri naturèlman, gingnin gnou posiblite ke separasion an ka ranje nan Kris. Min lanmò an vín etènèl lè nou mouri san padon pou peche nou yo nan Kris, e, lè sa-a, li vín inposib pou nou janm uni avèk Bondieu ankò dèske destination nou apre moman sa-a se lanfè e letan dufe-a etènèlman. Lè sa-a, nou pa sèlman subi gnou lanmò naturèl e gnou lanmò espirituèl, min nou subi gnou lanmò etènèl.
‘Lavi etènèl’ se lè pa gin gnou separasion antre nou e Bondieu. O kontrè, lè nou rive posede lavi etènèl, nou fè gnoun avèk Bondieu nan gnou sans paske nou posede le Sintespri moman nou te repanti e nou te konfie nou nan Kris kòm Sovè pèsonèl nou.
Lavi etènèl gingnin pluziè dimansion anndan li:
Premieman, lavi etènèl gingnin ladann padon pou tout peche nou yo paske se te peche nou yo ki te separe nou avèk Bondieu. Fòk Bondieu ka deklare nou just devan tròn jujman Li pou nou ka fè gnoun avèk Li.
Dezièmman, lavi etènèl lan vín gnou realite nan gnou moun ki kouè paske li posede le Sintespri. Se prezans le Sintespri anndan moun lan ki akoz moun sa-a devni gnou nouvo kreatu nan Kris. Nan Adan, li te fè pati vie (ansyin) kreasion an ki te gate akoz (e avèk) peche. Nan Kris moun ki sove an devni gnou nouvo kreatu ki LEGALMAN just devan Bondieu. Li pa fèt pou lanmò min pou lavi—li pa fèt pou lanfè min li fèt pou sièl lan. Kounye-a, tou, SI LI VRÈMAN SOVE, li gin lavi Bondieu an e li posib pou moun sa-a viv gnou vi ki bay Bondieu plezi.
Nan foli li, neglijans li oubyin nan gnou moman feblès, li ka tonbe, min peche pa gin doua kinbe li nèt. Li gin pouvoua Bondieu-a anndan li pou fè li kanpe lè li repanti pou li kapab viv pou Bondieu ankò.
FINALMAN, lavi etènèl lan se pa SIÈL lan premieman min se Kris (1 Jan 1:1-2). Depi nan sièl lan, avan Li te fèt kòm gnou Lòm, Kris te Lavi Etènèl lan (Jan 1:1-14). Min, kounye-a, dèske Li te mouri pou Li te peye dèt peche an, Li ka mete lavi Bondieu an, par mouayin le Sintespri, anndan tout moun ki kouè oubyin ki fèt ankò (ne de nouvo). Se pou rezon sa-a, tout moun ki gin Kris gin lavi etènèl; e tout moun ki pa gin Kris (yo ka gin legliz, batèm, sèvis, respè e renome nan mond relijie an), oui, tout moun ki pa gin Kris, ninpòt lòt sa yo ka gingnin, pa gin lavi (ni espirituèl, ni etènèl).