LIDÈ BONDIEU AN
LIDÈ BONDIEU AN
Minm jan mouton bezouin bèje, konsa tou lòm bezouin gnou lidè. Gnou sinp definision pou lidè an fè nou konprann ke li se gnou gid, gnoun ki pran devan epi lòt yo suiv li.
Gingnin lidè epi gingnin vòlè. Diferans lan antre yo klè: lidè an antre pou li proteje e chache interè sa yo l-ap gide an etan vòlè an li-minm, li vini pou li pran.
Travay lidè an souvan gingnin gnou salè. Parfoua, tou, konn pa gin salè, min plas lan toujou akonpagne gnou kantite respè, onè e otorite. Pandan-se-tan, lidè an pa antre nan plas lan paske l-ap chache avantaj sa yo, byin ke li merite yo e li doue aksepte yo, min li antre pou li ka benefisie e sèvi sa yo k-ap suiv li an.
Vòlè an, o kontrè, raman satisfè ak avantaj ki mache avèk plas lan. Eta (e byin-nèt) troupo an pa intèrese li. Souvan, li fè minimòm travay lan pou yo pa kouri dèyè li, min chak vire-tounin li, panse li se kòman li ka profite de sa yo ki sou chaj li an. Depi li-minm (e sa ki pròch li yo) ap byin-pase, zafè lòt yo.
Anpil foua, etan nou anba administrasion yo, li difisil pou distinge antre lidè an e vòlè an. Min istoua toujou devouale yo. Sa konn rive, moun lan yo te pran pou gnou lidè, istoua montre se te gnou vòlè li te ye. Konn gin moun, tou, yo te pran pou vòlè, min istoua prezante-l kòm gnou lidè.
Avan nou lapide lidè nou yo tankou roua, pezidan, premie-minis, senatè, depute, gouvènè e majistra yo, an nou sonje ke Bondieu mete lidè nan tout nivo nan sosiete. Papa-a se lidè madanm e piti li yo. Manman-an se lidè timoun yo. Pi gran an se lidè pi jèn yo. Direktè antrepriz lan, profesè an, mèt e jeran travay lan, polisie an, pastè an, tout se lidè lèz-òt. Mari an k-ap minimize, tronpe e bat madanm li an, ki kalite lidè li ye li-minm? Direktè e jeran k-ap vòlè kòb (e k-ap kouche) travayè yo an, ki diferans antre yo e ofisie leta k-ap fè minm bagay lan? Etan n-ap chache sinsèrite, onètete, egalite e la justis nan min chèf leta nou yo, e yo doue nou vètu sa yo, min, nan kapasite Bondieu ban nou plas lidè nan kontèks pa nou, èske nou eksprime bagay sa yo n-ap chache yo anvè moun nou reskonsab pou yo an?
Bondieu konnin nou bezouin gnou lidè ki pou gide nou. Lidè Bondieu prezante nou an se pitit Li an, le Segnè Jezu Kris.
Pami lòm, konn gin bon lidè: bon prezidan, bon majistra, bon direktè, bon papa, bon mari. Apre yo mouri, istoua di nou se vrè lidè yo te ye. Li te gnou prezidan ki pa-t vín chache renome e richès, min ki te fè anpil efò pou li te amiliore vi pèp lan. Li te vle leve dignite pèp lan pami komunote intènasional lan. Madanm lan sonje kijan mari-l te rinmin-l, respekte-l, proteje-l e rann li erez. Istoua moun sa yo prezante yo kòm vrè lidè.
Min si nou deside antre fon pou-n egzamine vi e travay yo, minm si nou rekonèt valè yo, nou konnin ke n-ap dekouvri kèk feblès, kèk erè e kèk tò lakay yo kanminm, byin ke se te vrè lidè yo te ye, paske yo inparfè minm jan avèk nou.
Lidè Bondieu an, le Segnè Jezu Kris, se sèl Lidè ki parfèt. Li san tò e Li te toujou aji avèk bon intansion. Li pa-p janm mande troupo an fè gnou bagay Li Minm-Minm Li pa t-ap fè. Tout aksion Li, tout desizion Li se pou byin-nèt troupo an. Li pa-t vín pran sa yo te gingnin. O kontrè, Li te rich, min ekrivin an di nou ke Li te vín pòv pou Li te ka fè troupo an vín rich avè-L (2 Korintyin 8:9).
“Vòlè vini pou gnou sèl bagay: pou volò, tue e detoui; mouin-minm, mouin vini pou bay mouton yo la vi, e pou ba yo-l anpil”
(Jan 10:10)