Kris, Pitit Bondieu-a, te inkane kòm gnou lòm. Jan devouale nou ke idantite ‘Kris’ nan inkanasion Li se ‘Jezu de Nazarèt’. Moun lan ki nie Jezu kòm pitit Bondieu-a demere nan fènoua. O kontrè, moun lan ki kouè ke san Jezu, Pitit Bondieu-a, ki te vèse an se te pou peche li yo, moun sa-a demere nan lumiè Bondieu. Li posede lavi etènèl nan Kris (1 Jan 1:7). Lavi etènèl lan manifeste nan kouayan sa-a nan obeisans li anvè Kris (1 Jan 2:3-11), sintete nan vi li (1 Jan 3:3-10) e nan lanmou li pou pitit Bondieu yo (1 Jan 3:11-18). Kounye-a, Jan fè nou konprann ke sintete e lanmou Bondieu nan vi Kretyin an bay Kretyin sa-a asurans de salu an (1 Jan 3:19-24).
Gnou moun ki konfie-l nan Kris otomatikman gin lavi etènèl. Etan pa gin angnin ki ka fè-l pèdu salu an, si Kretyin an pa viv nan sintete e lanmou, kè li (konsians li) ap kondane li e l-ap mete li an dout de salu ke li te jouinn nan Kris lan. Konsians li ka pale konsa avèk li: “Ou kouè se gnou vrè Kretyin ou ye? Si ou te gnou pitit Bondieu ou pa t-ap antre tèt ou nan gnou bagay konsa, non!” Refleksion sa yo ap akoz Kretyin an panse e minm kouè ke li pa gnou vrè kouayan.
Min, paske moun lan sove e li gin le Sintespri (1 Jan 3:24), lè li repanti, ki vledi, li retounin nan la Paròl Bondieu pou-l pratike sintete e lanmou Bondieu ke Kris te òdone an, Bondieu kapab fè-l rejouinn asurans e joua li ankò paske Bondieu pi gran pase kè li (konsians li). Li (e lòt Kretyin) kapab doute salu li paske li travay pou sa min Bondieu konn verite an e Bondieu kapab restore li (1 Jan 3:19-20).
Eta prefere Kretyin an se pou pa gin okinn kontradiksion antre kanpe li nan Kris e mache li avèk Kris. Lè moun lan konsistan, ki vledi, l-ap viv sa li ye an, l-ap joui anpil asurans devan Bondieu. La priè moun sa-a puisan paske li fè Bondieu plezi. Obeisans anvè kòmandman yo ki mande pou-l kontinue nan doktrín lan ke Kris se Dieu inkane, evite peche, pratike la justis e rinmin pitit Bondieu yo pa sèlman sèvi kòm gnou temouagnaj pou li, lòt Kretyin e mond lan ke li reyèl, min se gnou plezi li ye, tou, pou Bondieu. Kretyin sa-a pa sèlman gin paròl min vi li se prèv ke li demere nan Bondieu. E dèske gnou moun paka pratike justis e lanmou Bondieu si prezans le Sintespri pa andedan li, vi obeisans li prouve ke Bondieu demere nan li atravè le Sintespri (1 Jan 3:22-24).