SIÈL LAN
SIÈL LAN
Nou pa doue fè erè sa-a, pou nou panse ke Bondieu pa vle nou nan sièl lan. Bondieu vle pou nou joui gnou relasion avèk Li pandan nou vivan sou tè an e Li vle nou viv nan prezans Li apre lanmò nan sièl lan:
“Bondieu Sovè nou, ki vle ke tout moun sove e rive nan konnesans la verite” (1 Timote 2:3-4)
Nou konnin Bondieu rayi peche nou e Bondieu an-kolè avèk nou akoz peche e rebelion nou, min Bondieu pa vle pou nou ni viv, ni mouri nan eta sa-a. Dezi Bondieu se salu nou: se pa nou ki te injeniè salu an. Bondieu pa-t konsulte avèk nou lè-L t-ap planifie-l. Levanjil lan (salu an) te jouinn nesans li nan kè e nan panse Bondieu:
“Ka gin gnou sèl Bondieu, e ant Bondieu ak lèz òm gin gnou sèl pèsonn tou ki vi-n pou mete akò, Jezu-Kri òm, li ki bay tèt li li-minm kòm pri pou rachte tout moun” (1 Timote 2:5-6)
Pa gin akò ant nou e Bondieu. Etan Li rinmin nou, Bondieu legalman e justeman fache avèk nou akoz peche nou yo paske sintete Li mande justis e li mande pou peche juje.
Nou minm, o-kontrè, nou se gnou bann rebèl ki rayi Bondieu e ki lènmi avèk Li. Nou tout fèt nan eta sa-a: gin moun ki fè li parèt pi klè avèk aksion-l yo ke lòt min nou nan minm eta. Lè Bondieu di nou pa fè gnou bagay, nou vag Li epi nou fè li kanminm, sa se prèv de hèn lan ki sere nan kè nou kont Bondieu. Min eta nou kòm ènmi Li parèt pi klè lè nou deside rejte Pitit Li an e salu Pitit Li an ofri nou an. Se tretman nou bay Pitit Bondieu an ki vrè prèv de sa nou panse de Bondieu.
“Moun ki pa onore le Fils, pa onore Papa ki voye li a” (Jan 5:23)
Rezon ki fè anpil moun mouri al nan lanfè se pa paske Bondieu pa vle yo nan sièl lan min se paske yo paka antre:
“Nou va chache-m, e nou p-ap jouinn mouin, e kote mouin va ye a, nou pa kapab vini” (Jan 7:34)