Gin moun ki evite (pase louin) levanjil lan paske yo pa intèrese. Yo pi pito peche yo pase gnou relasion ak Bondieu. Yo pa reflechi sou sa, min gou-peche-gou-an, li pral anmè; kèk foua nan vi sa, min nan lanfè, garanti. Se choua yo, min fò yo subi konsekans lan, tou.
Min gin lòt moun ki evite levanjil lan paske yo pa vle fè ipokrizi. Yo konnin yo paka viv tankou gnou Kretyin paske chèn peche an trò rèd. Sa moun sa yo pa konprann lan se ke gnou moun ki resevoua Kris, prezans le Sintespri anndan li vín fè peche tounin gnou doulè pou li. Peche an ka dous pou li pou gnou ti kras tan min regrèt lan apre ti gou an fín pase ap vín insupòtab — san nou pa di angnin de disiplín Bondieu pou pitit Li an ki fè peche an. Non sèlman sa, min gnou pitit Bondieu reyèlman rinmin la justis. Bagay sa yo vini ak salu an. San salu an, gnou moun paka fasil evite peche e li paka pran plezi nan la justis Bondieu an.
Si moun lan ouè li paka viv konsa, se ak rezon. Sa inposib pou li.
Oui, nou konnin gin moun ki pa konprann levanjil lan k-al preche moun gnou levanjil ki san-devan san-dèyè. Apre yo prie pou moun lan (oubyin yo fè lòt vie afè yo), yo deklare moun lan sove. Min, apre gnou ti tan, moun sa-a ouè li retounin nan tout sa-l te konn fè yo. Li pa gin fòs pou li reziste peche e li pa rinmin la justis. Sa moun lan pa konprann lan, anpil foua, se gnou fo levanjil yo ba li ki pa gin pouvoua ladann pou chanje vi li.
Gnou tès pou ou ba moun sa yo k-ap preche ou an pou ou ouè si levanjil yo an bon, mande yo èske yo minm-minm yo gin lavi etènèl. Mande yo èske yo san-pou-san ke tout peche yo, pase, prezan, futu padone, e ke, y-ap antre nan sièl lan apre lanmò. Gin anpil chans y-ap di ou sa inposib. Lè sa ou konnin ke yo pa vrè pitit Bondieu e yo pa gin lavi etènèl. Y-ap preche ou gnou bagay yo minm-minm yo pa gingnin e yo pa konprann.
Gin sa ki ka ba ou manti, k-ap di ou oui yo gingnin li. Mande yo kòman yo fè konnin ke yo gingnin li. Si y-ap pale ou de zèv yo kòm sous asurans yo oubyin kòm sous gnou pati nan asurans yo, se manti y-ap ba ou. Yo pa gingnin li.
Pa blie, gingnin anpil fo levanjil k-ap preche, ki kreye anpil fo Kretyin, ki akoz anpil fo legliz egziste, ki kale, tankou mouch, anpil fo pastè, fo predikatè, fo diak, fo tout lòt bagay yo. Fo levanjil sa yo paka bay padon pou peche, yo paka ba moun lapè ak Bondieu e yo paka mete gnou vrè chanjman nan lavi lòm paske yo pa reyèl. Yo pa de Dieu.