KI KALITE MOUN KI BEZOUIN SALU AN? E KÒMAN MOUN SA-A KA RIVE POSEDE SALU AN?
KI KALITE MOUN KI BEZOUIN SALU AN? E KÒMAN MOUN SA-A KA RIVE POSEDE SALU AN?
Moun ki kalifie pou salu an se gnou moun ki rekonèt ke li gin peche e li paka retire peche li yo selon zèv li (Galat 3:11). Kris konpare moun konsa tankou gnou moun ki malad e Li di se Li Minm sèl ki Doktè an ki ka geri moun sa-a e se pou moun sa yo sèlman Li te vini. Paske Li pa-t vini pou moun ki just yo dèske moun sa yo pa bezouin gnou Sovè, min Li te vini pou moun ki fè peche ki ta rinmin delivre anba pouvoua peche e anba jujman Bondieu pou peche yo (Mak 2:17-18).
Pou gnou moun konsa, depi li aksepte ke li pèdu e li nan rout lanfè akoz peche-l yo, moman li rekonèt e li aksepte ke Kris te soufri-mouri nan plas li, la Bib di, nan minm moman sa Bondieu sove moun sa (Travay 16:31; Jan 3:16; Jan 5:24).