“Sa ki mete gnou moun nan gnou eta pou li ale nan lanfè apre lanmò se peche yo ke li konmèt nan vi li. Justis Bondieu mande fòk peche juje. Minm si Bondieu te rekonèt bon zèv gnou moun ki pa gin Kris—e nou konnin Li pa rekonèt bon zèv moun sa yo—bon zèv gnou moun paka retire peche li te gintan konmèt yo. Fò Bondieu juje peche ki prezan e peche ki pase yo. Min, si te gin gnou moun ki te san peche e ki te gin ase fòs pou li te soufri pou li, moun lan pa t-ap bezouin soufri dèske moun sa-a te gintan soufri nan plas li.
Levanjil lan di nou ke Bondieu te voye gnou moun, e moun sa-a se te Pitit Bondieu-a, ki vledi, Li se Dieu. Kòm Dieu ki sin an, lè Li te sou tè an kòm gnou lòm, Li pa-t gin peche. An minm tan, kòm Dieu, Li te omnipotan, ki vledi, Li te gin ase fòs pou Li te soufri gnou soufrans ki te ase pou satisfè tout demand Bondieu pou tout peche. Inpòtans sa-a, se ke, lè gnou moun resevoua Kris, jujman pa egziste pou moun sa ankò etènèlman dèske Kris te gintan soufri pou li.
Kote Bondieu juje gnou moun akoz peche-l yo se nan lanfè.
Sou la koua, Kris te soufri pou moun ki kouè an tout sa li ta pral soufri nan lanfè.
Kounye-a, si moun lan te kouè vre, li paka soufri nan lanfè ankò. Poukisa? Paske jujman pa egziste pou li ankò dèske Bondieu paka juje minm peche an de foua.
“Kris minm te mouri gnou foua pou tout akoz peche yo, jus la pou injust yo, afin ke li kapab minnin nou bay Bondieu”
(1 Piè 3:18)