“Lè sa a m-a di yo a-klè: Mouin pa-t janm konnin nou; ouète nou sou mouin, nou-minm ki konmèt inikite...” (Matie 7:23)
Li fasil pou ou tande lè gnou moun mouri pou lòt ap di soufrans moun sa-a fini. Kounye-a, moun sa nan sièl. Anpil foua, si ou ta mande yo, sou kisa espoua sa yo gingnin an chita, ke moun lan ki mouri an te antre nan sièl, yo paka di ou. Ka gin pluziè rezon pou sa, min gnoun nan rezon ki fè yo prezante espoua sa-a ki san fondasion an se paske anpil moun pa konnin kòman gnou moun ka gin gnou vrè asurans pou sièl lan. Pou rezon sa, yo depann de anpil fo supozision.
Nou vle pote gnou ti lumiè sou sa: an realite, se pa tout moun ki mouri ki rantre nan sièl lan. Gnou moun ki rantre nan sièl lan se gnou moun ki te jouinn padon pou peche li pandan li te vivan. Justis Bondieu mande pou peche juje. Si peche gnou moun pa padone nan vi sa-a, fò peche sa yo juje nan lanfè. O-kontrè, gnou moun ki jouinn padon pou peche li yo nan vi sa-a, Bondieu pa t-ap gnou Dieu ki just si Li ta juje li pou minm peche sa yo ankò. Pou rezon sa, gnou pechè peche li yo padone paka mete pie li nan lanfè. Moman li mouri, fò li antre nan sièl.
Pasaj lan anro tèks sa-a, nou kouè, fè nou ouè ke gin moun Bondieu pa-p aksepte antre nan sièl lan. Moun sa yo Kris di yo, non, yo paka antre an, lè ou li vèsè yo ki te vini avan vèsè sa, se moun ki te panse, akoz zèv yo, ke yo t-ap antre. Petèt, se moun anpil lòt moun te kouè ki t-ap antre selon vi pròp yo oubyin travay yo. Èske ap gin kèk pastè la? Oui, nou kouè sa. Èske ap gin kèk predikatè, misionè la ak lòt bon moun selon sosiete? Oui. Nou kouè sa.
Kounye-a, nou souete, ou-ap mande, pou ki rezon Kris pa aksepte yo? Oui. Nou konnin Kris pale de inikite yo. Min kiyès ki ka di yo pa-t janm konnèt gnou peche? Ki lòt rezon ankò ki fè yo paka rantre? Kris di yo pa-t fè volonte Papa Li. Gin gnou lòt rezon: Kris di Li pa-t rekonèt yo. Inbin, se sa ki repons lan. Se pou rezon sa yo moun sa yo pa kalifie pou sièl lan nan jou sa-a.
Gin moun k-ap kouri mare kòd la loua e kòd zèv nan kou nou pou kesion volonte Li an. Y-ap di salu an gin zèv ladann paske fò ou fè zèv pou ou fè volonte Li. Min gin tròp kote Bib lan fè nou ouè ke salu an se gnou don gratis, san zèv pa mele (Efezyin 2:8-9). Nou konnin, apre salu an, ap gin zèv kòm prèv ke moun lan sove (Efezyin 2:10). Min, pou nou jouinn salu an e pou nou rete nan salu an, tout se gras Bondieu nan Kris. Tout se travay Kris.
Inbin, kisa ki volonte Papa-a ke moun sa yo pa-t fè an?
Gnou group mesie te mande Jezu: “kisa nou doue fè pou nou fè zèv Bondieu...”
Kris reponn yo: “Min sa ki zèv Bon-Dieu: pou nou kouè nan sila li voye a” (Jan 5:28-29).
Ou ouè, travay salu an gintan akonpli nan Kris. Bondieu pa mande nou pou nou ede Kris akonpli travay salu an nan okinn kapasite. Espirituèlman, peche rann nou paralize pou nou sove tèt nou e pou nou ede Bondieu sove nou. Sèl sa nou ka fè se repanti epi mete konfians nou nan Kris ki te fini travay salu an.
Min ou doue mande, kòman Li ka rive konnin gnou moun paske Li pa-p kite gnou moun antre si Li pa konnin moun lan? Repons lan sinp. Nou tout fèt san gnou relasion avèk Bondieu. Nou bezouin antre nan gnou relasion avè Li nan Kris: “Li bay tout moun ki resevoua li [Kris] pouvoua pou yo vini pitit Bondieu, tout sa yo ki KOUÈ nan non li” (Jan 1:12).
Èske li pa t-ap pi bon, nan antèman ou, non sèlman pou yo di ou nan sièl lan, min pou ou vrèman nan sièl lan? E, si par chans gnou moun ta mande moun lan ki di ou nan sièl lan kòman li fè konnin ou nan sièl lan, èske li pa t-ap pi bon pou moun pa ou an ka pale yo gnou jou nan vi ou lè ou te mete zèv justis ou yo atè, e ou te mete tout konfians ou nan Kris pou peche ou yo te ka padone?