LANMOU INKONDISIONÈL
LANMOU INKONDISIONÈL
Nou souvan tande-l nan kantik populè yo, nou lir de li nan literatu, e nou ouè-l nan film: gnou lanmou k-ap dure pou tout tan, ki pa depann de aparans nou sèlman; gnou lanmou ki la nan sante e nan maladi, nan bon tan e nan move tan; gnou lanmou ki pi fò ke tout erè ke nou konmèt.
Sere nan kouin kè tout moun se gnou dezi pou lanmou sa-a. Gingnin anpil erè ki konmèt etan n-ap chache-l, erè ki akoz anpil dlo-nan-zie, anpil regrèt. Anpil depans fèt pou achte li, tou, depans sante, depans bèlte, depans jenès, depans tan, depans byin-materièl, depans lajan. Min li difisil pou nou idantifie lanmou sa-a lè nou ouè-l epi nou trouve-l difisil pou nou jere-l lè nou jouinn li.
Nou felisite tout moun ki nan gnou relasion ki fonde sou lanmou e respè, kote koup lan rete ansanm an fas tout problèm ki vini pou detri fouaye an.
Min lanmou sa-a n-ap trete la-a, vrè lanmou n-ap chache an, se gnou lanmou inkondisionèl ki pa egziste nan mond lan. Lanmou sa-a jouinn rasín li nan sièl lan nan kè Bondieu. Gnou moun k-ap chache-l p-ap ka jouinn satisfaksion nan gnou imitasion mond lan prezante li.
Se Bondieu sèlman ki kapab rinmin nou san Li pa gin angnin L-ap defann. Lanmou Bondieu an pou nou pa egziste akoz bèlte nou paske peche te donmaje nou—li te fè nou vín lèd. Bondieu p-ap chache manje fòs nou paske peche rann nou san fòs. Se pa richès nou ki atire Bondieu paske, minm si Li te kreye nou rich, peche te antre, li te vòlè tout richès nou yo epi li te kite nou tou pòv. Bondieu pa rinmin nou pou okinn lòt rezon ke Li vle vide benediksion Li e bonte Li sou nou.
Prèv lanmou sa-a Bondieu gingnin pou nou an manifeste tèt li nan Pitit Li an, le Segnè Jezu Kris. Avan Li te fèt kòm gnou lòm, Li te egziste etènèlman nan sièl lan kòm Pitit Bondieu an—kòm Dieu. Min lanmou Bondieu pou nou te akoz Li kite sièl lan, vire do bay tout richès Li yo, pou Li te vini sou tè an, kòm gnou pòv, pou Li te kapab soufri pou peche nou yo. Li te fini travay lan ke Bondieu te ba Li fè an pou Li te kapab sove nou. Kounye-a Li nan sièl lan. Gnou moun sou tè an resevoua lanmou Bondieu an nan Li lè moun lan repanti de peche li yo e li deside mete konfians li nan Kris kòm Sovè e Segnè.
“Min ki sa lanmou ye, se pa ke nou te rinmin Bondieu, min ke Bondieu te rinmin nou e Li te voye Pitit Li kòm sakrifis pou peye dèt peche nou yo”
(1 Jan 4:10)