Kounye-a nou antre nan tribunal Bondieu an (1:18). Avan apòt lan te antre nan dosie sièl lan kont lòm, li te premieman prezante justis ke Bondieu ofri kreatu Li an gratis (1:16-17). Justis vledi Bondieu deklare moun ki koupab lan just lè moun sa-a resevoua Pitit Li an par la foua. Apòt lan gin pou-l detaye kòman gnou Dieu ki just kapab justifie moun ki koupab nan Kris san Li pa viole justis Li (3:23-26).
Pou le moman, apòt lan devouale nou eta nou deyò justis Bondieu-a nan Kris.
Lòm se gnou kreatu ki anba kondanasion Bondieu pou toua rezon. Li kondane premieman akoz atitud li anvè Dieu—li derespekte Bondieu. Dezièmman, li kondane akoz aksion injust li yo, ki se, peche yo ke li konmèt nan vi li kont Bondieu. Touazièmman, li kinbe la verite esklavaj, ki vledi, li konnin verite Bondieu an min li aji okontrè (1:18).
Sa-a doue klè ke kolè Bondieu anvè lòm se pa gnou sinp emosion min se gnou atitud ki lojik e ki konfòme avèk justis.
Rès chapit lan detaye toua kategori krim sa yo (1:19-32).
(1)
Apòt lan detaye premie krim lan pou nou, ki se, derespektan lòm anvè Dieu.
Kondanasion sa-a anbrase sièk Adan te tonbe an, pase pran tout lòt sièk yo ki t-ap vini apre kote lòm nan rebelion li kontinue viv kont otorite Bondieu. Kondanasion an rive sou tout nasion payin yo ki te egziste, ki egziste e k-ap egziste.
(Apòt lan gin pou-l pran Jouif yo apa akoz gran privilèj yo an, 2:17-29).
Etan gin bagay de Kreatè an ke payin yo pa-t ka konnin paske Li pa-t revele tèt Li ba nou tankou Jouif yo, min gin bagay ki univèsèl ke Bondieu Li-minm mete klè pou nou. Bagay sa yo se bonte Li, ke apòt Pòl rele ‘kalite Li ki bon sou tout pouin’, puisans etènèl Li e eta Li kòm Dieu (1:19-20). Lòm te doue gade mond lan, sièl lan e espas lan ki kinbe lun lan, planet yo e zetoual yo (tankou solèy lan) e konprann ke gingnin gnou Dieu ki invizib ki te kreye yo. Kreasion an revele ke Dieu sa-a tou-puisan, Li rinmin lòm e Li se unik Dieu an.
Ak tout lumiè sa yo, pitit Adan yo te ingra. Yo pa-t ba Li gloua ke Li te merite kòm Dieu. O kontrè, yo te chouazi ranplase konesans Bondieu avèk vie lide. Dèske yo te rejte lumiè an, kè yo te vín san konprann e tenèb lan te antre otomatikman (1:21). Depi ou di Bondieu “non,” ou otomatikman di Satan “oui!” paske se prezans Bondieu ki pou chase prezans Satan.
Vire li vire do bay Bondieu, plas Bondieu te okupe an nan kè lòm te vín rete vid. Ak tout avansman li, edukasion li, filozofi li, lòm panse ke li saj min, an reyalite, li fou paske l-ap adore ‘imaj lòm, zouazo, bèt kat pie, [e] koulèv’ (1:22-23) paske l-ap chache plin ‘vid lan’ avèk kòrupsion ke li imajine. Si-l te saj vre, li pa t-ap prezante gnou ròch, pie boua, riviè oubyin statu ki paka reponn li la priè li.
Sa se premie dosie an kont nou. Lòm ‘chanje la verite Bondieu an manti,’ yo ‘adore’ e ‘sèvi kreatu [an], o-lie yo adore Kreatè a, li-minm ki beni pou letènite’ (1:25). Se nan sans sa nou derespekte Bondieu.
(2)
Apòt lan kounye-a ba nou dezièm akuzasion Bondieu kont lòm. Toua foua nou lir ke Bondieu lage lòm (1:24, 26, 28). Bondieu lage lòm nan salte dapre vie anvi li ki gin rapò ak nanm li (v.24), Li lage lòm nan pasion kote l-ap pousib bagay k-ap umilie kò li (v.26), e, finalman, Li lage-l nan move konprann, ki pi apiye espri li (v.28). Lè-l te nan prezans Bondieu, Segnè-a te restrinn li pou-l pa-t tonbe nan salte sa yo. Min, dèske li vire do bay Kreatè Li an, Segnè-a deside lage-l fè bagay ki vrèman santi. Sa se gnou avètizman pou tout moun ki tante kite prezans Bondieu. Ale n-ale, nou an danje tonbe nan tout salte paske se prezans Bondieu ki pou proteje nou kont mond lan e kont natu peche an ke nou eritie nan Adan.
Nou kapab lir de gran salte sa yo apòt lan pral prezante nou yo epi nou kouri leve-kanpe pou-n kondane yo. Reaksion sa-a pa t-ap san rezon paske nou lir de gason k-ap sèvi avèk gason kòm fi pou reponn ak bezouin seksièl yo. Fi bese kò yo devan animal pou satisfè egzijans la chè ke yo ta doue jouinn nan mari yo. Malpròpte sa yo ke y-ap konmèt lan ouvri pòt pou tout kalite maladi antre nan umanite (1:24, 26-27). Vrèman, apòt lan atache abominasion sa yo dirèkteman avèk desizion lòm te pran pou-l te abandone Bondieu (1:28). Kòm prèv de verite sa-a, gran sosiete yo ki te plus gin konesans Bondieu nan mond lan min ki rive deside vire do ba Li, tankou, Etazuni, Canada, la France, Angletè, ak pluziè lòt, se lakay yo ke malpròpte sa yo plus pran pie e se yo-minm ki pi gran chanpion aksion sa yo, k-ap defann salte sa yo e k-ap fè promosion pou yo. Min nou doue lir rès chapit lan (1:29-32).
Apòt lan kontinue prezante nou zak injustis lòm konmèt ki kalifie li pou kolè Bondieu. Li di nou se moun ki nan fònikasion, gnou mo ki anbrase tout peche seksièl deyò mariaj, tankou adultè. Moun sa yo mechanste, ki vledi, yo rinmin fè moun mal. Moun injust sa yo gin move anvi—yo vle tout pou yo. Yo malis, ki signifie, yo gin move intansion anvè lèzòt. Jalouzi abite lakay yo, ki vledi, yo pa vle ouè lòt moun prospere. Yo asasine moun. Yo roy-roy nan sans ke yo rinmin joure. Manti se metie yo. Moun sa yo krochèt—yo pran tout ti sinp aksion, vire yo e tòde yo pou yo ka parèt pi mal (v.29). Moun kondane sa yo rinmin pale moun mal, yo ènmi ak Bondieu, yo pran avantaj sou sa-k pi fèb yo pou fè yo soufri e yo leve tèt yo pi ro ke lèzòt. Moun sa yo arogan, ki vledi, yo bay tèt yo plus inpòtans ke yo merite paske yo manke umilite. Yo abil nan fè mal. Injust sa yo rinmin invante (kreye) fason pou fè moun soufri. Yo pa obei paran yo. Moun sa yo pa gin gnou bon konprann de sa ki bon moralman. Yo pa fran, ki vledi, yo pa kinbe paròl yo. Yo san afeksion ki ta doue naturèl anvè gnou paran, madanm osoua pitit, minm si atitud sa-a ta devni gnou aksion, tankou abandonman, ki ta rive koz lanmò moun lan. Yo pa respekte kontra yo signin e yo san pitie (1:29-31).
(3)
Apòt lan di nou ke lòm konnin bagay sa yo pa bon. Yo gin konesans sa-a paske Bondieu-minm te plante-l nan kè yo. Tout sosiete gin loua ki kondane anpil nan aksion sa yo. Sa di nou ke, se pa konnin yo pa konnin verite an. Yo ouè li min yo vag li. Se nan sans sa-a yo fè verite-a esklav ak mechanste.
Apòt lan sot prezante nou zak yo ki kondane nou devan Bondieu. Tout moun, tout sosiete pa konmèt chak grinn zak sa yo, min gingnin ladan yo ke tout moun konmèt. Pou rezon sa-a, tout moun fèt anba kolè Bondieu. Nou tout bezouin levanjil lan paske san levanjil lan ki kapab ban nou justis, nou kondane e nou san espoua.