Konfians nan travay e idantite Jezu Kris kòm Pitit Bondieu-a bay nesans nan fanmi Bondieu, ki vledi, vrè Kretyin an se gnou pitit Bondieu (1 Jan 5:1). Gnou pitit Bondieu pa doue anbrase doktrín demoniak k-ap atake plas Kris nan trinite-a (1 Jan 4:1-4). Kretyin an doue pròp doktrinalman.
Kretyin an doue diferan, tou, avèk mond lan nan afeksion li. Prèv ke gnou moun se gnou pitit Bondieu se pa sinpleman pèseverans nan doktrín Kris lan. Bondieu se lanmou e lanmou soti nan Bondieu. Nèsans li jouinn nan Bondieu an ap akòde li lanmou. Gnou konfesion la foua san lanmou se gnou fo konfesion. Moun lan ki konn Bondieu doue gin lanmou (1 Jan 4:7-8).
Bondieu kòmande pitit Li yo lanmou paske se egzanp sa-a Li te prezante yo. Lè nou te pèdu nan peche, san lanmou nan kè nou pou Li paske nou te ènmi avèk Li, Bondieu te voye Pitit Li an peye dèt peche nou. Konsa, tou, Kretyin yo doue rinmin lin-e-lòt minm lè gin ofans oubyin dezakò antre yo. Bondieu vle pitit Li yo imite lanmou-L (1 Jan 4:9-11).
Pa gin lanmou pou Bondieu si pa gin lanmou pou pitit Li yo paske Bondieu invizib. Pitit Li yo, o kontrè, vizib. Lanmou pou pitit Li yo se prèv ke prezans Bondieu andedan gnou moun ki di-l se Kretyin. Manifestasion lanmou Li te plante andedan moun lan se gnou temouagnaj, tou, ke moun sa-a parfèt nan lanmou, ki vledi, moun lan reyèl e l-ap mature nan lanmou (1 Jan 4:12).