Pèsòn pa-t fèt gnou Kretyin. Gin moun ki fè plus, min nou tout te eritie gnou natu peche nan Adan ki te pouse nou konmèt dè choz ki te elouagne nou de Bondieu e ki te mande kolè Li (Romin 1:18-3:20). Pechè pèdu an ki devni gnou pitit Bondieu se gnou moun ki gin gnou jou nan vi li lè li te konprann e anbrase travay Kris lan par la foua pou retire peche li (Romin 3:21-4:25). Kris padone tout peche moun sa-a pou fè li antre nan fanmi Bondieu—e, an minm tan, estatu li te rive chanje konplètman e etènèlman (Romin 5:1-21). Bondieu separe Kretyin sa-a avèk peche nan lanmò e rezureksion Kris lan pou-l kapab devni sèvitè Li (Romin 6:1-23). Natu peche an ki toujou avè-l lan ap fè tout efò pou fè-l retounin nan ansyin salte yo (Romin 7:1-25) min Bondieu te ba li Sintespri pou fè espri-l, ki te mouri nan peche, resusite pou-l kapab reziste egzijans peche (Romin 8:1-13). Sintespri ede li reziste ansyin natu an e Li ba li konesans e asurans lan nan espri li ke li se gnou vrè pitit Bondieu, ki vledi, li gin gnou eritaj nan Bondieu k-ap parèt avèk Kris lè Kris retounin nan gloua Li. Gnou moun ka pataje ansegnman sa-a avèk gnou lòt moun min asurans lan (oubyin, nou ka di, realite an,) soti nan Sintespri, ki vledi, gnou moun ki pa gin Sintespri, paske li pa sove, pa kapab janm jouinn asurans sa-a (Romin 8:14-18).
Moun lan ki rekonèt ke li kondane akoz peche-l yo min ki konprann e aksepte ke Kris te mouri pou li devni gnou pitit (gason) Bondieu. Prezans le Sintespri andedan li k-ap ba-l fòs pou reziste peche e k-ap ba li asurans de eritaj e gloua ki kache pou li an nan Kris se prèv ke li adopte nan fanmi Bondieu an. Min manifestasion adopsion an se gnou evenman futu k-ap realize konplètman nan anlèvman (e nan rezureksion) fidèl yo. Se evenman sa-a tout kreasion an ap tann (Romin 8:19).
Tout bagay nan univè an (non sèlman planet nou an) ap mouri. Sians minm anbrase fenomèn sa-a kòm gnou bagay naturèl. Min pouritu kreasion an pa-t nan plan orijinal Bondieu. Se peche Adan nan Edèn ki la koz. Apre peche te antre, Bondieu te kondane kreasion an anba lanmò, byin ke se pa sa ni Li, ni kreasion an te vle. Min Li pa-t kite kreasion an san espoua (Jenèz 3:15).
Nan rezureksion an, kote kouayan yo ap chanje fizikman e vizibman, kreasion an ap delivre anba prinsip lanmò ki egziste nan tout kouin univè Bondieu an. Rezureksion sa-a anbrase rezureksion legliz lan k-ap rive avan tribulasion an (1 Tesalonisyin 4:13-18). Li pase pran rezureksion fidèl ansyin testaman yo (Danièl 12: 10, 13) e li ranmase rezureksion fidèl yo k-ap mouri pandan tribulasion an, tou, (Revelasion 20:4). Bon sans minm di nou, fidèl yo ki te vivan nan fin tribulasion an, k-ap vivan pou tout milenè an ak kò nòmal yo, ap bezouin transfòme, tou, pou yo kapab antre nan nouvo sièl yo e nouvo tè an ak gnou kò glorie (Revelasion 20:11; 21:1). Sa di nou, rezureksion an n-ap trete la anbrase chanjman yo, tou, byin ke y-ap vivan, ki vledi, eksperians yo an pa yon rezureksion pami mò.
Inbin, se rezureksion sa-a kreasion an ap tann san souf lan, pou li kapab delivre anba lanmò. Nan sans sa-a, tout kreasion an ap ‘patisipe nan libète pitit Bon-Dieu yo, gnou libète ki plin avèk gloua’ (Romin 8:21).
Bondieu ouè soufrans e mizè tout nasion yo. Tranbleman-de-tè, tsunami, dufe nan forè yo, soufrans animal yo, tout kalamite sa yo se tankou tranche gnou fanm ansint k-ap tann delivrans (gnou bebe). Tranche sa-a te kòmanse depi Adan te peche e l-ap kontinue juska kounye-a. Minm nou-minm ki posede le Sintespri ki gingnin konesans paske nou jouinn tout detay yo, n-ap pouse soupi. Chak vant fèmal, tèt fèmal, kò fè mal, doulè e feblès ki akonpanie laj, mariaj ki kraze, destruksion dròg e klerin nan fanmi e zanmitay nou, separasion ak moun nou rinmin yo nan lanmò, tout deranje nou. N-ap tann san souf lè adopsion an ap konplete nan rezureksion an, lè bagay sa yo pa-p egziste ankò paske nou konnin yo pa nòmal (Romin 8:20-23).
Bondieu vle pou nou konprann ke nou sove par espoua kounye-a. Prezans le Sintespri andedan nou se gnou ti goute Li ban nou de sa k-ap vini. ‘Espoua’ nan Bib lan pa vledi ou-ap espere pou gnou bagay ki ka fèt oubyin ki ka pa fèt. Espoua nan Paròl Bondieu vledi di ou konnin gnou bagay ap vini min li pako vini. Ou ka pa konnin ki lè l-ap vini, min ou konnin ke l-ap vini kanminm. Si nou te gintan ouè tout bagay sa yo e nou t-ap viv yo deja, nou pa t-ap nan esperans. Salu nou, pou le moman, se gnou esperans k-ap parèt konplètman nan rezureksion an. Min prezans le Sintespri andedan nou (e tout travay L-ap fè nan kè e nan vi nou) ban nou asurans lan ke delivrans lan reyèl. Pou kounye-a, dèske nou pako ouè-l, nou gin obligasion ‘tann ni avèk pasians’ (Romin 8:25).