GNOU VRÈ LANMOU
GNOU VRÈ LANMOU
Jèn gason an chouchoute jèn fi an, fè li kouè ke li vle pou yo bati gnou vi ansanm, ke se li sèl li ouè, juskaske jèn fi an kouè nan li. Konfians li nan jèn gason an fè li livre kò li ba li. Drive li fín drive timoun lan, li brize kè li (pètèt bay li gnou maladi) epi li tou fè rout li.
Jèn fi an binyin jèn gason an avèk atansion e afeksion—plede rele li, toujou vle ouè-l, pase bèl moman avèk li juskaske li anvayi tout kè e tout vi li. Antre demouazèl lan antre, li manje tout fòs li. Apre-l fín jouinn sa-l t-ap chache an, vrè idantite li parèt klè. Kè li e kò li pa-t janm pou timoun lan sèlman paske non li site tout kote avèk anpil lòt moun.
Chèf leta kòronpu an oubyin oligak kòronpu an fikse zie li sou gnou jèn gason ki intelijan e ki fò. Li se gnou lidè, gnou moun lòt jèn yo respekte, ke yo vle suiv. Chèf lan (oligak lan) vide lajan sou li, fè li kreye gnou baz, voye li fè zak malonèt, zak sal, zak kriminèl. Li mete li nan gnou rout ki jouinn bout li nan gnou falèz. Tout plan timoun lan, tout vizion li pou vi li, pou fanmi li, tout anule. Madanm li ak pitit li ke li kite dèyè pa respekte nan sosiete an. Li pa kite gnou bon eritaj pou yo paske li mouri kòm gnou bandi.
Chèf gang lan vide kòb sou ti malere an, abiye li ak rad chè, fè-l chita dèyè volan machín, ba li zam, katouch. Avan, li te invizib, meprize, min kounye-a, tout kote li pase, tout moun pè-l. Li sedui li, egare lespri-l. Li fè-l antre nan baz lan. Li vín gnou manb. Antre li antre, li sal konsians li, sal non-l. Li fè-l tounin ènmi sosiete. Li mouri tou jèn. Pèsòn pa manke li. Vi li, an fin, tounin gnou vi gaspie, anpil gran posiblite ki pa-p janm realize.
Li parèt kòm gnou zanj la lumiè. Li prezante yo tout bèl bagay, tout plezi gnou moun ta vle konnin. Li di vi an pa plus ke bòz lan, boutèy klerin an, fònikasion an, bèl kay lan—kouche, manje, bouè, mete bèl rad, bèl soulie, pran plezi ak fanmi, zanmi. Al nan plaj lan—al nan pisín lan. Blie bezouin nanm ou. Mouri. Antre nan lanfè. Paske se pa-t gnou zanj lumiè li te ye vre. Non li se Lusifè. Li se chèf demon yo.
Vrè lanmou an se pa profite, kraze-brize, min se sèvi, proteje, pataje. Mond lan souvan prezante lòm ak gnou bagay ki sanble ak lanmou, poutan, se hèn ki maske, k-ap chache pase pou lanmou. Se gnou bagay lòt moun lan gingnin ke li bezouin. Gnou bagay l-ap chache. Li rive idantifie pouin fèb viktim li an. Li antre, li eksplouate-l epi l-ale.
Kris pa-t vini pou Li te pran paske nou pa-t gin angnin Li te bezouin. Epi, tou, kòm Dieu, Li pa-t manke angnin nan sièl lan. Li te vini pou Li te pran peche nou, soufri jujman an pou nou, pou Li te ka ofri nou gnou padon etènèl par la foua. Li pa-t vín pran. Li te vín bay. E sa nou rive ba Li apre salu an, se minm sa Li Minm-Minm Li te ba nou.
“Pesonn pa gin pi gran amou pase sa, ke gnou moun bay la vi li pou zanmi li” (Jan 15:13)