Lòm toujou chache mete sou salu Bondieu a nan Kris oubyin yo eseye retire. Lè nou fè sa, se gnou lòt levanjil nou ba moun ki paka sove yo. Si yo kouè levanjil sa yo, li p-ap retire peche yo e minnin yo nan sièl. Oke? Apòt Pòl rele sa gnou lòt levanjil (Galat 1:6-9).
Èske li fè sans pou nou atache batèm ak travay Kris lan? Èske Kris doue pataje gloua pou travay salu an avèk gnou seremoni? Kòman sa ka fè okinn sans?
Tande sa Bib lan di sou batèm dlo e poze tèt nou kesion sa-a: si batèm te ka sove (bay lavi etènèl), èske Bib lan t-ap di sa-a de batèm dlo?
Suiv avè nou:
“Mouin remèsi Bondieu ke mouin pa-t batize okinn nan nou, sòf Krispus ak Gayus, pou pèsonn pa di ke nou resevoua batèm o-non mouin. Mouin te batize la fami Estefanas; apre sa, mouin pa konnin m-batize pèsonn ankò.
SE PA POU BATIZE KE KRIS VOYE-M, se pou anonse Levanjil, e pou-m fè sa san sajès nan bouch, pou pa rann koua Kris la inutil” (1 Korintyin 1:14-17)
Apòt Pòl te fè tout efò pou li pa-t batize moun nan Korint—etan li se te gnoun nan pi gran predikatè levanjil lan.
Levanjil lan, ki se Kris e travay Li an sou la koua, se puisans Bondieu pou sove tout moun ki KOUÈ (Romin 1:16), min apòt la distinge antre batèm e levanjil lan nan pasaj sa-a—
“Se pa pou batize ke Kris voye-m, se pou anonse levanjil” (1 Korintyin 1:17).
Levanjil lan se pouvoua Bondieu pou sove moun e se levanjil lan Pòl preche. Pòl fè tout efò nan Korint pou li pa-t batize moun.
Si batèm te fè pati levanjil salu an, li t-ap fè tout efò pou li te batize moun paske se ministè levanjil lan li ye.
Li mete levanjil lan gnou bò, e li mete batèm lan gnou lòt bò. Li preche levanjil lan min li fè efò pou-l pa batize.
Kòman nou fè di ke batèm fè pati salu etènèl lan? Sa pa lojik?
Tande sa Bib lan di sou Jezu ki SOVÈ AN:
“Jezu li-minm pat batize moun, min se te disip li yo” (John 4:2).
Jezu minm te evite batize moun ak pròp min Li nan dlo. Poukisa Li te fè-l konsa si batèm te ka sove?
Batèm Kretyin an trèz inpòtan MIN li pa kontibue angnin nan salu an.
Batize nan non Jezu oubyin nan non Papa-a, Pitit la, e le Sintespri pa kontribue nan salu ETÈNÈL lan. Se gnou sinbòl li ye de salu etènèl lan ki te rive gnou moun avan li pran batèm dlo-a.