MORALITE
MORALITE
Inpòtans moralite nan vi nou inkalkulab. Gnou provèb Amerikin di “tout moun gin pri-l.” Sa vledi, chak grinn moun gingnin gnou bagay ki sitèlman inpòtan pou li ke l-ap fè ninpòt bagay pou-l jouinn li.
Obzèvasion sa-a ke ‘tout moun gin pri li’ kòmanse nan nou depi nou piti, kontinue nan granmoun.
Gin moun ki grangou pou atansion. Depi nan anfanse fò-l fè aksion pou moun gade-l, minm si se pete krie san bezouin. Ti moun sa gin pou-l imite lòt timoun lekòl ki populè. L-ap abiye e pale tankou yo, poze minm aksion avèk yo pou yo ka aksepte-l. Lè-l demouazèl, l-ap santi-l san valè si-l pa gin gnou minnaj k-ap plede konplimante bèlte li, pote flè ba li e chouchoute-l.
Jèn gason an ki konsa, tou, depi li timoun, li konfòme-l ak lòt ti mesie yo, inkòpore jagon yo nan langaj li, anbrase muzik yo e aprann defo yo. Li tou prèt pou-l fè ninpòt bagay pou-l jouinn e kinbe respè yo.
Min feblès majorite moun se lajan. Nou pa bezouin ale pi louin ke aktualite Ayïti pou-n ouè sa-a. Anpil jèn fòme e antre nan gang, aksepte zam e lajan nan min òm mouayin yo pou kokobe peyi an e pou detri vi konpatriòt yo, tankou fanm ansint, etudian, profesè lekòl, jounalis, machann, juj, avoka, polisie. Antreprenè paka mete buznis nan peyi an pou populasion an jouinn travay akoz menas yo. Ayïsyin k-ap viv ann-etranje oblije pase vakans yo Republik Dominikèn oubyin gnoun nan lòt zile yo paske yo paka joui gnou semèn vakans nan peyi yo akoz violans gang. Jèn sa yo vann nanm yo, konsians yo e avni yo pou kòb pou y-achte gròg e bòz.
Gin lòt se pròp tèt yo ke yo detri. Reflechi sou ansyin sekurite Jovenel yo, polisie yo e kolonbyin yo ki nan penetansie an pou zak asasina ansyin prezidan. Kontanple moun yo ki gintan inplike nan lanmò prezidan ak lòt yo ki gin san-l nan min yo k-ap tann la justis rive sou yo. Yo detri lavi gnou inosan e, an minm tan, yo mete fanmi li an dèy. Mesie-dam sa yo pran gnou peyi, yo mete-l tèt anba. Inpe nan yo gintan mouri. Lòt ap soufri nan prizon. Fanmi yo nan konfuzion. Vi yo e avni yo ta sanble fini. Si yo te konnin bagay yo t-ap pase konsa, yo pa t-ap konmèt krim lan, min yo t-aksepte mision sal lan paske injeniè krim lan te sedui yo avèk lajan.
Gnou moun moral se gnou moun ki ka distinge antre byin e mal. Moun moral lan rinmin zanmi, li bezouin lajan pou-l fanksione, li pa rinmin soufrans e li ta vle viv byin—min li p-ap fè mal pou-l viv byin. Li pito soufri ke li sal konsians li. L-ap travay du pou li antre lajan min li p-ap viole la loua, li pa-p fè moun mal e li p-ap vann nanm li pou lajan.
Lòm pa fèt moral. Se granmoun li ki souvan ouè fèblès moral li lè-l timoun, ki eseye korije-l ak paròl, konsèy, egzanp e baton, juskaske li ta rive kite ti lespri, visie e ruz. Ak tout konesans e instruksion sa yo, li souvan tante e, parfoua, li tonbe, minm si li pa rete atè.
Jezu Kris se egzanp-parfèt de moralite. Pèsòn pa-t instru-L paske kòm Dieu, Li te toujou sin. Lusifè te eseye tante Li nan pi gran pouin yo min Chèf Demon an pa-t jouinn angnin nan Li (Luk 4:1-13). Tout vi Li, Kris te dakò soufri pou la douati, o pouin pou Li te minm rive mouri pou la verite.
Viv douat pa fasil min pou lòm viv pou Bondieu san Kris se gnou inposiblite. Min lè li jouinn ak Kris, premieman, Kris padone peche-l paske “Fils-de-lòm nan gin pouvoua sou la tè pou padonnin peche” (Mak 2:10). Nan moman sa-a, Kris tou mete Sintespri anndan-l pou li ka vín pi sansib anvè peche e injustis epi pou li ka jouinn gnou vrè plezi nan sa ki douat:
“Si gnou moun pa gin Lespri Kris, li pa moun Kris”
(Romin 8:10)