Kolè Bondieu pandie sou tèt umanite ki pèdu. Jujman sa-a menase tout moun ki pa posede justis Li an nan Kris, kit moun lan payin, kit moun lan jouif (Romin 1:16-17; 2:12-16).
Bondieu te detaye salte payin an, ki se rezulta ignorans li, ki rann jujman Li anvè-l nesesè (1:18-32). Apre Bondieu te fín prezante akuzasion yo, Li te bay payin an gnou chans pou-l te defann tèt li.
Etan foul lan te rete bouch-pe, payin moral lan te kanpe pou fè kouè ke konesans li e moralite li fè li pa kalifie pou jujman Bondieu an. Bondieu te montre moralis lan, byin-ke verite an te ka kache anvè lòt moun, Li ouè realite-a Li-minm. Moralis lan koupab minm jan ak lòt payin yo paske, ak tout konesans li, moralis lan t-ap pratike minm salte ak lòt payin yo (2:1-11).
Jouif lan, ki posede Paròl Bondieu e ki gingnin relijion ki te soti nan Bondieu an, te kouè li pa-t ka juje (2:17-20). Min problèm peche an te prezan nan li tankou payin an paske relijion pa-t anpeche li tonbe nan salte (2:21-24). Tankou moralis payin an, jouif lan t-ap pratike salte ke-l t-ap kondane nan lèzòt. Min jouif lan, paske li te rekonèt kòm pèp Bondieu-a akoz mak sikonsizion an, te pi mal pase moralis payin an paske ipokrizi Li an te fè payin yo pale Bondieu mal (2:25-27).
Kolè Bondieu—pou peche—ranmase jouif lan tankou payin an paske li, tou, se gnou pechè. Devan jujman sa-a, Bondieu pa intèrese nan gnou idantite naturèl min nan gnou idantite espirituèl (2:28-29).
Bondieu bay jouif lan gnou chans kounye-a pou-l defann tèt li minm jan-L te bay payin an gnou chans (2:1-11).
Jouif lan, devan gran plint ki sot prezante kont li an (2:17-29), trò intelijan pou eseye nie akuzasion yo. Li chouazi atake langaj prosekutè an pito.
Pou li, langaj prosekutè an gingnin ladann gnou indikasion ke jouif lan pa gin gnou vrè avantaj devan payin an (3:1).
Pòl, ke Sintespri leve kòm prosekutè-a, defann langaj li nan akuzasion an (2:17-29). Li te vle jouif lan konprann ke eritaj li nan Abraram, seremoni sikonsizion an e Paròl Bondieu li gingnin an pa otomatikman retire li anba jujman Bondieu paske se pechè li ye tankou payin an. Min jouif lan gin anpil privilèj paske se Li Bondieu te remèt Paròl Li e se li Bondieu te devouale fason lòm te kapab proche nan prezans Li. Payin an pa gin gran privilèj sa yo ke Jouif lan gingnin an (3:2).
Jouif lan te gintan konnin prosekutè an pa-t ka pa di gin gnou avantaj pou jouif lan. Li mande kòman prosekutè-a ka di li kouè ke jouif lan posede verite an epi, an minm tan, pou-l di li toujou anba kondanasion sièl lan tankou payin an. Èske sa pa vledi prosekutè an kouè ke kondanasion jouif lan jouinn koz li nan infidèlite Bondieu? Oubyin èske se verite Bondieu an l-ap di ki inn-efikas ki mete jouif lan nan eta sa-a (3:3)?
Pòl, anba gidans le Sintespri, reponn ke sa inposib. Bondieu toujou ‘nan la verite’ e Li fidèl (3:4). Tout benediksion Bondieu te promèt Jouif yo si yo te obei avèk Li, yo te joui yo lè yo te obei. Tout menas Li te fè yo pou dezobeisans yo, jouif yo te subi yo lè yo te dezobei. Problèm lan se pa ni Bondieu, ni verite Li. Yo nan eta sa-a akoz inpenetans yo. Li site konfesion David anfas jujman li t-ap subi an akoz peche li (lè-l te tue Uri e-l te pran Batseba) kòm egzanp de fidèlite e efikasite verite Bondieu-a (Sòm 51:4). Grandè David pa-t anpeche Bondieu juje li min David te soumèt anba jujman Bondieu an. David pa-t vle pèsòn di Bondieu te trò du avèk li. Atitud roua David lan te pote benediksion pou li nan mitan jujman li t-ap andure an paske Batseba te fè Salomon pou li.
Jouif lan ouè byin an ki te soti nan peche David lan atravè nesans Salomon, gnou zanzèt Jezu, e li fè gnou konparezon antre sikonstans David lan e levanjil lan. Li konnin apòt Kris yo t-ap ansegne ke peche nou te rann li nesesè pou Bondieu voye Pitit Li achte gnou justis pou nou sou la koua. Inbin, jouif lan konklu, injustis se gnou bon bagay nan levanjil lan paske se peche ki fè justis Bondieu an parèt nan Kris. Si Bondieu ta juje an fas tout byin sa yo ke peche pote, Bondieu t-ap injust (3:5).
Repons apòt lan se, non, levanjil lan pa apiye peche e Bondieu p-ap injust lè Li juje peche paske Bondieu se Juj lan. Si te gin injustis nan Li, Bondieu pa t-ap kalifie pou chita sou fòtèy lan kòm juj. Dèske Li chita e L-ap juje, Li just (3:6).
Dènie akuzasion jouif lan se ke levanjil lan se gnou pretèks pou libètinaj. Li analize bagay yo konsa: peche nou te akoz Kris vín mouri. Rachte Kris rachte nou, Li mete nou nan fanmi Bondieu. ‘Antre’ peche pote plus gloua pou Bondieu ke ‘absans’ li. Mesaj levanjil sa-a, si moun anbrase li, ap pouse kouayan yo fè plus peche pou plus byin kapab soti ladann (3:7-8). Apòt lan gin pou revizite akuzasion sa-a (6:1-23) pami pluziè lòt li pase sou yo rapidman, min li mete jouif lan klè ke li e lòt apòt yo pa preche libètinaj. Ninpòt moun ki pran lavi etènèl kòm pretèks pou fè peche pa vrè Kretyin. Moun sa yo, okontrè, merite kondanasion etènèl k-ap tann yo an nan lanfè (3:8).
Jouif lan paka bloke jujman Bondieu an ak pil diskou li yo minm jan moralis payin an pa-t ka bloke-l. Bagay yo parèt noua pou jouif lan e pou payin an. Dosie sièl lan kont umanite ap avanse san anpechman.