Apre nou sove, nou pa doue blie kote nou te soti avan nou te jouinn ak Kris. Tout kouayan te fèt anba kolè Bondieu akoz peche pèsonèl yo (1:18-3:20). Gras Bondieu te voye Kris fè sa nou pa-t ka fè atravè bon zèv e obeisans nou anvè loua Moiz lan. Kris te mouri pou peche. Par la foua, Li te justifie nou etènèlman (Romin 3:21-5:21). Sanktifikasion an ki distinge antre nou e moun ki deyò Kris yo se premieman travay le Sintespri andedan nou (Romin 6:1-8:39).
Gnou kouayan kapab tante meprize Izraèl paske, byin-ke Bondieu te chouazi yo kòm pèp Li (Romin 9:1-33), yo te rejte levanjil lan epi yo te tou echoue nan travay Bondieu-a (Romin 10:1-21). Apòt lan sot ansegne nou Bondieu ap kinbe yo selon gras Li (Romin 11:1-6) paske Li pa-t gin intansion voye yo jete nèt. Li te mete yo atè pou byin-nèt payin yo e pou bonè payin yo eksite jalouzi yo pou yo kapab repanti (Romin 11:7-15).
Payin an kapab mande poukisa Bondieu pa jete Jouif yo nèt epi kinbe li (payin an) kòm pèp Li. Repons lan se promès Bondieu anvè zanzèt Jouif yo (Abraram, Izaak e Jakòb), ke apòt lan rele premie rekòt (e rasín) sin. Premie rekòt Jouif yo te sin paske yo te mete yo apa pou Bondieu (Egzòd 22:29). Prezantasion premie rekòt lan bay Bondieu te sanktifie rès foui yo pou konsanpsion Izraèl. ‘Pie olivie an’ souvan sinbolize nasion Izraèl (Jeremi 11:16) min apòt lan aplike li a zanzèt yo. Dèske rasín lan, ki reprezante zanzèt yo, sin; branch yo, ki reprezante nasion an, sin osi (11:16). Sin pa vledi san peche oubyin sove min, sinpleman, sa vledi yo mete apa pou Bondieu. Jouif lan kòm gnou individi kapab peri min nasion an, kòm nasion Bondieu, paka peri.
Tout benediksion espirituèl ke payin yo ap joui nan epòk sa-a jouinn rasín yo nan zanzèt Jouif yo tankou gnou gran pie olivie. Sa-k te rive, Bondieu te koupe branch yo, ki reprezante nasion an nan inkredulite duran tan gras lan, epi Li te pran payin an, ki se branch olivie sovaj lan, Li te grefe li nan plas branch naturèl lan, ki reprezante Jouif lan. Nan fason sa-a, payin an, ki te gnou pie olivie sovaj, branch li te koupe e grefe nan bon pie olivie-a, ki fè l-ap benefisie nan pie olivie fran an, ki se, benediksion zanzèt Jouif yo ki gin rapò ak levanjil lan (Romin 11-17). Nou doue suiv: se pa tout branch yo ki koupe min kèk nan yo. Langaj lan ranfòse doktrín restan, ke gingnin gnou pati pami nasion an ki nan kredulite. Oui, yo pa atache ak Izraèl ankò. Yo fè pati legliz lan min yo se Jouif ki ouè, konprann e aksepte ke Jezu se Mesi yo t-ap tann lan.
Pou rezon sa-a, payin an pa doue vante tèt li kont pati nan Izraèl lan ki nan inkredulite, ki se branch ki te koupe yo. Se pa branch olivie sovaj lan ki pote benediksion an pou rasín lan. Se rasín lan (zanzèt Jouif yo) ki sous benediksion branch yo (Romin 11:18). Nan gnou sans, branch yo, Izraèl ki nan inkredulite, te koupe pou grefe payin an. Min, an minm tan, se pa paske payin an te sitèlman bon ke Bondieu te anvi grefe li. Okontrè, Bondieu te koupe branch yo (Li te retire Izraèl) sinpleman akoz inkredulite yo anvè Kris e levanjil lan. Bondieu grefe branch sovaj yo, (ki vledi, li antre payin an,) paske payin an te chouazi kouè levanjil lan. Plas payin an nan levanjil lan pa doue eksite ògèy li kont pèp Bondieu-a. Pito, li ta doue kreye gnou krintif paske si inkredulite kapab fè Bondieu retire branch naturèl yo, nou pa bezouin mande èske L-ap minnaje sa ki pa naturèl yo (11:19-21). Sa pa vledi gnou fidèl kapab pèdu salu li. Apòt lan ap pale de mesaj levanjil lan pami payin yo. An jeneral, payin an pi intèrese nan levanjil lan ke Jouif lan. Min, gingnin gnou tan k-ap vini, payin an ap vín tankou Jouif lan. Li pa-p intèrese nan levanjil lan ankò. Etan ap toujou gin kèk payin ki sove minm jan gingnin kèk Jouif ki sove kounye-a, min, an gro, payin an ap nan inkredulite minm jan ak Jouif lan. Min Jouif lan, okontrè, ap vle resevoua levanjil lan nan lè sa-a. Sa vledi, Jouif lan e payin an ap boukante plas.
Bondieu bon e, an minm tan, Li sevè anpil. Li mete Izraèl atè konplètman kòm gnou temouagnaj pou Li akoz inkredulite yo, byin ke yo se byin-eme Li. Nou minm payin yo ki t-ap binyin nan idolatri e salte peche, bonte Li pran nou e-l mete nou nan tout benediksion sa yo atravè la foua. Min pòt benediksion sa-a Li ouvri bay payin an kondisione par la foua. Moman mond payin an chouazi ignore e rejte mesaj levanjil lan konsènan pitit Li an, Jezu Kris, L-ap mete payin an atè minm jan Li te mete Izraèl atè. Epi Izraèl, lè li chouazi pa pèsiste nan inkredulite, Bondieu ap repran li epi L-ap grefe li ankò paske Li puisan ase pou fè sa pou yo (Romin 11:22-23).
Pou moun lan ki trouve restorasion Izraèl inpe inposib, li doue ouvri zie li pou li ouè sa Bondieu te fè pou payin an. Si Bondieu te ka retire payin an nan pie olivie sovaj lan pou-L grefe li nan prie olivie fran an, ki kont la natu, li pa doue mande si Bondieu ka pran branch naturèl lan pou grefe li nan pie olivie kote li te soti an. Sa vledi, li ta doue pi difisil pou Bondieu te pran payin an ki te louin Li pou fè li antre nan benediksion levanjil lan ke pou Li pran Jouif lan ki te atache avèk verite an naturèlman pou fè li repran plas li. Nou doue konklu, si Bondieu te fè-l pou nou-minm payin yo, Li kapab fè-l pou Jouif yo ki fè pati pèp Li an osi (Romin 11:24).