Le Segnè Jezu Kris garanti pechè an ki konfie-l nan Li gnou padon etènèl ki delivre li anba jujman Bondieu nan lanfè (Jan 3:16-18). Pa gin jujman pou Kretyin an ankò paske Kris te gitan subi jujman nan plas li. Tout moun k-ap parèt devan Tròn Blanch Kris lan se moun ki gintan kondane ki vín resevoua santans yo nan letan dufe-a (Apokalips 20:11-15).
Pa gin okinn pitit Bondieu k-ap parèt devan Tròn Blanch Kris lan.
Min etan pa gin jujman pou Kretyin an, zèv li yo pral juje pou Bondieu deside rekonpans li. Jujman sa-a terib paske zie Bondieu ap pèse tout kouin vi Kretyin an pou deside zèv yo k-ap dure e zèv yo k-ap brule.
Peche nan kè li fè-l difisil pou Kretyin an idantifie zèv ki sinsè, ki vledi, zèv ki fèt anba zie Bondieu pou Bondieu; avèk zèv ki insinsè, ki vledi, zèv ki fèt pou aplodisman e rekonpans lòm. Zèv sinsè yo ap andure dufe an min zèv insinsè yo ap brule (1 Korintyin 3: 12-15).
Jan devouale nou ke li posib pou Kretyin an viv san perèz de jujman sa-a. Gnou pitit Bondieu kapab (e li doue) viv ak asurans lan ke zèv li yo ap andure paske maturite nan lanmou se kle an pou konesans e asurans sa-a (1 Jan 4:17).
Kretyin an se gnou moun ki konn lanmou Bondieu. Nan levanjil lan, lè li te konfie li nan Kris, Bondieu te plante lanmou pou Li e lanmou pou pitit Li yo andedan li atravè le Sintespri (1 Jan 4:18-19). Min pa gin asurans devan jujman sa-a si lanmou Bondieu pa pafèt nan Kretyin an.
Gnou kouayan dekouvri lanmou li pou Bondieu nan lanmou li pou pitit Bondieu yo. Moun lan ki di li rinmin Bondieu min ki rayi pitit Bondieu yo se gnou mantè dèske lanmou pou kouayan-L yo se pi gran prèv de gnou vrè lanmou pou Bondieu (1 Jan 4:20-21). Moun sa-a pa-p janm jouinn asurans paske li pa gnou Kretyin. Lanmou Bondieu pa nan li. Jujman li se devan Tròn Blanch Kris lan, pou-l jouinn santans li nan letan dufe-a.
O kontrè, paske Kris ba li lavi etènèl e li gin le Sintespri, Kretyin an kapab obei Kris pou li rinmin pitit Bondieu yo. Lè Kretyin an viv lanmou sa-a, l-ap jouinn asurans lan ke zèv li yo ap andure jujman dufe an pou Bondieu kapab rekonpanse li.
“Min kòmandman ke nou te resevoua nan min Li: Moun ki rinmin Bon-Dieu doue rinmin frè li tou” (1 Jan 4:21).