Gnou realite Ayïsyin vín rekonèt pandan moua sa-a (Juyè, de-mil vint-e-in an) se profondè insekurite peyi an. Insekurite an te toujou la min evenman sèt Juyè an fè pèp lan rekonèt ke sa yo te pran pou gnou sinp blesi se aktuèlman gnou blesi mòtal.
Ak tout danje peyi an, chèf leta te rekonèt kòm gnou moun ki te sekurize. Min chak jou ansyin imaj li parèt sou rezo yo, realite an sezi pèp lan tankou gnou kochma (move rèv)—min san espoua ke y-ap janm reveye paske li te asasine lakay li, nan chanm li, devan televizion-l san rezistans. Lou yo antre, yo devore-l epi yo lage pèp la nan perèz, dèy e dlo-nan-zie.
Jou yo ki te suiv masak lan fè nasion an konprann ke prezidan an pa-t janm an sekurite. Gin moun ki te konn ri avèk li nan foto e video ki inplike nan asasinasion li. Kesion ap fòme kont minm moun peyi an te peye pou sekurize li. Nan nesesite li, chèf lan te rele—min pèsòn pa-t pote-l sekou.
Zie nou doue ouvri sou verite sa-a ke mond lan pa ofri gnou vrè sekurite, ninpòt kote nou ye.
Rezon ki fè bandi pa-t tue ou jodi an se pa paske ou trò toro oubyin akoz prezans polisie yo. Ou te soti epi ou antre lakay ou ankò se pa paske chofè an fò. Travay sa-a ou gin espoua sou li an demin se pa konpetans ou ki asure ou li. Mariaj ou rete fèm se pa akoz sajès ou e bonte ou. Tout bonè sa yo trase rasín yo nan Bondieu.
Jodi an, gnou moun ak plus sekurite ke ou te tonbe. Gnou pi gran chofè, nan pi bon rout ak gnou pi gran mak machín te fè aksidan. Gnou moun pi eduke, pi konpetan nan gnou pi gran domèn te jouinn revokasion-l. Mariaj lan ki te pi byin fonde ke pa ou lan sot kraze. Rekonèt ke si ou epanie jounin-jodi an, se gras Bondieu ki akòde ou sa-a paske mond lan pa gin gnou vrè sekurite.
Sèl moun ki kapab garanti ou sekurite se Jezu Kris, Pitit Bondieu-a. Moun ki gingnin Li soufri, tou, min soufrans yo se toujou pou gnou rezon. Angnin paka rive yo deyò volonte Li. Epi apre ti soufrans yo sou tè an, L-ap resevoua yo lakay Li nan sièl lan:
“Li va suye tout dlo nan je yo, e la mò p-ap la ankò, e p-ap gin ankò ni dèy, ni rèl, ni doulè, ka premie bagay yo disparèt”
(Apokalips 21:4)