“Gnoun nan pi gran sujè nan la Bib se sujè salu an. Rezon ki fè salu an sitèlman inpòtan se akoz gran malè an ki devan zie lòm nan lanfè e nan letan dufe-a. Danje lanfè pa egziste paske Bondieu pa rinmin nou. O kontrè, Bib lan di nou “Bondieu tèlman rinmin lemonn” (Jan 3:16). Kote terib sa-a egziste pou lòm akoz peche. Pechè yo, ou ka panse, se moun ki nan adultè, fònikasion; moun k-ap pran dròg, ki nan tafia, gang, kidnaping, asasinaj e tout lòt gran peche yo. Min se pa sa Bib lan di. Oui, se pechè yo ye, min mouin-minm, ou-minm, nou tout se pechè, tou. La Bib di:
“ka tout moun fè peche e yo tout manke la gloua Bondieu” (Romin 3:23)
Min la Paròl Bondieu pa kanpe la. Li kontinue e li di:
“Salè peche se la mò” (Romin 3:23)
Lè ou travay, kan semèn lan (oubyin moua-a) fini, fò ou touche. Devan la loua e devan konsians, mèt travay lan paka pa peye ou. Kit se adultè, fònikasion, volè, move anvi, manti, fòk nou touche. Tout moun sou tè an gin peche yo pa fè, min nou tout konmèt peche kanminm. Si nou pa ta touche, dèske se pou sa nou travay, Mèt univè an pa t-ap just. Min nou konnin Li just.
Gin moun ki panse ke nan lanmò tout bagay fini. Se pou rezon sa-a lè problèm vi an parèt tròp pou yo, lanmò prezante kòm gnou sekou paske, pou yo, lanmò se bout tout problèm. Min ninpòt doulè ou-ap subi sou tè sa-a, li paka konpare avèk doulè k-ap tann gnou moun k-al touche salè peche-l yo nan dufe a Bib lan rele lanfè. Epi se pa gnou doulè ki san rezon paske Bib lan di nou se gnou jujman li ye:
“E de la minm fason ke li rezève pou lèz-òm mouri gnou sèl foua, e apre sa jujman an vini” (Ebre 9:27)
Lanfè nesesè. Zèv peche nou yo mande sa. Lanmò pou lòm se kòmansman etènite. Si nan vi sa-a ou pa janm chache rankontre avèk Moun sa-a Bondieu te voye sou tè an pou-L t-ale sou la koua pou-L te touche salè ou yo pou ou, pou tout etènite ou-ap touche salè sa-a nan dufe etènèl lan.
Apokalips 20:11-15 prezante nou jujman sa-a o-dènie jou. Tout moun ki parèt devan tròn blanch lan, li gintan trò ta pou yo. Malè letan dufe-a trò gran pou ou kite tè-a avèk opinion lòm. Se Bondieu ki te kreye lanfè. Chache konnin kòman Li di ou ka chape dufe sa-a. Si ou gin gnou salu ki pa bon, ou paka di Bondieu “min...mouin te panse.” Ou paka di Li “min...pastè-a, predikatè-a, legliz la te di.” Non. Sèl sa k-ap gin valè nan jou sa-a se sa Bondieu te di. Espoua ou gingnin ki fè ou panse ke ou-ap chape lanfè, si li chita sou angnin pase la Paròl Bondieu, angnin pase san Kris ki te vèse sou la koua, malè pou ou paske
“Ninpòt moun yo pa-t jouinn ekri nan liv lavi a, yo te jete-l nan letan dife a” (Apokalips 20:15).