Edukasion, elokans, richès avèk bote pa fè valè gnou lidè. Sa-k kalifie li kòm gnou bon lidè se atitud li anvè moun ki anba otorite li.
Move papa-a pa investi nan avni timoun li yo. Li pito gaspie sa-l gingnin nan bat kòk, nan gròg, e nan fanm deyò.
Madanm li rinmin-l. Li te kanpe avè-l nan bon tan e nan move tan. Li sakrifie jenès li e avni li pou fè e leve pitit li. Min vagabon an rejte li pou gnou lumena ki valorize li selon kantite kòb li gin nan pòch li, gnou lonbraj k-ap disparèt moman sante e mouayin pati kite li.
Vorasite avegle volè an ki nan plas lidè an. Li kouè ke se lè pèp lan rabese ke li pi elve—ke se lè pèp lan umilie li plus onore.
Gnou bon lidè idantifie-l avèk eksperians pèp lan. Joua yo se joua li. Soufrans yo se soufrans li.
Doulè an insupòtab lè paran dekouvri pitit li mal-trete nan kay kote nesesite fòse-l mete-l lan. Mari an soufri anpil lè maladi vle separe-l ak madanm li. Ofisie leta paka dòmi lè se nan peyi etranje pou konpatriòt li yo jouinn sekurite. Lespri li deranje-l lè grangou voye pèp lan al subi umiliasion pami lòt nasion, pou y-al fè epav lakay gnou pèp k-ap joure kote yo soti, gnou pèp ki pa-p rate okazion pou denigre e abuze yo.
Nou sonje lè gran foul lan te vín pran le Segnè Jezu nan Jadin Jetsemane an ak baton, lans e nepe:
“Li mande yo ankò: ki moun n-ap chache? E yo di: Jezu nonm Nazarèt la. Jezu reponn: mouin di nou se mouin; min si se mouin n-ap chache, kite moun sa yo fè rout yo. Li di sa pou paròl li te di a kapab akonpli: gnoun pa peri nan moun ou ban mouin yo” (Jan 18:7-9)
Kris kòm Lidè te gin soufrans devan Li ke pèsòn avan Li pa-t konnin e pèsòn apre li pa-p konnin. Nan mitan tout problèm Li yo, Li te sekurize lavi e libète tout disip Li yo. Kris te pito soufri etan disip Li yo te an sekurite. Se sa ki definision lidè an paske pi gran soufrans lidè an, se pa soufrans pa li, min se soufrans pèp li.
Kris te soufri pou nou pa soufri nan lanfè. Li te mouri pou nou pa mouri etènèlman nan letan dufe an. Tout moun ki gingnin Li kòm Lidè sekurize. Èske ou te resevoua Li par la foua?
Èske ou gingnin Kris kòm Lidè ou?