Pi gran zouti lidè an se egzanp li. Otorite e paròl gin limit yo, min kote paròl e otorite jouinn bout yo, egzanp kontinue.
Nou konnin gin timoun ki soti nan bon fanmi min, lè yo gin laj, yo chouazi move chemin. Min, an jeneral, timoun lan suiv rout lan granmoun li trase pou li. Paran ki grandi timoun lan nan vodou, anpil chans, si Bondieu pa intèvni, se la timoun lan ap rete. Ou-ap souvan ouè paran ki nan plasaj, pitit li viv konsa, tou. Papa ki marie ki ann-afè ak fanm deyò an, lè gason li grandi, l-ap suiv tras-pie papa li. Madanm lan k-ap tronpe mari-l lan ap bay pitit fi-l lan instruksion. Fanm marie an ki pa respekte mari-l lan ap fè edukasion pitit fi li. Mari an k-ap bat madanm li an ap fòme gason-l lan pou-l fè violans sou madanm li, tou, lè-l gingnin. Pitit vòlè an, tafiatè an, drogis lan, bandi an, malfektè an gintan nan rout lan.
Konn gin granmoun, etan li nan sa-k pa bon, k-ap eseye pouse timoun li nan bon chemin paske li pa vle timoun lan soufri minm jan avè-l. Timoun lan ka fè efò min, malerezman, li ra pou li pran bon rout lan paske, jou-aprè-jou, se move egzanp li jouinn. Timoun lan konn mete restrin paske li pè granmoun li min, moman li pa anba lòd li ankò, l-ap pratike vis yo ke granmoun li te ba li.
Nou rekonèt ke gin timoun ki intelijan. Y-ap gade kote granmoun yo ye epi y-ap analize kòman yo fè rive la. Si se mariaj granmoun yo ki pa bon, y-ap etudie sa ki gate mariaj lan pou yo pa repete minm erè an. Si problèm lan se povrete, y-ap egzamine sous lan: èske se vag granmoun lan te vag edukasion li pou plezi? Oubyin èske se paske li te gaspie sa-l te gingnin nan bòlèt, tafia, sigarèt, dròg, fanm? Lè li konprann rezon an byin, timoun saj lan ap fè tout efò pou-l evite pièj sa yo.
Malerezman, kalite sajès sa yo ra pou jouinn. Timoun lan, an jeneral, ap suiv egzanp granmoun li paske egzanp pi puisan ke paròl.
Nou mete atansion sou negatif yo, se pa paske nou pa konsian de pouvoua gnou bon egzanp: gnou granmoun serie ki gin moralite, ki respekte tèt li, k-ap travay du, gin anpil chans timoun li ap fè minm rout avè-l. E minm si li ta deside antre nan sa-k pa bon, l-ap sonje bon egzanp granmoun li, jan li te ere, epi li ka pran konsians pou-l pran bon rout lan. Sa ka rive, tou, li chouazi rete kote li foure kò-l lan min, nan ka sa-a, granmoun lan pa responsab.
Tout moun ki nan gnou plas otorite, kit se nan gnou fanmi oubyin nan gnou travay, nan leta oubyin nan lekòl, ninpòt kote li trouve li, (lidè an) pa doue blie efè gnou egzanp pou byin osoua pou mal anvè moun l-ap gide yo.
Konsidere Kris kòm Lidè. Segnè a te gin pou Li te ale kite disip Li yo. Li te mande yo pou yo-gnoun sèvi lòt. Kisa Li te fè? Kris te pran gnou basin dlo, mare sintu Li avèk gnou sèvièt epi Li te lave pie disip Li yo (Jan 13:1-17). Travay sa-a se te travay esklav ki te pi ba nan kay lan. Konsa, Li-Minm ki te pi ro an te pran plas ki te pi ba.
Me sa disip yo t-ap konprann nan egzanp sa-a: si Kris, kòm Dieu, te ka fè-l, pou ki rezon yo minm ki sot nan pousiè paka fè-l, tou?
(Ou ouè jan gnou egzanp efikas?)
Fè choua-a pou Kris: si ou fè sa, ou-ap resevoua gnou Sovè, gnou Segnè e ou-ap posede meyè Lidè an.
Poukisa ou-ap kontinue viv san Li?