“Kouè nan le Segnè Jezu e ou va sove....”
Nou bezouin delivrans anba problèm peche nou paske peche mete nou an fas kolè Bondieu nan lanfè. Min Bondieu te akonpli gnou salu nan Kris pou lòm lè Kris te soufri-mouri sou la koua. Kesion an kounye-a, dèske gingnin gnou salu ki disponib, se kòman gnou moun ka jouinn salu nesesè sa-a.
Lòm relijie yo gingnin anpil bagay yo mete sou salu Bondieu-a (epi, tou, pou ranplase salu an konplètman): anpil nan yo mete loua Moiz lan; inpe lòt eseye mete jou saba (setièm jou an); gin lòt se zèv an jeneral ki intèrese yo. Min, sa moun plis atache ak salu an se seremoni batèm lan. Kounye-a, kesion nou gingnin an se ‘kisa ki verite an’?
Verite an, se ke, salu etènèl lan reste nan Kris sèlman. Gin anpil lòt vèsè nou ka bay, min vèsè nou an anro tèks sa-a (nan Travay 16:31) prezante nou verite sa-a klè.
Me kòman sa ye pou gnou moun ki vle sove: moun lan rekonèt peche-l yo e l-al jouinn Kris pou salu nanm li an. Moun lan kouè nan Kris pou retire peche li (e minnin li nan sièl) e moun lan tou sove. Nan minm moman li kouè an li devni gnou pitit Bondieu etènèlman.
Apre moun lan kouè, Bondieu ba li tout bagay gratis (li sove anba jujman Bondieu nan lanfè totalman, li devni gnou pitit Bondieu etènèlman).
Apre moun sa-a sove, Kris òdone li kèk bagay. Pami bagay Kris kòmande moun lan fè yo, Li òdone moun lan pou li batize, evite peche, fè bon zèv ki ann-akò ak volonte Li nan Bib lan. Moun lan pa fè yo pou li ka jouinn (oubyin kinbe) salu an. Li pa fè yo pou li devni gnou pitit Bondieu. Moun lan doue obei paske li gintan gin tout bagay sa yo. Kris se Mèt Li e Bondieu se Papa li. Moun lan doue obei Mèt li e Papa li. Mèt li òdone moun lan pou-l batize, li doue batize.
Nou doue pran anpil prekosion ak nanm nou. Kris di se Li ki pòt salu an (Jan 10:9). Kris di Li se Chemin an, Lavi e la Verite e pèsonn paka vín jouinn Papa-a si yo pa pase par Li Minm (Jan 14:6). Kris pa ban nou batèm oubyin lòt zèv kòm pòt sièl lan. Li pa ban nou la loua Moiz yo, minm jou saba, kòm chemin an, lavi e la verite. Li di tout se Li. Salu an, Bondieu di nou, Kris di nou, apòt Kris yo di nou, se Kris e travay Li an sou la koua sèlman.
Nou bezouin pran anpil prekosion sou kisa nou depann pou retire peche nou yo. Fò nou pran prekosion nan kisa nou kouè ki pou fè nou antre nan sièl lan.
Nan vi sa-a, nou viv gnou foua e nou mouri gnou foua. Nou doue chache konnin si salu nou gingnin an chita sou salu Bondieu an nan Kris paske si nou pa gin vrè salu an, nou pa-p ka antre nan sièl lan. Epi, apre nou mouri san salu an e nou antre nan lanfè pou nou brule akoz peche nou yo, nou paka retounin sou tè an pou nou resevoua vrè salu an paske, apre lanmò, li trò ta pou nou pou tout tan, pou tout letènite.