Apòt lan te revele nou ke levanjil lan (‘levanjil Bondieu an’ 1:1, ‘levanjil Pitit Li an’ 1:8 e ‘levanjil li an’ 2:16) se sèl puisans Bondieu pou sove e deklare moun just. Kondision pou jouinn salu e justifikasion sa-a se la foua, san zèv (1:16-17).
Nou te ouè, tou, kolè Bondieu rezève pou tout moun ki deyò levanjil lan, ki refuze justifikasion Kris lan (1:18).
Pòl te devouale nou, rezon Bondieu an kolè avèk umanite (jouif e payin) se akoz peche (1:18-3:20).
Apòt lan fè nou konprann ke Bondieu te detaye peche lòm e jujman Li anvè-l pou montre-l ke peche rann jujman Li nesesè, e, an minm tan, se peche-l ki kalifie li pou salu an.
La loua te prezante lòm gnou opòtunite pou-l te jouinn justis nan zèv min, malerezman, eksperians jouif lan fè nou ouè ke la loua pa bay justis. La loua, okontrè, fèmin bouch lòm devan Bondieu paske lòm fè peche. Lòm te doue konklu ke si jouif lan ki posede la loua paka jouinn justis, pa gin moun k-ap jouinn justifikasion selon zèv (3:19-20).
Umanite, fèmin anba peche e kolè Bondieu, jouinn lumiè paske Bondieu ouvri pòt prizon an e-L fè lumiè sièl lan lumin sou li atravè justis Li. Justis sa-a Bondieu gingnin pou lòm pa gin okinn rapò ak la loua. Min etan Bondieu pa antre la loua nan justis sa-a, la loua e tout Ekritu sin yo rann justis sa-a temouagnaj paske Ansyin Testaman ranpli avèk profesi e sinbòl ki pale de justis Bondieu-a nan Kris. Revelasion sa-a fè nou konprann ke Ansyin Testaman pa kont levanjil lan (3:21).
Nou te ouè pa-t gin distinksion antre jouif lan e payin an an-palan de peche e kolè Bondieu. Justis Bondieu an osi pa fè diferans pou justifikasion an. Tout moun ki kouè (jouif oubyin payin) jouinn justis (3:21-22). Paske yo gin minm problèm peche an, ‘tout moun fè peche e yo manke la gloua Bondieu’, solusion Bondieu pou problèm sa-a rete minm antre yo. ‘Yo resevoua justis san peye, pa-la-gras li, pa mouayin travay la ke Jezu-Kri te fè pou rachte yo’ (3:23-24).
Sinbòl ‘rachte an’ se sinbòl gnou esklav k-ap vann nan mache an. Bondieu achte nou nan mache esklavaj lan, se pa pou-L fè nou kontinue kòm esklav min pou-L libere nou.
Lè apòt lan pale de Kris ‘kòm viktim pou peye pri a’, li gingnin nan panse li propisiasion an. Gnou foua par ane, gran prèt lan te antre nan lie-trè-sin an andedan tabenak lan pou-l te rouze san sou tèt lach lan pou, sinbolikman, peche Izraèl te ka kouvri pandan ane an. Nan idolatri, se adoratè an ki pote gnou sakrifis pou propisie kolè fo dieu an si, pou diferan rezon, li kouè ke fo dieu an fache avèk li. Nan levanjil lan, okontrè, se Bondieu minm ki fè propisiasion an ak san Pitit Li an, le Segnè Jezu Kris.
Gnou moun benefisie nan propisiasion an lè li mete la foua li nan san Kris ki te vèse an pou peche. Propisiasion Bondieu-a nan Kris se fason Bondieu padone lòm nan tout sièk yo. Nan tan pase yo, Bondieu te pase sou peche kouayan-L yo, sèt-a-di, Li pa-t vide kolè etènèl Li sou yo paske Li te konnin Kris t-ap soufri pou peche. Nou konnin Li te disipline pèp Li e L-ap toujou disipline pèp Li akoz peche, min, pou tout vrè fidèl, pa gin jujman nan etènite pou yo e gnou padon toujou disponib nan vi sa-a pou yo apre disiplín lan (3:25).
Nou konprann ke kolè Bondieu se pa gnou emosion. Bondieu pa rayi lòm akoz peche. Li an kolè anvè li legalman min, an minm tan, Li rinmin lòm. Li pa t-ap fè propisiasion an nan Kris si-L pa-t rinmin li. Travay Kris lan rann li posib kounye-a pou Bondieu ki sin an justifie lòm ki koupab lan san Li pa viole justis Li (3:26).
Bondieu te gintan montre nou ke lòm kanpe koupab e kondane devan Li. Salu an te akonpli nan Kris san èd lòm. Li pa gin rezon pou glorifie tèt li paske la foua rann ògèy inposib puiske lòm resevoua justis kòm gnou gras, ki vledi, gnou favè ke li pa merite, atravè la foua, san zèv la loua pa mele (3:27-28).
Bondieu te devouale nou konesans intim de Li ke Li te bay jouif lan min, dèske se gnou sèl Bondieu ki gingnin, Li pa sèlman Dieu jouif lan paske se Li ki te kreye payin an. Li se Dieu payin an e Li se Dieu jouif lan. Kòm Dieu jouif lan e Dieu payin an, salu Li an bon pou jouif lan ki sikonsi e li bon pou payin an ki pa sikonsi (3:29-30).
Salu an vini par la foua nan Kris, deyò la loua, min la foua pa detri la loua puiske la loua te pale de salu Kris lan. Prezans la foua, okontrè, rafèmi la loua dèske li akonpli tout sa la loua te profetize de salu an ki t-ap vini nan Kris lan par la foua (3:31).