Mal-konprann konn akoz gnou moun kouri pran gnou lòt moun kòm zanmi—min lòt lan konn umilie li paske li pa gin minm santiman pou li. Min, an realite, pa gin moun ki pi bon pase gnou lòt moun. Umiliasion nan min gnou rinmin, gnou fanmi oubyin gnou zanmi pa doue kokobe moun ki subi umiliasion an paske vi moun lan pa depann de lòt lan e avni li pa nan min li. Nan absan moun li te konte sou li an, moun ki umilie an ka konfronte e sumonte tout sa ki kont li juskaske li realize tout rèv li yo.
Mal-konprann pa doue fè gnou moun kouè li nan gnou relasion avèk Bondieu etan Bondieu pa rekonèt li. Ou fasil tande moun ap rele tèt yo pitit oubyin sèvitè Bondieu. Min èske Bondieu rekonèt yo? Èske yo nan gnou eta ki rann li posib pou Bondieu aksepte sèvis yo?
Bib lan fè nou konprann ke lòm pa fèt kòm pitit, sèvitè, oubyin zanmi Bondieu. O kontrè, tout moun fèt kòm ènmi Li.
“Nou-zòt, ki te louin lontan e ki te ènmi, dapre lide nou avèk move zèv nou” (Kolosyin 1:21)
Pasaj lan, nan Kolosyin, ap detaye eta manb legliz yo nan Kolòs avan yo te konn Kris. Min sa apòt lan di de Kretyin Kolosyin yo vrè de tout moun, kit li te fèt nan gnou fanmi Kretyin oubyin li te fèt nan gnou fanmi vodou. Gnoun ka parèt pi louin Bondieu ke lòt min nou tout fèt ènmi Li. Moun lan k-ap sèvi loua-a, li nan dezobeisans minm jan ak moun lan k-ap konmèt adultè, fònikasion, k-ap bay manti, k-ap vòlè, e k-ap asasinin moun. Gin peche ki pi grav ke lòt min peche rete peche.
Pa gin moun ki fèt douat avèk Bondieu. Pou gnou moun kapab douat avèk Li, pou-l kapab vrèman pitit Li, sèvitè Li, zanmi Li, se Bondieu ki pou chanje moun lan avèk rekonsiliasion ki nan Kris lan:
“Koul-ye-a li rekonsilie nou avèk li gras-a la mò Jezu ki te mouri nan kò la chè li, pou fè nou parèt sin” (Kolosyin 1:22)
Rekonsiliasion vledi Bondieu pran gnou moun ki te ènmi-L e-L fè-l tounin zanmi Li. Tout sa-a rive moun lan nan minm moman (nan kè li) moun lan aksepte ke li pèdu akoz peche-l yo e li louin Bondieu nan rebelion li—min li kòmanse depann sou Kris pou-l jouinn padon. Nan moman li kòmanse kouè nan Kris, li sove e li rekonsilie avèk Bondieu etènèlman.
Gin moun nan mond lan (anpil moun legliz) ki kouè yo douat avèk Bondieu. Yo pran tit pastè, diak, predikatè, sè, frè e sèvitè. Min yo paka pale nan ki moman nan vi yo ke yo te konprann peche yo e yo te kòmanse konfie yo nan Kris kòm sèl espoua yo pou salu nanm yo. Rezon yo paka fè sa-a se paske yo pa-t janm rekonsilie avèk Bondieu.
Li tris anpil lè gnou moun kouè li gin gnou relasion avèk gnou lòt moun etan lòt moun lan pa rekonèt li.
Gnou lòt moun ka pa rekonèt ou—min pa kite gran malè sa-a rive ou pou ou panse ke ou konnin Bondieu etan Li Minm-Minm Li pa rekonèt ou:
“Lè sa a m-a di yo a-klè: Mouin pa-t janm konnin nou; ouete nou sou Mouin, nou-minm ki konmèt inikite” (Matie 7:23).