Gnou moun ki sove se gnou moun ki gin konesans. Li konnin li te pèdu nan peche (Romin 1:18-3:20) min gras Bondieu nan Kris te jouinn li (Romin 3:21-5:21). Kouayan konnin, tou, pou li fè Bondieu plezi nan vi-l, li depann de le Sintespri (6:1-8:39). Li asure ke Li paka pèdu salu li paske minm Dieu ki te chouazi e kinbe Izraèl lan indepandan de zèv li ap kinbe li pou sièl lan, tou, indepandan de zèv li (Romin 9:1-29). Bondieu mete Izraèl atè e Bondieu pran li (fidèl lan) se pa paske li pi bon ke ansyin pèp Bondieu-a min se sinpleman akoz atitud li anvè Kris, ki vledi, Izraèl te rejte Kris e travay Li an min, li-minm, li te chouazi resevoua Kris (Romin 10:1-21). Minm jan Bondieu mete Izraèl anba disiplín pou li repran plas li ankò nan gnou tan futu, konsa, tou, minm si Bondieu oblije disipline li, disiplín lan se toujou avèk intansion pou restore li (Romin 11:1-15). Plas Izraèl garanti paske li trase lign li nan zanzèt yo; minm jan, tou, plas kouayan asure paske li trase lign li nan Kris atravè travay Li an sou la koua (Romin 11:16-24).
Etan kouayan gingnin konesans de choz sa yo, apòt lan pa vle li panse li gin sajès etan li nan ignorans okouran mistè an ki konsène Izraèl. Andusman Izraèl pa gnou mistè konplèt paske Li te devouale nou sa nan Ansyin Testaman. Mistè an, se ke, pandan gnou pati nan pèp lan andusi, Bondieu t-ap fòme legliz lan, gnou intite ki konpoze a Jouif e payin, kote yo egal nan benediksion yo. Epi, tou, andusman sa-a ki anbrase gnou pati nan pèp lan ap dure juskaske gnou kantite payin Li te ‘chouazi’ rive jouinn salu an (Romin 11:25).
Izraèl ap kontinue nan inkredulite pandan tan gras lan, juskaske legliz lan konplete. Apre legliz lan pa sou tè-a ankò (1 Tesalonisyin 4:13-18), byin-ke Izraèl kòm gnou nasion ap kontinue nan inkredulite e y-ap toujou anba dominasion payin yo, Bondieu ap sèvi ak gnou restan pami yo nan travay levanjil lan pou jouinn tout rès payin Li te chouazi yo.
Apre sa, tan tribulasion an ap fini epi Kris ap retounin nan mòn Sion pou delivre Izraèl. Anti-Kris avèk lòt nasion yo k-ap avèk li ap tue gnou gran kantite nan yo. Tout Jouif k-ap vivan lè Kris retounin an ap kouri vín jouinn Li pou delivre yo anba lame Anti-Kris lan k-ap tou pre pou elimine yo konplètman. Nan moman sa-a, lè yo fas-a-fas ak Jezu, y-ap konprann ke Jezu yo te rejte an se Mesi yo t-ap tann lan epi y-ap tou konfie yo nan Li epi chak grinn Jouif ki vivan ap sove par la foua minm jan avèk nou (Ezai 59:20-21; Zakari 12:7-14; Romin 11:26-27). Kris ap etabli rouayòm milenè an epi Izraèl ap delivre anba dominasion gouvènman payin yo (Apokalips 20:3).
Nan tan prezan, dèske yo rejte Kris e travay Li an, ki se definision levanjil lan, yo pran plas gnou ènmi. Min okouran eleksion an, sèt-a-di, choua Bondieu de yo, nasion an se Cheri Bondieu parapò papa yo (Abraram, Izaak e Jakòb). Ak tout rebelion yo, Bondieu rete fidèl avèk yo ‘paske Bondieu pa’ regrete ‘kado avèk apèl li bay’ (Nonb 23:19; Romin 11:28-29).
Pa gin diferans antre payin an e Jouif yo an palan de levanjil lan. Lontan payin an te nan dezobeisans minm jan Jouif yo nan dezobeisans kounye-a. Choua yo pou rejte Kris te ouvè pòt lan pou payin an jouinn mizèrikòd. Konsa, tou, etan yo nan dezobeisans, Bondieu ap ofri yo minm mizèrikòd ke payin an jouinn lan lè Kris retounin. Li te gintan montre nou ke Bondieu ouè tout umanite anba peche (Romin 3:9-20) pou mizèrikòd Li an jouinn tout moun minm jan, ki vledi, deyò zèv, par gras, atravè pitie Li nan Kris (Romin 3:23-26). Pou rezon sa-a payin an pa gin doua mal regade Jouif yo ki nan inkredulite (Romin 11:30-32).
Apòt lan tèmine sujè justifikasion an (Romin 1:16-11:32) avèk gnou doksoloji (Romin 11:33-36). Li glorifie Bondieu pou fondè richès, sajès e sians (konesans) Li. Jujman Li (desizion Li) e rout Li (aksion Li) depase konpreansion lòm (Sòm 36:6; Jòb 11:7-9). Justifikasion lòm sitèlman konplekse, apre Li-Minm, kiyès ankò ki te ka planifie e rive konplete plan sa-a? Nou minm ki sove, n-ap pase tout etènite epi nou p-ap janm ka fín dekouvri fondè richès Li, sajès Li e konesans Li anvè nou (Romin 11:33).
Pa gin gnou moun ki t-ap janm konn sa-k te nan panse Bondieu si-L pa-t devouale nou sa. Epi, tou, pa gin gnou moun Li te konsulte lè-L t-ap planifie e mete plan Li ann-aksion (Ezai 40:14-15; Romin 11:34).
Bondieu nan tout travay Li pa-t mande kontribusion okinn moun (Jòb 41:11; Romin 11:35). Rezon ki fè Li pa-t mande moun kontribue se paske Li pa-t bezouin èd. Tout bagay ki egziste soti nan Li e yo tout se pou Li (1 Kronik 29:10-13). An fas tout travay Li yo anvè nou, sa nou ka fè se sèlman mande gloua pou Li pou tout etènite. Amèn (Romin 11:36).