Mision Kris pou pòte lavi etènèl pou lòm se gnou bagay reyèl. Lavi etènèl lan fè gnou vrè efè nan vi moun lan lè-l resevoua-l. Jan te montre nou ke gnou moun Kris bay lavi etènèl antre nan komunion avèk Bondieu (1 Jan 1:3) e gnou moun ki nan komunion avèk Bondieu paka kontinue mache nan fènoua peche. O kontrè, l-ap mache nan lumiè la justis Bondieu (1:6).
Ta sanble gnou erè nostik yo (anti-Kris yo) ki t-ap ansegne ke Jezu se pa Dieu an t-ap eseye fè pase, se ke, yo pa-t gin okinn peche nan vi yo (1 Jan 1:8). Jan fè nou konnin ke se tèt yo y-ap tronpe. Yo paka tronpe Bondieu paske Bondieu di nou ke ‘tout moun fè peche’ (Romin 3:23). Yo pa-p tronpe lòt moun paske tout moun ki posede gnou ti kras intelijans konnin nou tout gin peche. Min anti-Kris yo kapab pale konsa paske yo pa vrè Kretyin. Verite-a pa nan yo (1:8).
Lavi Kris bay Kretyin an anpeche li kontinue nan fènoua peche min se toujou gnou pechè li ye par natu. Lè nou konprann kijan peche vast, ke se pa sinpleman gro bagay yo tankou maji, asasinaj, kidnaping, gason-fanm, adultè, fònikasion, min se ògèy, tou, move-anvi, tripotay, pami anpil lòt, nou konprann ke Kretyin an ap toujou fè peche. Lè li fè peche, li doue konfese peche-l bay Bondieu paske Bondieu gin padon pou li nan Kris. San Kris lan ki te vèse an gin pouvoua pou padone tout peche.
Jan di nou ke Bondieu fidèl, ki vledi, Kretyin an kapab konte sou Bondieu pou-l jouinn padon. Bondieu pa sèlman gingnin gnou karaktè fidèl min Li gin gnou natu ki just. Lè Li padone peche gnou moun, se pa vag Li vag peche-l yo, non, min soufrans Kris lan te satisfè tout demand Li yo kont peche. Gnou pechè pèdu ki repanti e ki vín jouinn Li pou padon nan Kris; oubyin, gnou pitit Li ki te tonbe e ki konfese peche-l bay Bondieu; natu just Bondieu mande pou-L padone moun lan, pou-L ouete tout peche-l, pròpte-l e mete-l nan gnou kondision pou-l sèvi Kreatè-l (1:9).
Gnou moun ki di Li pa janm konmèt peche se gnou moun ki rele Bondieu gnou mantè paske tout kote nan Paròl lan, depi Adan te tonbe nan Edèn, Bondieu te toujou di nou ke lòm se pechè. Lavi Etènèl lan (Jezu) te tounin gnou Òm pou Li te kapab delivre lòm anba jujman Li pou peche e pou-L te kapab delivre li anba pouvoua peche. Gnou moun ki di li pa janm konmèt peche, non sèlman rele Bondieu gnou mantè, min Li fè konnin ke li kouè Kris te mouri an vin dèske se prezans peche nan mond lan ki te akoz Li vini. Gnou moun konsa paka gnou vrè pitit Bondieu. Li se gnou mantè e Paròl Bondieu pa nan li (1 Jan 1:10).