Sujè salu an konfuze anpil moun. Eksperians nou di nou ke anpil pastè, anpil diak, anpil profesè lekòl du Dimanch e anpil manb legliz pa konprann li.
Pi gran erè ki gingnin an se erè zèv lan. Gin sa ki mete zèv prèske konplètman kòm salu an. Inpe lòt mele zèv e lafoua ansanm pou gnou moun ka sove. Min Bib lan montre nou ke pa gin zèv nan salu an. Pou ou mete zèv lòm nan salu Bondieu an se gnou gran erè (Romin 3:10-26; 10:1-11; 11:6). Nou konnin zèv suiv salu an min salu an pa depann de zèv.
Min, erè nou vle parèt sou li an se gnou erè ki pa parèt kòm gnou erè minm. E sa nou pral di an ap deranje anpil moun.
Mande anpil moun relijie kòman gnou nanm pèdu ka sove, y-ap sinpleman di ou kouayans nan Bondieu. Ki vledi, depi ou kouè nan Bondieu, ou sove. Min, èske se konsa li ye vre?
Sonje, nan sèl Dieu-a, gingnin Papa-a, Pitit lan e le Sintespri.
Pèsonaj nan Dieu an ki te akonpli salu an se te Pitit lan, Jezu Kris. Se Li minm Papa-a te prezante bay lòm kòm salu an.
“Kant-a nou, nou te ouè e nou rann temouagnaj ke Papa a te voye Pitit la kòm Sovè lemonn”
(1 Jan 4:14)
Ou-ap jouinn sa tout kote nan Nouvo Testaman an.
Gade sa Simeon te di etan li te fikse zie li sou Jezu kòm gnou ti bebe uit-jou:
“A lè ki le, Segnè, ou kite sèvitè ou ale an pè, dapre paròl ou. Paske je mouin ouè salu ou la, salu ou te prepare devan tout pèp yo”
(Luk 2:29-31)
Gingnin lòt ankò.
Fò nou klè de sa.
Se avèk levanjil lan Bondieu sove lòm paske levanjil lan se sèl puisans Bondieu pou sove lòm (Romin 1:16).
Pou rezon sa, nou bezouin konnin kisa levanjil lan ye.
Levanjil lan se bon nouvèl venu, soufrans, lanmò e rezureksion Kris lan (1 Korintyin 15:3-4).
Kite nou repete sa ankò. Levanjil lan se puisans Bondieu pou sove lòm. Epi, levanjil lan se Kris e travay Li an sou la koua. Sa vledi, sa ki sove nou, se Kris e travay Li an. Moun lan Bondieu ban nou ki ka sove nou an se Kris.
Nou konn moun ki ka pale de bonte Bondieu nan vi yo nan tout fason. Y-ap pale ou de proteksion Li nan vi yo, jan Li fè provizion pou yo. Epi, anpil foua, nou kouè yo. Min, mande yo kisa levanjil lan ye, yo paka di ou.
Minm moun sa yo, ou ta mande yo kòman yo panse yo pral rantre nan sièl lan, y-ap pale ou de la foua yo nan Bondieu, travay y-ap fè pou Bondieu, batèm yo, zèv yo e anpil lòt bagay. Par chans, yo ka di gnou mo de Kris ki te mouri pou peche an. Min li vini klè lè y-ap pale an ke Kris se pa vrè salu nanm yo.
Min, Kris di sa klè ke Li se rout sièl lan (Jan 14:6).
Kris di gnou moun sove moman moun lan repanti e moun lan kouè nan Li (Jan 3:16).
Pou salu nanm nou, nou pa gin angnin plus ke sa, e nou paka ouete angnin ladann.
Oui. Bondieu se Sovè an. Sa klè nan Ansyin an e nan Nouvo Testaman.
MIN Pèsonaj nan trinite-a Bondieu di ki te fè travay salu an e nou doue resevoua pou nou sove an se Pitit Li an.
Si ou pa gin gnou jou nan vi ou lè ou te konprann peche ou t-ap minnin ou nan lanfè, si ou pa gin gnou jou ou te konprann (e aksepte) ke Kris te mouri pou ou e ou te kòmanse depann sou Li pou salu nanm ou, zanmi nou, ou reyèlman nan danje lanfè. Li pa fè okinn diferans si ou panse ke ou kouè nan Bondieu. Ou ka batize, manb legliz, prie chak jou, lir Bib ou, fè jèn, minnin gnou vi pròp. Tout sa yo se bon bagay. Kontinue fè yo. Min ou ka fè tout bagay sa yo, min bagay sa yo paka janm ouete peche ou yo e bagay sa yo pa kontribue angnin nan salu nanm ou.
Pou ou sove e gin asurans ke ou sove, fò ou sonje gnou jou, gnou moman nan vi ou lè ou te rekonèt peche ou e ou te kouè nan Kris (nan kè ou) kòm Sovè pèsonèl ou. San jou sa, ou nan gnou gran danje. Danje sa se danje lanfè e letan dufe a etènèlman.
"Kouè nan le Segnè Jezu e ou va sove”
(Travay 16:31)