Kretyin an se gnou moun ki posede lavi etènèl nan Kris. Obeisans li anvè Kris, pèseverans li nan doktrín lan ke Jezu Kris se Bondieu, e lanmou Bondieu nan vi li se prèv ke li se gnou vrè Kretyin. Min apòt Jan revele nou ke pouvoua ki bay frui sa yo se le Sintespri (1 Jan 4:13).
Lespri Bondieu an travay nan kè gnou moun pou fè-l konprann peche li e pou-L konvink li de jujman k-ap vini akoz peche li yo. Depi moun lan obei lumiè an konsène peche-l e jujman Bondieu akoz peche-l yo, le Sintespri ap ouvri zie-l pou-l konprann ke Kris ofri gnou justis gratis atravè soufrans e lanmò Li sou la koua (Jan 16:8-11). Moun lan rive posede lavi etènèl lè-l mete konfians li nan Kris pou padon peche-l yo e pou salu nanm li.
Premie prèv ke moun lan posede lavi etènèl se obeisans li anvè temouagnaj apòt yo ke Jezu se Pitit lan ke Papa-a te voye nan mond lan kòm Sovè an (1 Jan 1:1-4; 4:14). Vrè Kretyin an resevoua verite sa-a nan nanm li epi, lè-l jouinn opòtunite an, l-ap deklare ouvètman ke Jezu Kris se Bondieu. Temouagnaj sa-a devouale nou ke moun sa demere nan Bondieu e Bondieu demere nan li (1 Jan 4: 14-15).
Deklarasion ouvèt lan ke Jezu se Pitit Bondieu-a se premie manifestasion le Sintespri nan salu an min, etan paròl lan trèz-inpòtan, temouagnaj lan pa doue rete nan paròl. Le Sintespri bay temouagnaj min li bay gnou frui ki pi vizib, tou, nan lanmou, ki vledi, vrè Kretyin an rete fèm nan doktrín lan e li demere nan lanmou osi paske Bondieu se Lanmou (1 Jan 4:16).