Justifikasion kouayan ki gingnin Kris par la foua fín regle (Romin Ch.1-8). Epi, tou, nou sot ouè ke Jouif lan ki te posede verite an pou plus ke mil-sink-san ane avan Kris te inkane an te echoue, byin ke Bondieu te prepare li pou venu Kris lan. Si levanjil lan te bon vre, gnou moun ka konklu, tout Jouif ta doue resevoua li paske yo posede verite an, promès yo, alians yo, zanzèt yo e gnou istoua ki anrichi ak prezans Bondieu. Pou pi piti, Bondieu ta doue gintan ouè atitud yo anvè Pitit Li an pou-L te ka evite dezas sa-a, kote pròp pèp Li an te rive mande payin inpròp yo pou yo krusifie Kris, Pitit Li an. Èske se konnin Bondieu pa-t konnin?
Apòt lan pral montre nou Bondieu te gintan konn sa t-ap rive.
Jouif yo mete anpil inpòtans sou eritaj yo nan Abraram etan Bondieu Li-Minm te toujou mete inpòtans lan sou eritaj espirituèl lan, se pa sou naturèl lan.
Pou-l prouve nou priorite espirituèl lan sou naturèl lan, apòt lan antre nan Jenèz avèk nou. Abraram te gintan gingnin gnou gason douzan ki te rele Izmaèl avan Izaak te fèt (Jenèz 16:15-16). Bondieu te rejte Izmaèl e Li te promèt Abraram e Sara Izaak (Jenèz 17:19, 21, 26). Tou-le-de gason yo se te pitit Abraram par san min Bondieu te mete gnou separasion antre Izaak e Izmaèl atravè promès, ki vledi, Abraram te kreye Izmaèl naturèlman min Bondieu te bay Abraram Izaak supènaturèlman par promès paske Sara a laj katrevin-diz-an e Abraram a laj san-tan pa-t kapab anfante timoun. Se promès e pouvoua Bondieu ki te ka fè sa pou yo. Dèske ti mesie yo gin minm papa, se promès lan ki distinge antre yo, ki prezante gnoun kòm pèp Bondieu e ki rejte lòt lan kòm pèp Bondieu.
Gnou Jouif k-ap suiv diskou an kapab dakò ke istoua Izaak e Izmaèl montre ke se pa sufi pou gnou Jouif sinpleman trase lign li a Abraram paske si distinksion an se te sa sèlman, desandan Izmaèl yo t-ap pèp Bondieu, tou, min Bib lan pa rekonèt yo kòm pèp Li.
Min gnou moun kapab di, tout vrè Jouif se desandan Izaak e Izaak se te pitit promès lan. Pou rezon sa-a, tout Jouif se pitit promès lan. Apòt lan reponn ‘non’ paske Izaak te gin de gason, Ezau e Jakòb. Avan timoun yo te fèt, Bondieu te rejte Ezau e Li te chouazi Jakòb. Si lignaj lan te trase sinpleman naturèlman, sèt-a-di, tout moun ki gran pitit Abraram, ki gin Izaak kòm papa, se pèp Bondieu-a, Ezau e desandan li yo (ki se nasion Edon) t-ap nasion Bondieu, tou, min Bondieu rejte Ezau ak desandan li yo e Li chouazi Jakòb ak douz gason li yo, ki papa douz trib yo, ki fòme nasion Izraèl lan. Distinksion an antre Jakòb e Ezau pi fò pase distinksion an antre Izaak e Izmaèl paske Bondieu di
“Mouin rinmin Jakòb e mouin rayi Ezau” (Malachi 1:2-3)
Bondieu rejte naturèl lan e li chouazi espirituèl lan, ki vledi, tout moun ki sèlman desandan Abraram par la chè pa-t janm pèp Li espirituèlman. Oui, yo pèp Li naturèlman e sa pote anpil benedision pou yo, ke apòt lan gintan site (Romin 9:3-5), min yo pa pèp Bondieu espirituèlman. Promès Bondieu yo anvè zanzèt Jouif yo te toujou gingnin Kris kòm akonplisman. Nou kapab di tout Jouif nan tout tan ki te jouinn eritaj pa yo nan promès Bondieu yo te gnou pèp la foua tankou Abraram. Yo te vrè pèp Bondieu. Tout Jouif, o kontrè, ki te sinpleman satisfè ak idantite naturèl yo te joui benefis naturèl lan sèlman. Apre lanmò, yo te (e y-ap) pèdu. Li te konsa depi nan tan Abraram, Izaak, Jakòb a kontinue, rive nan tan Kris ak disip yo. Jouif yo ki te rejte Kris e ki te mande payin yo krusifikasion Li te desandan Abraram e, nan sans sa-a, naturèlman, yo te pèp Bondieu, min yo pa-t pèp Bondieu espirituèlman. Verite an ke majorite pèp lan rejte levanjil lan ki prezante Jezu kòm Kris lan nan tan lèt Romin an t-ap ekri an pa gnou supriz pou Bondieu. Li te gintan konnin sa e lè nou lir tèks yo nan Jenèz ak anpil presizion, nou ouè Li te gintan avètize nou posiblite an.