Ekrivin an te montre nou ke lòm, kòm gnou pechè (1:18-3:20), merite kolè Bondieu (1:18). Sèl espoua li se justifikasion Bondieu-a nan Kris (1:16-17, 3:21-31). Bondieu ofri justikasion sa-a par gras atravè la foua, deyò zèv. Abraram e David kanpe avèk apòt lan pou temouagne ke se fason sa-a Bondieu te toujou sove lòm (4:1-25).
Kouayan te anba kolè Bondieu akoz peche min, legalman, gras Bondieu an te retire peche li nan Kris, ki vledi, li te delivre anba jujman. Kounye-a, kouayan gin la pè avèk Bondieu (5:1).
Le Sintespri prezante nou kouayan andedan benediksion sa-a nan Kris (5:1-11).
Kris kòm Segnè kouayan, nan salu an, te fè-l antre nan pozision sa-a, ke apòt lan rele gnou gras, ki ba li koz pou rejouisman (5:2).
Anndan gras lan, kouayan ap rejoui nan esperans la gloua Bondieu. Gloua sa-a signifie promès Bondieu anvè Kretyin an konsènan futu li nan rouayòm Kris lan—nan milenè an e nan nouvo tè an e nouvo sièl yo (Apokalips 20:3, 21:1).
Ann-atandan, minm ‘afliksion’ pou Kris pote gnou joua pou Kretyin an paske gingnin benediksion ladann pou li puiske ‘afliksion jodi an’ ke Bondieu ede-l supòte ba-l ‘pasians’ pou-l andure nouvo afliksion k-ap vini demin. Epi ‘pasians’ ap akòde li ‘karaktè fidèl’, ki signifie, ‘eksperians’ nan vi Kretyin an. Kouayan ki gin ‘eksperians’ devlope ‘espererans’, ki vledi, li aprann mete espoua li nan Bondieu pou ‘supò’ e ‘delivrans’ nan ninpòt situasion li trouve li (5:3-4).
Gnou fo Kretyin paka imite vètu sa yo pou de rezon: Kretyin an, premieman, kapab supòte, grandi e rejoui nan difikulte paske li gin lanmou Bondieu nan kè-l. Soufrans Kris yo sou la koua pou delivre li konvink kouayan ke Bondieu rinmin-l epi kouayan, akoz salu an, kapab rinmin Bondieu an retou. Min soufrans Kris yo, o fon, pa gin valè nan zie gnou infidèl, ki vledi, lanmou Kris lan se pa motivasion lavi li.
Infidèl lan paka imite vètu sa yo, dezièmman, paske vètu sa yo nan Kretyin an fonde nan lanmou Bondieu ki soti nan le Sintespri, ke kouayan te resevoua lè-l te jouinn justis lan nan Kris. Infidèl lan pa sove e-l pa posede le Sintespri, ki se sous vètu sa yo (5:5).
Le Sintespri sonje Kretyin an kote-l te soti e kòman-l fè rive kote-l ye a (5:6-8). Epi, tou, Lespri an montre kouayan sous asurans li (5:9-11).
Kouayan pa-t gin okinn fòs pou retire peche li e pou delivre tèt li anba kolè Bondieu an ki te pandie sou li. Pa-t gin gnou amitie nan kè li pou Bondieu paske, kòm gnou rebèl, li te derespekte Bondieu avèk peche li yo. Min Bondieu pa-t voye li amiliore tèt li avan-L te sove-l. Se pandan li t-ap derespekte Bondieu ke Kris te mouri nan plas li. Gnou moun ki just nan zie (e selon justis) lòm pa-p fasil jouinn gnou lòt moun mouri pou li poutèt justis li. Òm-de-byin an, akoz afeksion e respè ke lèzòt gingnin pou li—petèt—kapab jouinn gnou moun dakò mouri pou li (5:6).
Lanmou Bondieu diferan avèk lanmou lòm paske Li te montre lanmou-L anvè nou etan nou te nan peche, ki vledi, nou te ènmi avè-L. Li te voye Kris, Pitit Li an, mouri pou nou pandan nou te toujou nan eta deplorab sa (5: 7-8).
Salu Bondieu an pote asurans pou kouayan. Bondieu te sove li avèk san Kris. Kounye-a li nan Kris, pa doue gin okinn kesion de delivrans li anba kolè Bondieu k-ap vini an paske pa gin jujman pou gnou Kretyin ankò (5:9; Jan 3:18). Pou moun k-ap mande esi Kretyin an ta bute, apòt lan montre, etan kouayan te ènmi avèk Bondieu, lè-l te merite jujman, Bondieu te voye Kris mouri nan plas li pou sove li. Inbin, lanmò Kris lan pou li efikas paske Bondieu te rekonsilie li nan Kris, ki vledi, Li te konvèti kouayan soti ènmi vini gnou zanmi. Lojikman, byin ke kapab toujou gin erè ki mande koreksion Bondieu nan vi li, Kretyin an paka janm ènmi Bondieu ankò. Epi minm jan nan lanmò-L Kris te sove kouayan kont kolè Bondieu etènèlman, nan rezureksion Li, atravè le Sintespri, Kris ap supòte kouayan konsènan pouvoua peche pou ede-l viv nan sanktifikasion (5:10).
Kretyin an pa gin rezon pou-l pè kolè Bondieu paske li te jouinn rekonsiliasion an nan Kris. Li se gnou zanmi Bondieu e pa gin angnin ki ka chanje sa. Prezans Bondieu pa mete-l nan perèz. O kontrè, prezans Bondieu akòde kouayan rejouisman (5:11).