Konesans e konfians ke Jezu Kris, Pitit Bondieu-a, te vèse san-L pou peche bay lòm lavi etènèl. Lavi Kris lan ouete kouayan nan fènoua peche e-l mete-l nan lumiè Justis Bondieu an (1 Jan 1:5-7). Jan ede nou konpran ke lavi etènèl (padon etènèl) pa bay kouayan lisans pou-l viv nan peche. Lavi etènèl se gnou libète pou Kretyin an pratike Paròl e kòmandman Kris yo paske kouayan an posede le Sintespri (1 Jan 2:1-6).
Min, apre salu an, Bondieu pa retire volonte Kretyin an. Minm si obeisans anvè Bondieu se gnou obligasion, an minm tan, se gnou choua li ye. Pou Kretyin an chouazi lumiè Bondieu an devan fènoua Satan, sa-a mande inpe motivasion.
Kretyin an doue demere nan lumiè Bondieu an (viv douat) akoz bonte Bondieu anvè li: avan-l te konn Kris, kouayan te gnou rebèl ki te nan rout lanfè akoz peche-l yo. Kris te pran li, mete-l nan fanmi Bondieu, pa kòm gnou sèvitè, min kòm gnou pitit. Mond lan pa rekonèt idantite rouayal li paske mond lan pa konn Bondieu min, selon Bondieu, kouayan an se pitit Li. Idantite Kretyin an kòm gnou pitit Bondieu pa vizib pou le moman, min nan retou Kris lan, nan Anlèvman Fidèl yo, Kretyin an gin pou-l transfòme, pou-l vín vizibman glorie, tankou Kris nan rezureksion Li. Gnou moun ki gin promès e espoua sa yo paka pa gin motivasion pou-l pousib purifikasion e la justis Bondieu (1 Jan 3:1-3).
Kretyin an paka chouazi pousib peche paske se rebelion kont Paròl (e la loua) Bondieu ke peche ye, e Kris te vini pou Li te ouete (detri) peche. Apre salu an, si Kretyin an ta chouazi pousib peche, desizion sa-a t-ap mete li an fas travay Kris lan (1 Jan 3:4-5).
Pou rezon sa-a, gnou vrè Kretyin paka demere nan peche. Moun ki pran plas gnou Kretyin ki demere nan peche pa-t janm ouè Kris par la foua, ki vledi, li pa konn Kris kòm Sovè pèsonèl li (1 Jan 2:6).
Nou pa doue kite moun pote nou ale ak bèl paròl. Pami tout moun ki gin langaj Kretyin, ki pran plas gnou kouayan, gin sèlman de kan: se kan vrè pitit Bondieu yo e kan pitit Satan yo (fo Kretyin yo). Gnou vrè kouayan ap pratike la justis: l-ap evite fè peche, e si-l ta tonbe, l-ap leve kanpe ankò (1 Jan 1:8; 2:1). Vrè Kretyin an rinmin Bondieu (2:5). Li rinmin Jezu Kris e Paròl Li yo (2:3). L-ap obei kòmandman Kris lan ki òdonè lanmou pou pitit Bondieu yo (2:9-10).
Moun lan ki pran plas gnou Kretyin k-ap pratike peche se gnou mantè (1 Jan 1:6, 2:4, 2:11, 2:16). Li konprann lavi etènèl Kris lan, kòman gnou moun kapab sove, ki soufrans Kris te subi pou-L t-achte salu an min li chouazi rejte salu Kris lan. Moun sa-a fè espre tronpe Kretyin yo pou yo resevoua li kòm gnou Kretyin pou-l fè dega pami yo. Fo Kretyin sa-a, nan mansonj li e nan desizion li pou-l demere nan peche, ap imite Satan. Li se pitit Satan. Aksion li otomatikman mete li an fas Kris ki gin mision pou detri diab lan e zèv li yo (1 Jan 3:7-8).
Jan devouale nou Kiyès ki motive Kretyin an pou-l pa fè peche. Simans Bondieu an (le Sintespri) ap viv nan kè li pou ba li dezi an pou li fè sa ki just, rinmin frè li, e ede li evite peche. Gnou moun ki pa posede lavi etènèl pa gin pouvoua sa-a nan li (1 Jan 2:9-10).
Gnou moun ki pa sove pa otomatikman pitit diab lan pou sa. Li nan domèn satan, li anba pouvoua peche e li nan danje lanfè, min li pa pitit Satan. Li kapab chita pami pitit Bondieu yo, tande Paròl Bondieu e devni gnou Kretyin par la foua nan Kris. Min li pa doue pran plas gnou Kretyin lè-l konnin li pa sa vre. Li doue aksepte sa li ye. Moun lan devni pitit diab lan lè li konnin li pa sove epi li pretann ke li se gnou Kretyin. Moun sa-a se gnou zam nan min Satan ki antre pou fè dega. Li se pitit diab lan.